Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 120-127

120 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen.

Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun.

Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?

Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen?

¶ Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda.

Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze!

Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

121 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?

Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.

Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.

Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.

Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.

L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

122 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala kontan mwen te kontan lè yo di m': -Ann ale lakay Seyè a.

Koulye a, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.

Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.

Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.

Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.

¶ Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.

Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.

Poutèt fanmi m' yo ak zanmi m' yo, m'ap di: -Benediksyon Bondye sou lavil la!

Poutèt kay Seyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.

123 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.

Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m'ap gade sou Seyè a, Bondye nou an, jouk l'a gen pitye pou nou.

Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.

Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz. Moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.

124 ¶ Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa.

Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an,

yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an.

Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou.

Wi, lavalas ta pote nou ale.

¶ Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.

Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.

Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.

125 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l', yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.

Menm jan mòn sou rebò lavil Jerizalèm yo pwoteje lavil la, se konsa Seyè a ap pwoteje pèp li a depi koulye a ak pou tout tan.

Non. Mechan yo p'ap gouvènen pou tout tan sou peyi ki pou moun k'ap mache dwat yo. Si se pa sa, moun k'ap mache dwat yo ka rive fè sa ki mal.

¶ Seyè, aji byen avèk moun k'ap fè byen, avèk moun k'ap mennen yon lavi san repwòch.

Men, kanta pou moun ki vire do ba ou yo pou swiv chemen kwochi, se pou ou disparèt yo ansanm ak tout moun k'ap fè mechanste. Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la.

126 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre!

Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!

Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

¶ Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

127 ¶ Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.

Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.

Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.

Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.

Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.

Jij 18:1-15

18 ¶ Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Lè sa a, moun branch fanmi Dann yo t'ap chache yon pòsyon tè nan peyi a pou yo rete, paske depi tout tan sa a, nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pa t' ankò resevwa pòsyon pa yo a.

Moun Dann yo chwazi senk vanyan gason ki gen lespri nan branch fanmi yo, moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo voye yo al vizite tout peyi a pou wè ki jan sa ye. Se konsa, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive toupre lakay Mika, yo rete pase lannwit lan la.

Antan yo te la bò kay Mika a, yo rekonèt vwa jenn moun Levi a. Yo pwoche, yo mande l': -Ki moun ki mennen ou isit la? Sa w'ap fè isit la? Kisa ou pèdi isit la?

Li reponn yo: -Mwen gen yon dizon ak Mika, l'ap peye m', epi m'ap sèvi l' prèt.

Yo di l' konsa: -Tanpri, mande Bondye si n'ap jwenn sa n'ap chache nan vwayaj nou an.

Prèt la di yo: -Nou pa bezwen pè. Seyè a ap voye je sou nou pandan tout vwayaj la.

¶ Senk mesye yo ale, yo rive lavil layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pa t' nan kont ak pesonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo.

Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè.

Yo reponn: -Nou wè peyi a. Li bon anpil. Pa rete isit la bra kwaze ap gade. Prese non! Ann moute al pran peyi a pou nou.

10 Lè n'a rive, n'a jwenn yon bann moun ki p'ap sispèk anyen. Peyi a laj anpil. Se Bondye menm ki ban nou peyi a. Se kote n'ap jwenn tou sa nou ka bezwen.

11 Se konsa sisan (600) gason nan branch fanmi Dann lan, yo tout moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo chak ak zam nan men yo, yo pati al goumen.

12 Yo moute, yo rete toupre lavil Kiriyat-Jearim, nan peyi Jida sou bò solèy kouche. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele kote sa a Kan moun Dann yo.

13 Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive bò kay Mika a.

14 ¶ Lè sa a, senk mesye yo te voye al vizite peyi ki nan vwazinaj lavil layis la di lòt moun ki te avèk yo konsa: -Eske nou konnen, nan yonn nan kay sa yo gen yon estati ansanm ak lòt zidòl wogatwa? Gen yon estati an bwa ki kouvri ak ajan tou. Kisa nou kwè nou ta fè la a?

15 Yo fè yon ti chankre, yo antre lakay Mika, kote jenn moun fanmi Levi a te rete a. Yo mande l' nouvèl li.

Travay 8:1-13

¶ Sòl menm te dakò pou yo te touye Etyèn. Menm jou sa a, yo kòmanse pèsekite legliz Jerizalèm lan anpil. Tout disip yo gaye kò yo nan peyi Jide ak nan peyi Samari. Se apòt yo sèlman ki te rete Jerizalèm.

Kèk moun ki renmen Bondye te antere Etyèn, yo te kriye anpil pou li.

Sòl menm te soti pou l' fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon.

¶ Disip ki te gaye nan peyi a t'ap anonse bon nouvèl la toupatou.

Se konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la li tanmen pale sou Kris la bay moun yo.

Foul moun yo mete tèt yo ansanm, yo t'ap swiv sa Filip t'ap di yo: yo t'ap koute l', yo t'ap wè mirak li t'ap fè.

Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo soti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou.

Se konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.

Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg.

10 Tout moun, piti kou gran, t'ap swiv tou sa li t'ap fè. Yo t'ap di: Nonm sa a gen pouvwa Bondye, sa yo rele gwo pouvwa a, nan tèt li.

11 Se konsa yo t'ap swiv tou sa li t'ap fè paske depi lontan yo te egare devan maji l' yo.

12 Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm.

13 Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.

Jan 5:30-47

30 Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.

31 ¶ Si m' pale tèt mwen byen, moun pa ka asepte sa m'ap di a pou verite.

32 Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite.

33 Nou te voye moun bò kot Jan. Li te di nou verite a jan l' ye a.

34 Mwen menm poutèt pa m', mwen pa bezwen pesonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove.

35 Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a.

36 Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m' ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m' ban m' fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen.

37 Papa ki voye m' lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l', ni nou pa janm wè figi li.

38 Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a.

39 N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.

40 Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.

41 Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm.

42 Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou.

43 Se Papa m' ki voye mwen. Men, nou pa vle resevwa mwen. Men, kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa li.

44 Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa a, ki jan pou nou kwè?

45 Pa mete nan tèt nou mwen pral akize nou devan Papa mwen. Se Moyiz ki pral akize nou, Moyiz nou di ki tout espwa nou an.

46 Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske li ekri sou mwen tou.

47 Men, nou pa kwè nan sa l' te ekri a. Ki jan pou n' ta fè kwè sa m'ap di nou an?