Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 70-71

70 ¶ (70:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (70:2) Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè!

(70:3) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.

(70:4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.

(70:5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa!

(70:6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè!

71 ¶ Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont!

Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou!

Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen.

Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo.

Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason.

Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.

Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou.

Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.

Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'.

10 Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'.

11 Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'.

12 Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou.

13 Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.

14 ¶ M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

15 M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.

16 Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa.

17 Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo.

18 Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,

19 jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou!

20 Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a.

21 W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò.

22 Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la.

23 M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'.

24 Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.

Sòm 74

74 ¶ Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?

Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!

vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.

Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.

Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.

Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato.

Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè.

Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!

Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.

10 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?

11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?

12 ¶ Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.

13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.

14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'.

15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.

16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.

17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.

18 ¶ Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!

19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.

20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.

21 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.

22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!

23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.

Jenèz 42:29-38

29 ¶ Lè yo rive kay Jakòb, papa yo, nan peyi Kanaran, yo rakonte l' tout sa ki te pase. Yo di l':

30 -Nèg k'ap gouvènen peyi a pale rèd ak nou. Li pran nou pou espyon.

31 Nou di l' nou p'ap ba l' manti, se pa espyon nou ye.

32 Se douz frè nou ye, pitit yon sèl papa. Yonn nan nou disparèt, dènye a rete ak papa nou nan peyi Kanaran.

33 Men chèf peyi a di nou: Men ki jan m'ap konnen si nou p'ap ban m' manti: Kite yonn nan frè nou yo isit la avèk mwen. Pran sa nou bezwen pou fanmi nou. Nou mèt ale. Mennen lòt ti frè nou an ban mwen.

34 Lè sa a, m'a konnen se pa espyon nou ye, nou pa t'ap ban m' manti. m'a renmèt nou frè nou an. m'a kite nou trafike nan peyi a.

35 Lè yo vide sak yo, chak moun jwenn ti sakit lajan li te bay la nan bouch sak li ankò. Lè yo wè sa, yon sèl lapè pran yo ansanm ak papa yo.

36 Lè sa a Jakòb, papa yo, di: -N'ap wete tout pitit mwen yo nan men m'. Jozèf disparèt, Simeyon pa la ankò. Koulye a, nou vle pran m' Benjamen. Se mwen menm k'ap pote tout chaj la.

37 Woubenn di papa l' konsa: -Papa, ou mèt touye de pitit gason m' yo, si m' pa mennen Benjamen tounen ba ou. Ou mèt renmèt mwen li nan men, m'ap mennen l' tounen ba ou.

38 Men Jakòb te di: -Pitit gason m' lan p'ap fè yon pa. Frè li a fin mouri. Se li menm sèl ki rete nan pitit manman l' yo. Si pou yon malè ta rive l' nan vwayaj nou pral fè a, m'a mouri. Mwen fin granmoun, lapenn sa a va twòp pou mwen, la fin pote m' ale.

1 Korint 6:12-20

12 ¶ Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gen dwa fè tout bagay. Wi, ou gen dwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gen dwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m' tounen esklav li, li te mèt sa l' te ye.

13 Nou di tou: Manje fèt pou vant, vant fèt pou manje. Se vre. Men, Bondye ap detwi ni yonn ni lòt. Kò moun pa fèt pou dezòd lachè. Se pou Seyè a li ye, Seyè a se pou kò a li ye.

14 Bondye te fè Seyè a leve soti vivan nan lanmò. La fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li.

15 Nou konnen, pa vre, kò nou se manm kò Kris la. Eske mwen ka pran yon mann kò Kris la pou m' fè l' tounen yon manm kò yon fanm k'ap fè jennès? Pa posib!

16 Eske nou pa konn sa: yon nonm ki mete kò l' ak yon fanm ki nan jennès, li fè yon sèl kò avèk li. Se sa Liv la di: yo tou de va fè yon sèl kò.

17 Men, moun ki mete l' avèk Seyè a, li fè yon sèl lespri avèk li.

18 Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l' anyen. Men, moun ki lage kò l' nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li.

19 Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò.

20 Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

Mak 4:21-34

21 ¶ Apre sa, li di yo ankò: -Yo pa limen yon lanp pou yo mete l' anba yon mamit osinon anba yon kabann, pa vre? Eske se pa sou yon etajè pou yo mete li?

22 Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale yon jou. Konsa tou, nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon lè.

23 Si nou gen zòrèy poun tande, tande.

24 Li di yo toujou: -Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l' sou li.

25 Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' ata ti sa l' te genyen an.

26 Li di yo ankò: -Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li.

27 Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l' pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi.

28 Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou kòmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la.

29 Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l', paske sezon rekòt la rive.

30 Li di yo ankò: -Kisa m' ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye?

31 Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l', se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè.

32 Men, lè ou fin simen l', li pran grandi: li depase tout plant menm kalite avè l', li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbraj yo.

33 Se avèk anpil parabòl konsa li t'ap ba yo mesaj li a. Li te fè l' yon jan pou yo tout te ka konprann li.

34 Li pa t' louvri bouch li pou l' pa t' rakonte yo yon parabòl. Men, lè l' te pou kont li avèk disip li yo, li te esplike yo tout bagay.