Book of Common Prayer
Kw yon fi k ap akouche ak dragon an
12 Lè sa a, yon gwo siy parèt nan syèl la: Yon fi ki abiye ak solèy la, epi lalin nan te anba pye l. Li te gen yon kouwòn ki fèt ak douz zetwal sou tèt li. 2 Li te ansent epi li t ap kriye ak doulè, paske lè pou l akouche a te rive.
3 Epi gen yon lòt siy ki parèt nan syèl la: Yon gwo dragon tou wouj parèt. Li te gen sèt tèt ak dis kòn epi li te gen yon kouwòn sou chak tèt. Epi li te gen dis kòn. 4 Li ranmase yon tyè nan zetwal ki nan syèl la voye sou latè ak ke li. Dragon an kanpe devan fi k ap akouche a pou l devore bebe a touswit apre akouchman an.
5 Fi a fè yon pitit gason ki dwe gouvène tout nasyon sou latè ak yon baton an fè. Epi pitit la tou leve monte nan syèl al jwenn Bondye, kote twòn li ye. 6 Fi a menm kouri al nan dezè a, l al nan yon plas ki te tou pare pou li. Nan plas sa a, l ap jwenn swen pou 1,260 jou.
7 Lè sa a, te gen yon batay nan syèl la. Michèl[a] ak anj li yo t ap goumen ak dragon an, epi dragon an menm, ak anj pa l yo, t ap goumen kont yo. 8 Men yo pa t gen plis fòs, konsa pa t gen plas pou yo nan syèl la ankò. 9 Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.
10 Apre sa, m tande yon vwa nan syèl la k ap di byen fò:
“Kounye a, jou delivrans lan rive,
jou puisans Bondye a,
jou reny Bondye a
ansanm ak pouvwa Kris li a,
paske akizatè frè ak sè nou yo
ranvèse anba.
Se li menm ki te konn akize yo
devan Bondye lajounen kou lannuit.
16 Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, konsa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl. 17 Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn. 18 Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a. 19 Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè[a] a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal. 20 Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè. 21 Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International