Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 5-6' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 10-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Amòs 3:1-11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Pyè 1:12-21

12 Se poutèt sa m vle fè n toujou sonje bagay sa yo. Se bagay nou konnen deja, nou toujou rete fèm nan verite nou te resevwa a. 13 Pandan m ap viv sou tè sa a toujou, m kwè se jis pou fè n toujou sonje bagay sa yo. 14 M konnen m pa lwen mouri. Jezikris, Senyè nou an, te fè m konn sa. 15 Men apre m fin pati, m ap fè tout sa m kapab, pou n toujou sonje ansèyman m yo.

Nou te wè laglwa Kris la

16 Paske, lè n ap pale sou pouvwa Jezikris genyen epi lè n di l ap retounen, nou pa rakonte istwa ki pa verite a, bagay moun envante ak pwòp entèlijans yo non! Se wè nou wè grandè li menm ak de grenn je nou. 17 Jezi te resevwa onè ak laglwa ki soti kote Bondye, Papa a. Lè sa a, li te tande vwa Bondye ki gen grandè ak laglwa a ki te di: “Sa a se Pitit Gason mwen, Pitit mwen renmen an. Se li menm ki fè kè m kontan anpil.” 18 Epi nou te tande vwa a. Vwa a te soti nan syèl la, lè n te ansanm ak Jezi sou Mòn ki apa pou Bondye a.[a]

19 Sa fè n vin gen plis konfyans nan pawòl pwofèt yo. Nou byen fè, lè n bay pwofesi yo anpil enpòtans. Yo tankou yon lanp k ap klere yon kote ki fè nwa, jouk li prèske jou, tankou lè zetwal bajou kase a pote plis limyè nan kè nou. 20 Sa ki pi enpòtan, se pou n konnen pa gen okenn pwofesi nan Bib la yon pwofèt ka bay ak pwòp konpreyansyon l. 21 Paske, pa gen okenn pwofesi ki soti nan sa yon pwofèt te anvi di. Men se Sentespri Bondye ki pouse moun bay mesaj ki soti nan Bondye.

Matye 21:12-22

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

12 Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 13 Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè.(A) Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”(B)

14 Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15 Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:

16 “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”

Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:

Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
    yo fè louanj ou.(C)

Èske w pa li sa nan Bib la?”

17 Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.

Jezi modi yon pye fig

(Mak 11:12-14, 20-24)

18 Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou. 19 Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèk.

20 Disip Jezi yo te sezi pou wè sa k pase a. Yo mande Jezi: “Ki jan pye fig la fè sèk vit konsa?”

21 Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. 22 Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International