Book of Common Prayer
14 kote nou jwenn plizyè kretyen ki mande nou pou n rete pase sèt jou avèk yo. Se kon sa nou te rive lavil Wòm. 15 Frè ak sè yo nan lavil Wòm te tande pale de nou epi yo te soti pou vin rankontre nou nan yon mache ki nan zòn Apiyis[a] ak Twa Otèl.[b] Lè Pòl te wè kretyen sa yo, li remèsye Bondye epi li te santi l ankouraje.
Pòl nan lavil Wòm
16 Lè nou rive lavil Wòm, yo te bay Pòl pèmisyon pou l te viv pou kont li. Men te gen yon sòlda ki te dwe rete avè l pou siveye l.
17 Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo. 18 Mesye yo te poze m anpil kesyon, men yo pa t jwenn yon rezon valab pou touye m, konsa, yo te vle lage m. 19 Men Jwif yo pa t dakò sa. Konsa mwen mande pou m vini Wòm pou plede koz mwen devan Seza. Sa pa vle di m ap akize pèp mwen an kòm si yo ta fè move bagay. 20 Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.”
21 Jwif yo reponn li, “nou pa jwenn okenn lèt ki soti Jide ki pale nou de oumenm. Pa gen menm youn nan kòlèg Jwif yo ki vwayaje soti laba a ki ta pote kèk enfòmasyon sou ou ki ta di yon move bagay sou ou. 22 Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”
23 Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè.
Sa ki vrè richès
16 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Vwala se te yon nonm rich ki te gen yon administratè ki t ap jere byen l yo pou li. Yo vin fè nonm rich la konnen administratè a t ap fè piyay nan byen yo. 2 Nonm rich la rele administratè a, li di l: Mwen aprann anpil move bagay de ou. Vin fè regleman avè m sou sa ou te fè ak lajan m yo, paske mwen p ap kite byen m yo anba men w ankò pou jere.
3 Konsa, administratè a tonbe reflechi. Li di nan kè l: Ki sa m ta fè la a, poutèt patwon an ap retire byen l yo nan men m? Mwen pa gen fòs pou travay tè epi se ta yon wont pou m ta tonbe nan mande charite? 4 M konn sa m pral fè. M ap chache fè zanmi, dekwa pou lè m pèdi travay la zanmi sa yo ka resevwa m lakay yo.
5 Konsa, administratè a rele tout moun ki te dwe patwon an lajan, youn apre lòt. Li mande premye a: Konbyen ou te dwe mèt la? 6 Li reponn: Mwen dwe san (100) bidon[a] lwil. Administratè a di li: Men papye kontra w yo, chita la, degaje w vit ekri senkant (50).
7 Apre sa, li mande yon lòt: E ou menm, konbyen ou dwe? Li reponn: Mwen dwe san (100) sak ble.[b] Lè sa a, administratè a di: Men papye kontra w yo, ekri katreven (80).
8 Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”
9 Jezi di yo ankò: “Nou menm, men sa m ap di nou. Fè zanmi pou demen ak richès nou genyen sou latè. Pou lè bagay sa yo fin pase, y a resevwa nou nan yon kay k ap la pou tout tan. 10 Nenpòt moun ou ka fè konfyans nan ti bagay, ou ka fè l konfyans nan gwo bagay tou. Nenpòt moun ki malonnèt nan ti bagay, l ap malonnèt nan gwo bagay tou. 11 Si ou aji mal ak richès sou latè yo, ki moun k ap fè w konfyans ak vrè richès la? 12 Si yo pa ka fè w konfyans ak bagay ki pa menm pou ou, kijan yo ka fè w konfyans ak bagay ki rele w pa w.
13 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[c] anmenmtan.”
Copyright © 2017 by Bible League International