Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 107:33-108:13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 33 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 19:21-36' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 10:1-13

Pa mele nan adorasyon zidòl

10 Frè m ak sè m yo mwen vle fè nou konnen sa k te pase zansèt nou yo ki te avèk Moyiz. Yo tout te mache anba nyaj la.[a] Yo tout te travèse lanmè a. Yo tout te fè youn ak Moyiz, tankou nan yon batèm[b] anba nyaj la ak nan lanmè a. Yo tout te manje menm manje espirityèl la. Yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Wi, yo te bwè nan gwo wòch espirityèl la ki t ap mache ak yo. Wòch sa a se te Kris la. Men anpil ladan yo pa t fè Bondye plezi. Bondye touye yo nan dezè a.

Tout sa rive, pou nou ka pran egzanp, pou nou pa swiv move tras moun ki gen dezi pou move bagay. Pa mele nan adorasyon zidòl menm jan avèk kèk pami yo. Men sa ki ekri nan Bib la: “Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Apre sa, yo leve kanpe pou pran tout kalite plezi malsen.”(A) Pa lage kò nou nan imoralite seksyèl jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz 23,000 ladan mouri nan yon sèl jou. Pa tante Kris[c] menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri. 10 Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.

11 Tout sa k te rive moun sa yo la pou sèvi egzanp pou nou. Yo ekri bagay sa yo pou sèvi avètisman pou nou. N ap viv nan yon tan kote jou lafen an rive. 12 Se pou moun ki panse yo kanpe fèm veye zo yo pou yo pa tonbe. 13 Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.

Matye 8:18-27

Swiv Jezi

(Lik 9:57-62)

18 Lè Jezi wè li antoure ak yon gwo foul moun, li bay disip li yo lòd pou travèse sou lòtbò lak la. 19 Lè sa a, yon skrib pwoche bò kote Jezi, epi li di: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”

20 Lè sa a, Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”

21 Apre sa, youn nan disip yo di: “Mèt, m ap swiv ou, men pèmèt mwen al antere papa m anvan.”

22 Men Jezi reponn li: “Swiv mwen! Kite moun mouri yo antere pwòp mò yo.”

Jezi kalme yon tanpèt

(Mak 4:35-41; Lik 8:22-25)

23 Jezi monte nan yon bato, li menm avèk disip li yo. 24 Pandan yo sou lak la, yon gwo van vin leve epi vag yo te prèske anglouti bato a. Men Jezi li menm t ap dòmi. 25 Disip li yo te pwoche bò kote l, epi yo reveye l. Yo di li: “Mèt, sove nou n ap peri!”

26 Jezi di yo: “Pouki nou si tèlman pè? Lafwa nou vrèman piti!” Apre sa, Jezi leve kanpe, li kòmande van an fè silans, epi tout bagay antre nan lòd.

27 Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International