Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 31

31 ¶ (31:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (31:2) Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.

(31:3) Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.

(31:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a.

(31:5) Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'.

(31:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.

(31:7) Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.

(31:8) M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m'. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.

(31:9) Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'.

¶ (31:10) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.

10 (31:11) Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal.

11 (31:12) Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen.

12 (31:13) Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete.

13 (31:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'.

14 (31:15) Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.

15 (31:16) Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo.

16 (31:17) Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'.

17 (31:18) M'ap rele ou, Seyè. Pa kite m' pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik.

18 (31:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo.

19 ¶ (31:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!

20 (31:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.

21 (31:22) Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l' moutre jan l' renmen mwen, lè m' te anba tray, lè yo te sènen m' toupatou a!

22 (31:23) Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m': -Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m' t'ap mande ou sekou.

23 (31:24) Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo.

24 (31:25) Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.

Sòm 35

35 ¶ Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo.

Pran zam ou sèvi pou pare kou a, leve non, vin pote m' sekou.

Pran fwenn ou, pran rach ou. Atake moun k'ap pousib mwen yo. Fè m' konnen se ou menm k'ap delivre m'.

Se pou moun k'ap chache touye m' yo sezi, se pou yo wont. Se pou moun k'ap fè konplo sou mwen yo rale kò yo dèyè. Se pou yo pa ka leve tèt yo.

Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.

Se pou fènwa bare wout yo, pou chemen an glise anba pye yo, lè zanj Bondye a ap talonnen yo.

San m' pa fè yo anyen, y'ap tann pèlen pou mwen. San m' pa fè yo anyen, y'ap fouye yon twou byen fon pou m' ka tonbe ladan l'.

Men, y'ap rete konsa, malè ap tonbe sou yo, y'ap pran nan pèlen yo te tann lan, y'ap tonbe nan twou yo te fouye a.

Se konsa Seyè a pral fè kè m' kontan, m'ap kontan anpil, paske li delivre mwen.

10 M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo.

11 ¶ Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.

12 Moun mwen fè byen se yo k'ap fè m' mal. Mwen fin dekouraje.

13 Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,

14 menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m', tankou yon moun ki pèdi manman l'.

15 Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.

16 Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.

17 ¶ Seyè, pou konbe tan ankò w'a penmèt sa? Pwoteje m' non anba bèt sovaj sa yo. Sove m' anba lyon sa yo.

18 M'a di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini, m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.

19 Pa kite lènmi m' yo, bann mantò sa yo, fè fèt sou tèt mwen. Pa kite moun sa yo ki rayi m' san m' pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.

20 Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pesonn nan peyi a.

21 Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou!

22 Men ou menm, Seyè, ou wè tout bagay. Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Seyè! Pa rete lwen m' konsa.

23 Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!

24 Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen.

25 Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'!

26 Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!

27 Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze.

28 Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.

1 Wa 11:26-43

26 ¶ Yon lòt moun ki te bay Salomon do ankò, se te Jewoboram, yonn nan moun ki t'ap sèvi avèk Salomon yo. Jewoboram te pitit Nebat, yon nonm lavil Zereda nan peyi Efrayim. Manman l' te yon vèv yo te rele Sewa.

27 Men rezon ki te pote Jewoboram bay Salomon do. Salomon t'ap fè yo ranbleye teras ki bay sou solèy leve lavil Jerizalèm lan. Li t'ap fè repare miray Lavil David, papa l'.

28 Jewoboram te yon vanyan gason, lèfini li te konn sa li vle. Lè Salomon wè jan jenn gason an te travay rèd, li mete l' reskonsab travay kòve nan pòsyon tè ki pou fanmi pitit Jozèf yo.

29 Yon jou, Jewoboram te fèk kite lavil Jerizalèm, li kontre sou wout li ak Akija, pwofèt lavil Silo a. Akija te gen yon rad tou nèf sou li. De mesye yo te pou kont yo sou wout la nan mitan jaden yo.

30 Akija wete rad nèf ki te sou li a, li chire l' fè douz moso.

31 Lèfini, li di Jewoboam: -Pran dis moso pou ou, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Mwen pral wete kòmandman peyi a nan men Salomon, m'ap ba ou dis branch fanmi pou ou.

32 Salomon pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m' pa m' lan.

33 Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.

34 Men, mwen pa t' wete gouvènman tout peyi a nan men l'. M'ap kite l' gouvènen konsa jouk li mouri. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, yon nonm mwen te chwazi, yon nonm ki te mache sou lòd ak kòmandman mwen yo.

35 Men, m'ap wete gouvènman tout peyi a nan men pitit gason l' lan. M'ap ba ou dis branch fanmi pou gouvènen.

36 M'ap kite yon sèl branch fanmi pou pitit li a. Konsa, David, sèvitè m' lan, va toujou gen yon moun nan ras li ap gouvènen lavil Jerizalèm, lavil mwen te chwazi pou m' rete a.

37 Ou menm, mwen pran ou, m'ap mete ou wa sou tout peyi Izrayèl la. Konsa, w'a chèf sou tout peyi ou vle a.

38 Si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m', si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m' lan, te fè l' la, m'ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m'ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k'ap wa apre ou. M'ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou.

39 Se konsa m'ap pini moun fanmi David yo. Men, se p'ap pou tout tan.

40 Se poutèt sa Salomon te soti pou l' touye Jewoboam. Men, Jewoboram leve, li kouri ale nan peyi Lejip, bò Chichak, wa peyi a. Li rete la jouk Salomon mouri.

41 ¶ Se nan liv istwa Salomon an nou jwenn tout lòt bagay Salomon te fè yo ak jan li te gen bon konprann.

42 Salomon te wa lavil Jerizalèm, li te gouvènen tout pèp Izrayèl la pandan karantan.

43 Lè li mouri, yo antere l' nan lavil David, papa l'. Se Woboram, pitit li, ki moute nan plas li sou fotèy la.

Jak 4:13-5:6

13 Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis.

14 Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.

15 Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa.

16 Men, koulye a nan grandizè nou, se vante n'ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa.

17 Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.

¶ Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.

Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo.

Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a.

Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a.

Nou viv sou latè nan plezi ak nan jwisans. Nou manje jouk nou gra tankou bèt ki pare pou labatwa.

Nou kondannen moun ki inonsan, nou fè touye yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou.

Mak 15:22-32

22 ¶ Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la).

23 Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l' te bwè. Men, li pa pran li.

24 Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo: yo tire osò pou konnen sa ki t'ap soti pou yo chak.

25 Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a.

26 Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!

27 Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò.

28 Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l' ansanm ak mechan yo.

29 Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l'; yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: -Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l' nan twa jou,

30 sove tèt ou non, desann sou kwa a.

31 Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l' nan rizib. Yonn t'ap di lòt: -Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li!

32 Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.