Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 37

37 ¶ Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!

Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.

Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!

Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.

L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.

¶ Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.

Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.

Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.

10 Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.

11 Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.

12 Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.

13 Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.

14 Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.

15 Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.

16 Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.

17 Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.

18 Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.

19 Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.

20 Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen.

21 ¶ Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.

22 Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.

23 Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.

24 Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.

25 Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.

26 Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.

27 Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.

28 Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.

29 Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.

30 Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li.

31 Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite.

32 Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'.

33 Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'.

34 ¶ Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.

35 Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou.

36 Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò.

37 Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.

38 Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou.

39 Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.

40 L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.

1 Samyèl 20:24-42

24 ¶ Se konsa David t' al kache kò li nan jaden yo. Lè fèt lalin nouvèl la rive, wa Sayil vin chita bò tab la pou l' manje.

25 Li te chita nan plas li, sou fotèy bò miray la. Jonatan te chita bò tab la tou anfas wa a. Abnè menm te chita sou kote wa a. Plas David la te vid.

26 Jou sa a, Sayil pa t' di anyen, paske li t'ap di nan kè l': Se yon bagay ki dwe rive l'. Li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Sèten, li pa nan kondisyon vre pou l' sèvi Bondye.

27 Men, nan denmen, jou apre jou lalin nouvèl la, plas David la te vid ankò. Sayil mande Jonatan: -Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayè, ni jòdi a?

28 Jonatan reponn li: -Li te mande m' pèmisyon pou l' al lavil Betleyèm.

29 Li te di m': Tanpri, kite m' ale paske fanmi nou ap fè yon sèvis ofrann bèt nan lavil Betleyèm. Frè m' yo te voye lòd ban mwen pou m' la. Si ou se zanmi m', kite m' al wè fanmi m' yo. Se poutèt sa li pa nan plas li bò tab wa a.

30 Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou!

31 Men, m' fè ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvènen. Voye chache l' mennen ban mwen. Se pou l' mouri.

32 Men Jonatan reponn: -Pouki pou yo touye l' la? Kisa li fè?

33 Lè sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l' sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l' te soti pou touye David vre.

34 Li leve soti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l' lapenn anpil pou David, paske papa l' te pale David mal.

35 ¶ Nan denmen maten, Jonatan leve, l' al nan jaden yo pou l' wè David jan li te pwomèt li a. Li pran yon jenn gason avè l'.

36 Epi li di l': -Kouri non. Ou pral chache flèch mwen pral tire yo. Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flèch la pou l' depase ti gason an.

37 Lè ti gason an rive kote flèch la te tonbe a, Jonatan pale byen fò, li di l' konsa: -Flèch la pi devan an toujou!

38 Pa kanpe la konsa. Fè vit non! Ti gason an ranmase flèch la, li pote l' tounen bay mèt li.

39 Li pa t' konnen sa sa te vle di. Sèl Jonatan ak David te konnen.

40 Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l' pote yo tounen lavil pou li.

41 Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan.

42 Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.

Travay 13:1-12

13 ¶ Nan legliz Antiòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.

Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.

Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.

¶ Se konsa Sentespri te voye Banabas ak Sòl an misyon. Y' al nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman pou lil Chip.

Lè yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.

Yo travèse tout lil la nèt jouk Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki te rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li.

Li te bon zanmi ak Sèjiyis Polis, chèf lil la. Sèjiyis Polis la te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye a.

Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè.

Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an,

10 li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè?

11 Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li.

12 Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a.

Mak 2:23-3:6

23 Yon jou repo, Jezi t'ap pase nan yon jaden ble. Antan disip li yo t'ap mache konsa avè l', yo pran keyi kèk grap ble.

24 Farizyen yo di li konsa: -Gade non! Poukisa disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a?

25 Jezi reponn yo: -Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l' yo ki te grangou?

26 Sa te pase sou tan Abyata te granprèt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa l' yo manje tou.

27 Jezi di yo ankò: -Jou repo a te fèt pou moun; se pa moun ki te fèt pou jou repo a.

28 Konsa tou, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen se mèt repo a.

¶ Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a.

Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.

Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.

Epi li di moun ki t'ap gade l' yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l' mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li.

Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.

Menm lè a, farizyen yo soti nan sinagòg la, y' al met tèt yo ansanm ak patizan Ewòd yo pou yo wè ki jan pou yo touye Jezi.