Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 45 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 47-48' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 48:12-21' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 1:18-2:10

18 Twazan apre Bondye te fin rele m nan,[a] m t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te ka fè konesans ak Pyè.[b] Mwen te pase kenz jou avè l. 19 Men, mwen pa t wè okenn lòt apot, eksepte Jak, frè Segnè a. 20 Devan Bondye, tout sa m ap di nou la a nan lèt sa a se verite a. 21 Apre sa, mwen t ale nan rejyon Siri ak Silisi.

22 Men, pandan tout tan sa a, frè ak sè nan legliz Jezikris ki nan Jide yo pa t janm konnen m. 23 Sèlman tande yo te konn tande pale de mwen. Yo te konn tande moun ap di: “Men nonm ki te konn ap pèsekite nou an ap anonse menm bagay li te konn ap chache kraze a.” 24 Akòz mwen menm, kwayan sa yo te tonbe fè lwanj pou Bondye.

Lòt apot yo aksepte Pòl ak Mesaj li a

Kounye a, apre katòzan, mwen tounen Jerizalèm ankò, ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou lè sa a. Mwen te monte Jerizalèm paske Bondye te fè m konnen mwen te bezwen fè sa. Lè m rive, mwen eksplike moun legliz yo mesaj levanjil m ap preche a pami moun ki pa Juif yo. Mwen te fè yon rankont an prive tou ak sila yo ki te konsidere kòm lidè yo, pou m te asire m efò m t ap fè yo pa t pou granmesi.

Malgre Tit ki te avè m nan se te yon Grèk, yo pa t egzije l pou l sikonsi. Yo pa t fè sa, malgre gen moun ki te fè tèt yo pase pou frè, ki te glise kò yo nan mitan nou pou espyone libète nou genyen nan Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav lalwa ankò. Moun sa yo, nou pa t lage bay fo frè sa yo ditou. Nou te vle pou verite mesaj konsènan Kris la rete fèm pou nou.

Mesye yo te rekonèt kòm gwo lidè yo, yo pa t chanje mesaj mwen an. (Vrèmanvre, kèlkeswa sa yo ye a, sa pa t fè okenn diferans, paske Bondye pa gade sou figi moun). Wi, gwo lidè yo pa t ajoute anyen nan mesaj mwen t ap preche a. Okontrè, yo wè Bondye te chwazi m pou m preche Levanjil la bay moun ki pa Juif yo, menm jan li te chwazi Pyè pou preche Levanjil la bay moun ki Juif yo. Paske, menm Bondye ki chwazi Pyè pou l vin yon apot pou ale nan mitan Juif yo, se li menm tou ki chwazi m pou m vin yon apot pou nan mitan moun ki pa Juif yo. Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo. 10 Yon sèl bagay yo te mande nou se pou nou te toujou sonje pòv yo. Yon bagay mwen te toujou cho deja pou m fè.

Mak 6:1-13

Jezi ale nan vil kote l te grandi

(Mat 13:53-58; Lik 4:16-30)

Jezi kite zòn nan epi li retounen nan vil kote l te leve a. Disip li yo te ale avèk li tou. Lè Jou repo Jwif yo rive, Jezi kòmanse anseye nan sinagòg la, anpil moun te sezi lè yo te tande l. Yo di: “Ki kote li jwenn tout ansèyman sa yo? Ki kote li jwenn kalite sajès sa a? Ki kote li jwenn pouvwa pou fè tout mirak sa yo?” Prezans Jezi te bay moun yo anpil pwoblèm. Yo t ap di: “Se pa ti bòs chapant la? Se pa pitit Mari a? Se pa frè Jak, Joz, Jida ak Simon an? Apa tout sè l yo ansanm ak nou?”

Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve a, zanmi l ak moun nan fanmi li.” Jezi pa t ka fè mirak nan rejyon sa a, eksepte de twa moun malad li mete men sou yo epi li geri yo. Jezi te sezi poutèt moun yo te enkredil. Alò l al anseye nan lòt vilaj yo.

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

(Mat 10:1, 5-15; Lik 9:1-6)

Jezi rele douz disip yo epi li kòmanse voye yo de pa de. Li ba yo otorite sou move lespri. Li di yo: “Pa pote anyen avèk nou pou vwayaj la, eksepte yon baton. Pa pran ni pen, ni valiz, ni lajan. Nou ka mete sandal nan pye n, men nou pa kapab mache ak rad an plis.” 10 Epi li di yo ankò: “Nan kelkeswa kay nou antre a, rete la jouktan nou kite zòn nan. 11 Si yon vil pa vle resevwa nou oubyen pa vle tande sa n ap di, vire do ba li, souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”

12 Apot yo ale, yo preche pèp la pou yo repanti. 13 Yo chase anpil demon sou moun, yo pase luil sou anpil malad epi yo geri yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International