Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 72 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 111 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 113 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Samyèl 7:1-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Tit 2:11-3:8

11 Se kon sa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun. 12 Gras Bondye aprann nou pou nou pa viv nan opozisyon kont Bondye epi pou nou refize viv dapre dezi nou genyen pou n ta swiv move bagay ki nan mond lan. Se pou nou panse byen sou jan n ap viv nan mond lan jodi a, pou nou fè sa ki dwat epi pou nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye. 13 Se kon sa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt. 14 Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.

15 Se kon sa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!

Bon jan fason pou moun viv

Fè kretyen yo sonje yo dwe soumèt anba tout chèf ak tout otorite. Se pou yo obeyisan epi toujou pare pou fè tout sa ki byen. Kretyen pa dwe rakonte move bagay sou do moun. Yo dwe viv an pè ak tout moun. Se pou yo janti epi respekte tout moun.

Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.

Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou
    bonte l ak lanmou l pou tout moun,
li te sove nou, paske li fè nou gras.
    Se pa paske nou te fè anyen pou sa.
Li te lave peche n yo fè n vin pwòp,
    li ban nou nouvo lavi
    pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.
Bondye vide Sentespri a sou nou avèk abondans
    pa mwayen Jezikris, Sovè nou an.
Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche
    epi Bondye adopte nou.
Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye,
    moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.

Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi kon sa ki bon epi itil pou tout moun.

Lik 1:39-48

Mari al rann Zakari ak Elizabèt yon vizit

39 Nan menm epòk la, Mari leve, san pèdi tan, li ale nan yon ti vil nan mòn Jide. 40 Mari antre lakay Zakari epi li salye Elizabèt. 41 Menm kote Elizabèt fin tande salitasyon Mari a, pitit ki nan vant Elizabèt la pran sote nan vant li epi Sentespri a ranpli Elizabèt.

42 Li pale byen fò epi li di Mari konsa: “Bondye beni ou pami tout fi, li beni pitit ou ap fè a tou. 43 Ki sa m ye menm, pou manman Senyè m nan vin lakay mwen? 44 Paske menm kote salitasyon ou nan rive nan zòrèy mwen, pitit la pran danse nan vant mwen, tèlman li kontan. 45 Ou se yon moun ki beni, paske ou te kwè sa Senyè a te di w la gen pou rive vre.”

Mari fè lwanj pou Senyè

46 Apre sa Mari di:

“Nanm mwen beni non Bondye.
47     Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.
48 Malgre mwen pa gen enpòtans,
    Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a.
Depi kounye a pou jouktan sa fin i,
    tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.

Lik 1:48-56

48 Malgre mwen pa gen enpòtans,
    Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a.
Depi kounye a pou jouktan sa fin i,
    tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.
49 Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen.
    Non li sen anpil.
50 Li toujou gen konpasyon
    pou moun ki gen krentif pou li.
51 Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li.
    Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont.
52 Li ranvèse wa yo sou twòn yo
    epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li.
53 Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo,
    men li voye moun rich yo ale san anyen.
54 Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la.
    Li pa t janm bliye mizerikòd li.
55 Jan li te di zansèt nou yo,
    Abraram ansanm ak desandan l yo,
    li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.”

56 Mari pase anviwon twa mwa lakay Elizabèt, apre sa li tounen lakay li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International