Add parallel Print Page Options

¶ Lè nou remoute nan tan Seyè a te pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, men moun ki te nan fanmi Arawon ak Moyiz.

Men non pitit Arawon yo: se te Nadab, pi gran an. Apre li vin Abiyou, Eleaza ak Itama.

Se yo menm Bondye te chwazi, li te ba yo pouvwa pou yo te sèvi l' prèt.

Men, Nabad ak Abiyou te mouri nan dezè Sinayi a, lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' gen dwa ofri ba li. Yo pa te gen pitit. Konsa, se Eleaza ak Itama ki te sèvi prèt ansanm ak Arawon, papa yo.

Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fè a.

Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fè tout kalite sèvis ki gen pou fèt pou Arawon ak pou pèp la devan Tant Randevou a.

Yo va reskonsab tout bagay ki anndan Tant Randevou a. Y'a fè tout travay moun Izrayèl yo ta gen pou yo fè nan Tant Randevou a.

W'a mete yo sou kont Arawon ak pitit gason l' yo. Wi, nan tout moun pèp Izrayèl yo, w'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo sou kont prèt yo pou toutan.

10 Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo reskonsablite tout travay prèt yo. Si yon lòt moun ki pa prèt ta konprann pou li fè travay prèt yo, se pou yo touye l'.

11 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:

12 -Gade non! Nan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen chwazi moun fanmi Levi yo. Mwen pran yo nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Se pou mwen yo ye.

13 Paske, tout premye pitit gason yo se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, mwen te mete tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo apa pou mwen, ansanm ak tout premye ti mal bèt yo fè. Se pou mwen menm yo tout ye. Se mwen menm ki Seyè a.

14 ¶ Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa:

15 -Ou pral fè resansman tout moun Levi yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. W'a konte tout gason depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo.

16 Moyiz fè resansman an dapre lòd Seyè a te ba l' a. Li konte yo jan Seyè a te di l' fè l' la.

17 Men non twa pitit gason Levi yo: Se te Gèchon, Keyat ak Merari.

18 Men non pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Se te Libni ak Chimèyi.

19 Men non pitit Keyat yo ak tout fanmi yo: Se te Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl.

20 Men non pitit gason Merari yo ak tout fanmi yo: Se te Makli ak Mouchi. Men non fanmi moun Levi yo, dapre non zansèt yo.

21 Te gen de fanmi nan branch Gèchon an: Se te pitit Libni yo ak pitit Chimeyi yo. Se tout fanmi Gèchon yo sa.

22 Lè yo konte gason yo, depi sa ki te gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn sètmil senksan (7.500) gason.

23 Fanmi sa yo te rete dèyè kay Bondye a, sou bò solèy kouche.

24 Se Elyasaf, pitit gason Layèl la, ki te chèf fanmi Gèchon yo.

25 Se yo ki te reskonsab kay Bondye a, ak de tant ki kouvri l' yo, rido ki nan pòt devan Tant Randevou a,

26 rido pou galeri ki fè wonn Tant Randevou a ak lotèl la, rido ki nan pòt devan galeri a ak tout kòd yo bezwen pou sèvi nan kay Bondye a.

27 Te gen kat fanmi nan branch Keyat la: Se te pitit Amram yo, pitit Jizeya yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyèl yo. Se tout fanmi Keyat yo sa.

28 Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn witmil sisan (8.600) gason. Se yo ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a nan kay Bondye a.

29 Fanmi sa yo te moute kan yo sou bò sid kay Bondye a.

30 Se Elizafan, pitit gason Ouzyèl la, ki te chèf fanmi Keyat yo.

31 Se yo ki te reskonsab Bwat Kontra a, tab la, gwo lanp sèt branch lan, lotèl yo ak tout bagay ki sèvi nan kote ki apa nèt pou Bondye a, rido yo ansanm ak tout bagay ki mache avèk rido yo.

32 Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a.

33 Te gen de fanmi nan branch fanmi Merari a: se te pitit Makli yo ak pitit Mouchi yo. Se tout fanmi Merari yo sa.

34 Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn simil desan (6.200) gason.

35 Se Zouryèl, pitit gason Abikayil la, ki te chèf fanmi Merari yo. Yo te moute kan yo sou bò nò kay Bondye a.

36 Se yo ki te reskonsab ankadreman pou soutni kay Bondye a, travès yo, poto yo, sipò yo ak tout rido yo ansanm ak tout bagay ki sèvi ak yo.

37 Yo te reskonsab poto, sipò, pikèt ak kòd pou soutni galeri yo tou.

38 Moyiz, Arawon ak pitit gason l' yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bò lès. Se yo ki te reskonsab pou fè sèvis nan kote ki apa nèt pou Bondye a pou pèp Izrayèl la. Tout lòt moun ki ta konprann pou yo fè travay prèt yo, se pou yo touye yo.

39 Lè Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Seyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil (22.000) gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo.

40 ¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Pran non tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo. W'a konte konbe ki genyen.

41 Se mwen menm ki Seyè a. W'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Konsa tou, w'a pran tout bèt ki pou moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas premye ti mal bèt moun Izrayèl yo va fè.

42 Moyiz pran non tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te ba l' a.

43 Li konte tout premye pitit gason yo, depi sa ki te gen yon mwa jouk sa ki pi gran yo. Li jwenn venndemil desanswasanntrèz (22.273).

44 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

45 -Pran moun fanmi Levi yo, mete yo apa pou mwen nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Epi w'a mete bèt moun Levi yo apa pou mwen tou nan plas premye ti mal bèt moun pèp Izrayèl yo va fè. Konsa, tout moun Levi yo va pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a.

46 Ou te jwenn te gen plis premye pitit gason nan pèp Izrayèl la pase te gen moun Levi. Te gen desanswasanntrèz (273) an plis. Men sa pou yo peye pou sove lavi desansousanntrèz premye pitit gason sa yo.

47 Pou yo chak, y'a bay senk pyès ajan, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a: vin gara pou yon pyès ajan.

48 W'a pran lajan yo peye pou sove lavi sa ki an plis yo, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo.

49 Se konsa, Moyiz pran lajan yo te peye pou sove lavi premye pitit gason ki te an plis sou kantite moun Levi yo.

50 Li pran mil twasanswasannsenk (1.365) pyès lajan nan men premye pitit moun Izrayèl yo, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a.

51 Apre sa, Moyiz pran tout lajan yo te peye pou sove lavi rès premye pitit gason yo, dapre lòd Seyè a te bay la, li bay Arawon ak pitit gason l' yo, jan Seyè a te ba li lòd la.

¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

-Fè resansman tout pitit gason moun Keyat yo, nan branch fanmi Levi a, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.

Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.

Men travay pitit gason Keyat yo va fè nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nèt pou Seyè a.

Lè lè a rive pou pèp la ranmase zafè yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l' yo va antre nan kay Bondye a, y'a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y'a kouvri bwat la ak li.

Y'a mete yon premye gwo nap an po bazann sou li, epi y'a kouvri l' ak yon dezyèm nap an twal ble. Apre sa, y'a pase manch pou pote bwat la nan gwo bag yo.

Y'a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyè a va toujou rete sou li tou.

Y'a voye yon dra wouj sou li, y'a kouvri tout ak yon nap fèt ak po bazann, epi y'a pase manch pou pote tab la nan gwo bag yo.

Y'a pran yon dra tou ble, y'a kouvri gwo lanp sèt branch lan ak tout ti lanp li yo, pensèt li yo, plat li yo ak veso pou lwil yo.

10 Y'a vlope yo ansanm nan yon nap an po bazann, epi y'a mete l' sou yon branka pou pote l'.

11 Apre sa, y'a mete yon dra ble sou lotèl an lò a, y'a kouvri l' nèt ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la nan bag yo.

12 Y'a pran tout bagay yo sèvi nan kote ki apa nèt pou Seyè a, y'a mete yo nan yon dra ble, y'a vlope yo nan yon nap an po bazann, epi y'a mete yo sou yon branka pou pote yo.

13 Y'a wete sann ki sou lotèl la, epi y'a kouvri lotèl la ak yon dra wouj.

14 Y'a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y'a kouvri l' ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la.

15 Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.

16 Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, va reskonsab kontwole lwil lanp yo, lansan santi bon an, pen yo toujou ofri bay Seyè a ak lwil pou mete moun apa a. Wi, l'a kontwole tout kay Bondye a nèt ak tou sa ki ladan l', menm kote ki apa nèt pou Seyè a ak bagay ki ladan l' yo.

17 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:

18 -Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo.

19 Men sa pou nou fè pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lè y'ap pwoche bò bagay ki apa nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo va antre anvan epi y'a bay chak moun travay pa yo, y'a di yo sa pou yo pote.

20 Men, moun Keyat yo pa janm gen dwa antre al gade lè y'ap vlope bagay ki apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri.

21 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

22 -Fè resansman tout pitit gason moun Gèchon yo tou, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.

23 Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.

24 Men travay moun Gèchon yo, men sa pou yo pote:

25 lèz twal ki sèvi pou moute kay Bondye a ansanm ak gwo tant ki kouvri kay Bondye a, kouvèti fèt ak po bazann ki anwo tant lan, seri rido ki fèmen pòt Tant Randevou a,

26 rido galeri ki kouvri tant lan ak lotèl la nèt, rido ki fèmen galeri a, kòd yo ak tout lòt bagay ki mache ak bagay sa yo. Se yo ki pou fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo.

27 Moun Gèchon yo va travay sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Y'a fè tout travay yo, y'a pote tou sa yo gen pou yo pote. Y'a reskonsab tou sa y'ap pote a.

28 Sa se tout reskonsablite moun Gèchon yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit gason Arawon, prèt la, ki va kontwole tou sa y'ap fè.

29 Seyè a di Moyiz ankò: -W'a fè resansman tout pitit gason moun Merari yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.

30 W'a pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a.

31 Se yo menm k'ap reskonsab pote ankadreman, travès, poto ak sipò kay Bondye yo,

32 poto, sipò, pikèt ak kòd pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fè travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l' pote a.

33 Se tout reskonsablite moun Merari yo sa nan travay yo gen pou fè nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki va ba yo sa pou yo fè.

34 ¶ Dapre lòd Seyè a te bay la, Moyiz, Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman gason nan fanmi Keyat yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.

35 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.

36 Yo jwenn demil sètsansenkant (2.750) gason antou nan37 tout fanmi Keyat yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.

38 Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Gèchon yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.

39 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.

40 Yo jwenn demil sisantran (2.630) gason

41 nan tout fanmi Gèchon yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.

42 Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Merari yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.

43 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a.

44 Yo jwenn twamil desan (3.200) gason

45 nan tout fanmi Merari yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.

46 Se konsa Moyiz ak Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman branch fanmi Levi yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo.

47 Yo te pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a, osinon k'ap pote l' lè y'ap deplase.

48 Yo jwenn antou witmil senksankatreven (8.580) gason.

49 Se konsa, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou pèp la, yo pran non chak gason moun Levi yo ak travay pou yo fè ak sa pou yo pote. Se Seyè a menm ki te bay Moyiz lòd fè resansman sa a.