Add parallel Print Page Options

28 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo.

W'a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n'a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N'a boule yo nèt nan dife pou mwen.

N'a ofri premye ti mouton an nan maten, n'a ofri lòt la nan aswè.

Ansanm avèk chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak de boutèy ka plen pi bon kalite lwil oliv ou ka jwenn.

(Sa se ofrann pou yo boule nèt chak jou nan dife, ofrann yo te konn fè nan tan lontan sou mòn Sinayi a, tankou yon manje yo boule pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.)

Avèk chak ti mouton, n'a ofri de boutèy ka bwason, n'a vide l' sou lotèl la pou Seyè a.

Nan aswè, n'a boule dezyèm ti mouton an menm jan nou te fè l' nan maten an. N'a fè ofrann farin frans lan tou ansanm ak bwason an. Se va yon manje n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

¶ Pou jou repo a, n'a ofri de ti belye mouton ki gen ennan, ki san okenn enfimite, kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason.

10 Chak jou repo, se pou nou fè ofrann sa yo an menm tan ak ofrann pou chak jou yo ansanm ak ofrann bwason yo.

11 Nan konmansman chak mwa, n'a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n'a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.

12 N'a fè yon ofrann grenn manje tou ansanm ak chak bèt. Pou chak towo bèf, n'a ofri vennkat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv. Pou chak belye mouton, n'a ofri katòz ti mamit farin frans tankou yon ofrann grenn manje.

13 Pou chak ti mouton, n'a ofri sèt ti mamit farin frans. Se va yon ofrann n'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.

14 N'a fè ofrann bwason tou: kat boutèy ka pou chak towo bèf, twa boutèy ka pou belye mouton an ak de boutèy ka pou chak ti mouton. Se ofrann sa yo n'a boule nèt pou Seyè a, nan konmansman chak mwa, pandan tout lanne a.

15 Anplis ofrann pou chak jou yo, w'a touye yon bouk pou mande padon pou peche, epi w'a ofri tou ofrann bwason ki toujou mache ansanm avè l' la.

16 ¶ Katòzyèm jou nan premye mwa a, n'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a.

17 Kenzyèm jou menm mwa a va yon gwo jou fèt. Pandan sèt jou, n'a manje pen ki fèt san ledven.

18 Sou premye jou a, n'a reyini tout moun pou vin adore Seyè a. Lè sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay.

19 N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt pou Seyè a: de jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

20 N'a fè ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an,

21 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton.

22 N'a ofri tou yon bouk pou yo touye pou mande padon pou peche. Se konsa, n'a fè ofrann bèt pou nou touye pou mande Bondye gras pou pèp la.

23 N'a fè tout ofrann sa yo anplis ofrann bèt nou gen pou nou boule chak maten san sote jou a.

24 Se va menm jan an tou pou tout sèt jou yo. Chak jou n'a ofri manje pou yo boule nèt pou Seyè a: se va tankou yon ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. N'a fè ofrann sa a anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou pou Seyè a ak ofrann bwason ki mache avè l' la.

25 Sou setyèm jou a, n'a reyini tout pèp la ankò pou n' fè sèvis pou Seyè a. Jou sa a, nou p'ap fè okenn gwo travay non plis.

26 Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n'ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay.

27 Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: de jenn towo, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

28 N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an

29 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.

30 N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la.

31 N'a ofri bèt sa yo ansanm ak ofrann bwason ki mache avèk yo chak, anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo. Se pou tout bèt yo san okenn enfimite.

29 ¶ Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive.

Men bèt n'a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, men ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: yon jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

N'a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin frans pou towo a, katòz ti mamit pou belye mouton an,

ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.

N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la.

N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann bèt pou yo boule nan dife chak premye jou nan mwa yo ansanm ak ofrann grenn jaden ki toujou mache avèk yo a, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki toujou mache avè l' la. Se ofrann manje sa yo n'a boule nèt pou Seyè a. Se va ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant yo.

Dizyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, tout moun va rete san manje. Pesonn p'ap gen dwa fè okenn travay.

N'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Bondye. Se va yon ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt n'a ofri: yon towo bèf, yon belye mouton, sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

N'a fè ofrann grenn jaden ki pou mache ak chak bèt sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit farin pou towo bèf la, katòz ti mamit pou belye mouton an

10 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.

11 N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche anplis ofrann bèt pou touye pou gran jou padon an, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo ak ofrann bwason ki mache ak yo a.

12 ¶ Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou.

13 Premye jou a, n'a ofri bèt pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: Men bèt pou nou ofri: trèz towo bèf, de belye mouton, katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

14 Men ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv ki pou mache ak bèt yo: venteyen ti mamit farin frans pou chak towo, katòz ti mamit pou chak belye,

15 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton, ansanm ak ofrann bwason ki pou mache ak yo chak.

16 N'a ofri tou yon bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche. N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann pou nou boule nèt chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki pou mache avè l' yo.

17 Dezyèm jou fèt la, n'a ofri douz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

18 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.

19 Epi, anplis ofrann bèt nou fè pou yo boule nèt pou Seyè a chak jou ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.

20 Twazyèm jou fèt la, n'a ofri onz towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

21 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.

22 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.

23 Katriyèm jou fèt la, n'a ofri dis towo bèf, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

24 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.

25 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.

26 Senkyèm jou fèt la, n'a ofri nèf towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

27 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.

28 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.

29 Sizyèm jou fèt la, n'a ofri wit towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

30 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.

31 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.

32 Setyèm jou fèt la, n'a ofri sèt towo, de belye mouton ak katòz ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

33 Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.

34 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo a, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche.

35 Wityèm jou fèt la, n'a sanble tout moun pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap fè okenn gwo travay.

36 N'a fè ofrann bèt pou yo boule nèt nan dife, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li. Men bèt pou nou ofri: yon towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.

37 Ansanm ak chak bèt n'a ofri ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an,

38 Epi, anplis ofrann bèt nou fè chak jou pou boule nèt pou Seyè a ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki mache ak yo, n'a ofri yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo.

39 Men tou sa nou va ofri bay Seyè a lè n'ap fè gwo fèt nou dwe fè pou li yo, apa ofrann n'ap fè paske nou te pran angajman pou nou te fè yo, ou ankò ofrann n'ap fè paske nou rete konsa nou vle fè l', mete sou bèt n'ap ofri pou boule nèt nan dife pou Bondye, sou ofrann grenn jaden ak ofrann bwason yo, ak sou ofrann nou fè pou di Bondye mèsi.

40 Se konsa Moyiz te di pèp Izrayèl la tou sa Seyè a te ba li lòd di yo.

30 ¶ Moyiz pale ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo. Li di yo konsa: -Men lòd Seyè a bay.

Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a.

¶ Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l' pa fè yon bagay,

lè papa a vin konn sa, si li pa di l' anyen, jenn fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an, osinon pwomès li te fè a.

Men, si lè papa a vin konn sa, li fè opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomès li te fè yo pa kenbe ankò: yo pa vo anyen. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen, paske se pa fòt li. Se papa l' ki derefize kite l' kenbe pawòl li.

Si yon jenn fi te anba obligasyon pou l' te kenbe yon ve li te pran osinon yon pwomès li te fè, menm si li te pran yo an jwèt, si li rive marye,

epi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a.

Men, si jou mari a vin konn sa li fè opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l' te kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen.

Men lè yon fanm ki vèv osinon ki divòse fè yon ve pou l' bay Seyè a kichòy, osinon li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, se pou l' kenbe pawòl li.

10 Si yon madanm marye, antan li lakay mari l', pran yon ve pou fè kichòy osinon pwomèt pou l' pa fè yon bagay,

11 epi si lè mari l' vin konn sa, li pa di l' anyen, li pa fè okenn opozisyon, fanm lan gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a, nenpòt kisa yo te ye.

12 Men, si mari a vin konn sa, epi menm jou li vin konn sa a, li di li pa dakò, fanm lan p'ap nan obligasyon pou l' kenbe pawòl ni pou ve li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. Se mari a ki te derefize kite l' kenbe pawòl li. Konsa, Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen.

13 Yon mari gen dwa dakò, konsa tou li gen dwa refize dakò kite madanm li kenbe pawòl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomès li te fè a.

14 Men, si apre mari a vin konn sa li kite yon jou pase, li pa di l' anyen ankò, sa vle di li dakò ak ve madanm li te pran an osinon ak pwomès madanm lan te fè a. Depi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, sa vle di se dakò li dakò.

15 Men si, apre mari a vin konn angajman madanm lan te pran an, mari a kite kèk jou pase anvan li di li pa dakò, se li menm k'ap sibi chatiman ki pou ta tonbe sou madanm lan pou pawòl li pa kenbe a.

16 Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou yon fanm ki fè ve osinon ki pran yon angajman. Si li marye, men tout jan mari a ka boule avè l' nan ka sa a. Si li poko marye, li lakay papa l' toujou, men tout jan papa a ka pran sa.