Add parallel Print Page Options

14 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

-Men regleman w'a bay pou yo swiv lè y'ap fè sèvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekonèt moun lan geri a, y'a mennen l' bay prèt la.

Prèt la va pran l', l'a soti ansanm avè l' lòt bò limit kan kote moun rete a. L'a egzaminen l' byen egzaminen, pou l' wè si malad la geri vre.

Prèt la va bay lòd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k'ap fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.

Apre sa, prèt la va bay lòd pou yo touye premye zwazo a anwo yon bòl an tè plen dlo fre.

L'a pran lòt zwazo a tou vivan ansanm ak bwa sèd la, moso twal kamwazi a ak ti branch izòp la, l'a plonje yo nan san zwazo yo te touye anwo dlo fre a.

Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l'a di moun lan nan kondisyon ankò pou fè sèvis Bondye. L'a lage zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa.

Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou.

Sou setyèm jou a, l'a kale tèt li ankò, l'a koupe tout bab li, tout plim je l' ak tout plim ki sou tout rès kò li. L'a lave rad ki te sou li a, l'a lave kò l' nan gwo dlo. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.

10 ¶ Sou wityèm jou a, l'a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L'a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.

11 Prèt k'ap fè sèvis la va mennen moun lan ansanm ak ofrann li yo devan Seyè a, jouk nan papòt Tant Randevou a.

12 Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l'a ofri l' ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.

13 L'a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L'a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.

14 Apre sa, prèt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l'a pase l' sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

15 Prèt la va pran ti gout lwil nan boutèy la, l'a vide l' nan pla men gòch li.

16 L'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye ti gout lwil sèt fwa devan lotèl Bondye a.

17 L'a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

18 Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men l' lan sou tèt moun lan. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.

19 Apre sa, prèt la va fè ofrann pou peye sa moun lan fè ki mal. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L'a touye bèt pou yo boule nèt la.

20 L'a mete l' sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.

21 ¶ Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.

22 L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.

23 Sou wityèm jou a, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a, pou prèt la fè sèvis pou mete l' nan kondisyon pou li ka sèvi Seyè a ankò.

24 Prèt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fè ki mal la ansanm ak boutèy lwil la, l'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.

25 Apre sa, l'a touye ti mouton an, l'a pran ti gout nan san li l'a mete sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.

26 Prèt la va vide ti gout lwil nan pla men gòch li,

27 l'a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l'a voye lwil la sèt fwa devan lotèl Seyè a.

28 Apre sa, l'a pran nan lwil ki nan men gòch li a, l'a mete l' menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zòtèy pye dwat li a.

29 Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.

30 Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li,

31 yonn pou mande padon pou peche, lòt la pou yo boule nèt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun lan.

32 Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.

33 ¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:

34 -Lè n'a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m'ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpèt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fè.

35 Mèt kay la va al jwenn prèt la, l'a di l': Gen yon bagay tankou salpèt ki parèt sou miray kay mwen an.

36 Prèt la va bay lòd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyò anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Apre sa, prèt la va vini, l'a antre nan kay la pou egzaminen l'.

37 L'a egzaminen tout miray yo. Si li wè gen kèk kote ki manje nan miray la, epi ki gen ti koulè vèt osinon wouj,

38 prèt la va soti nan kay la, l'a fèmen l' akle pou sèt jou.

39 Sou setyèm jou a, prèt la va tounen, l'a egzaminen miray kay la ankò. Si li wè tach la gaye sou miray kay la,

40 prèt la va bay lòd pou yo wete wòch kote yo te jwenn salpèt la, y'a voye wòch yo jete yon kote andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.

41 Apre sa, l'a fè yo grate tout anndan kay la, epi y'a jete tout vye kras mòtye yo te grate a andeyò lavil la, menm kote yo mete bagay ki pa ka sèvi nan sèvis Bondye.

42 Y'a pran lòt wòch ranplase wòch yo te wete yo epi y'a rekrepi kay la.

43 Si salpèt la parèt ankò apre yo fin wete wòch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l',

44 prèt la va tounen vin gade. Si li wè salpèt la gaye nan kay la, la konnen kay la gen yon move maladi sou miray li. Moun k'ap sèvi Bondye pa ka rete ladan l'.

45 Lè sa a, y'a demoli kay la nèt epi y'a pran wòch, bwa, mòtye ki te nan kay la, y'a voye yo jete andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.

46 Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p'ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive.

47 Tout moun ki te kouche osinon ki te manje anndan kay la va gen pou lave rad ki te sou yo.

48 Lè prèt la vin gade a, si li te jwenn salpèt la disparèt nèt apre yo te fin rekrepi kay la, prèt la va fè konnen kay la nan bon kondisyon ankò pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l', paske salpèt la disparèt nèt.

49 Apre sa, prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la. L'a pran de zwazo, kèk moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.

50 L'a touye yonn nan ti zwazo yo anwo yon bòl an tè plen dlo fre.

51 Apre sa, l'a pran bwa sèd la, ti branch izòp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lòt zwazo ki vivan an, l'a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa sou kay la.

52 Se konsa prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la, avèk san zwazo a, dlo fre a, zwazo vivan an, bwa sèd la, ti branch izòp la, epi moso twal kamwazi a.

53 Apre sa, l'a lage ti zwazo vivan an pou l' vole al fè wout li nan bwa andeyò lavil la. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou kay la epi kay la va nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye ka rete ladan l' ankò.

54 ¶ Men regleman pou nou swiv lè yon moun gen move maladi po osinon pyas,

55 lè kanni tonbe sou rad osinon lè salpèt parèt nan yon kay,

56 lè yon moun gen yon kote sou po l' ki anfle osinon lè li gen yon bouton ou ankò yon tach ki parèt sou po l'.

57 Se konsa n'a konnen lè yon bagay nan bon kondisyon osinon lè li pa nan bon kondisyon pou moun k'ap sèvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.

51 Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l', li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li.

52 Jezi di l' konsa: Mete nepe ou nan fouwo l'; paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou.

53 Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m' vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen.

54 Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.

55 Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen.

56 Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l', yo pran kouri.

57 ¶ Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.

58 Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l' wè kouman sa t'apral fini.

59 Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.

60 Men, yo pa t' kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li.

61 Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l' ban nou.

62 Granprèt la leve, li di Jezi: Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?

63 Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?

64 Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.

65 Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fèk tande ak zòrèy nou jan l' pale mal sou Bondye.

66 Kisa nou di nan sa? Yo reponn: Li antò, se pou yo touye li.

67 Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt.

68 Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.

69 ¶ Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l', li di li konsa: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.

70 Men, Pyè demanti l' devan tout moun, li di: Mwen pa konnen sa w'ap di la a.

71 Apre sa, Pyè leve, li ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo: Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.

72 Pyè demanti l' tou, li di: M'ap fè sèman, mwen pa konnen nonm sa a.

73 Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.

74 Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m' si m' manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante.

75 Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: Anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè soti, li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.

Read full chapter