Add parallel Print Page Options

¶ Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm.

Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li.

Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi.

Paske, tanzantan, yon zanj Bondye te desann nan basen an vin brase dlo a. Premye moun malad ki te desann nan dlo a apre zanj lan te fin brase l' la te geri, nenpòt ki maladi li te genyen.

Te gen yon nonm la ki te malad depi trantwitan.

Jezi wè l' kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: Eske ou vle geri?

Malad la reponn li: Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete m' nan basen an lè dlo a ap bouyi. Lè mwen fè sa pou m' ale, yon lòt gen tan desann anvan mwen.

Jezi di li: Leve non. Pran nat ou, mache ou ale.

Menm lè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men, jou sa fèt la se te yon jou repo.

10 Jwif yo di nonm ki te geri a: Jòdi a se jou repo. Lalwa nou an pa pèmèt pou w'ap pote nat ou jòdi a.

11 Li reponn yo: Se moun ki geri m' lan wi ki di m' ranmase nat mwen, mache m' ale.

12 Lè sa a, yo mande li: Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a?

13 Men, nonm ki te geri a pa t' konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gen tan pati al fè wout li.

14 Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: Koute non. Koulye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.

15 Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li.

16 Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou repo.

17 ¶ Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.

18 Poutèt pawòl sa a, jwif yo t'ap chache pi rèd atò pou yo te touye l'. Li pa t' sèlman fè bagay ki kont lalwa repo a, men li te di yo Bondye se papa li. Lè l' di sa, li te fè tèt li pase pou menm moun ak Bondye.

19 Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l' wè Papa a fè, se sa l' fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l' tou.

20 Papa a renmen Pitit la, li moutre l' tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou l' moutre l' fè bagay ki pi estwòdenè pase sa. Lè sa a, nou p'ap manke sezi.

21 Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.

22 Papa a pa jije pesonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije.

23 Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.

24 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans nan moun ki voye m' lan, l'ap gen lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.

25 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.

26 Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou.

27 Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a.

28 Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa li,

29 yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.

30 Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.

31 ¶ Si m' pale tèt mwen byen, moun pa ka asepte sa m'ap di a pou verite.

32 Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite.

33 Nou te voye moun bò kot Jan. Li te di nou verite a jan l' ye a.

34 Mwen menm poutèt pa m', mwen pa bezwen pesonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove.

35 Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a.

36 Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m' ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m' ban m' fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen.

37 Papa ki voye m' lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l', ni nou pa janm wè figi li.

38 Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a.

39 N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.

40 Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.

41 Mwen p'ap chache lwanj nan men lèzòm.

42 Men, mwen konnen ki moun nou ye: nou pa gen renmen pou Bondye nan kè nou.

43 Se Papa m' ki voye mwen. Men, nou pa vle resevwa mwen. Men, kite yon lòt moun vin pou kont li, n'ap resevwa li.

44 Nou renmen resevwa lwanj yonn nan men lòt, nou pa chache lwanj ki soti nan men Bondye ki pa gen parèy la. Nan kondisyon sa a, ki jan pou nou kwè?

45 Pa mete nan tèt nou mwen pral akize nou devan Papa mwen. Se Moyiz ki pral akize nou, Moyiz nou di ki tout espwa nou an.

46 Si nou te kwè tout bon nan Moyiz, nou ta kwè nan mwen tou, paske li ekri sou mwen tou.

47 Men, nou pa kwè nan sa l' te ekri a. Ki jan pou n' ta fè kwè sa m'ap di nou an?

¶ Apre sa, Jezi janbe lòt bò lanmè Galile a. Yo rele lanmè sa a lanmè Tiberyad tou.

Yon gwo foul moun t'ap swiv li, paske yo te wè mirak li t'ap fè, jan li t'ap geri anpil moun malad tou.

Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo.

Jou fèt Delivrans jwif yo te vanse rive.

Jezi gade, li wè yon gwo foul moun ki t'ap vin jwenn li. Li rele Filip, li di l' konsa: Ki bò nou ta ka jwenn manje pou n' achte pou n' bay moun sa yo manje?

(Li t'ap di sa pou l' te wè sa Filip tapral reponn li; li menm li te byen konnen sa l' tapral fè.)

Filip reponn li: Menm si nou ta gen desan (200) goud pou achte pen, pa ta gen ase pou chak moun ta jwenn ti kal.

Yon lòt nan disip yo, Andre, frè Simon Pyè a, di li:

Gen yon ti gason la a ki gen senk pen fèt ak farenn lòj, ak de ti pwason. Men, sa pa anyen pou tout kantite moun sa yo.

10 Lè sa a, Jezi di yo: Fè moun yo chita. (Te gen anpil zèb bò la.) Moun yo chita, te gen senkmil (5.000) gason konsa.

11 Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle.

12 Lè tout fin manje vant plen, Jezi di disip li yo: Ranmase tout ti moso ki rete yo. Pa kite anyen gaspiye.

13 Yo ranmase tout moso ki te rete nan senk pen moun yo te manje yo. Yo plen douz panyen pote ale.

14 Lè moun yo wè mirak Jezi te fè a, yo di konsa: Se vre wi, nonm sa a se pwofèt ki te gen pou vini sou latè a.

15 ¶ Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.

16 Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a.

17 Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pa t' ankò vin jwenn yo.

18 Dlo lanmè a te move paske van an te fò.

19 Yo te gen tan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè.

20 Men, Jezi di yo: Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.

21 Yo te vle pran l' nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gen tan rive kote yo taprale a.

22 ¶ Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pa t' moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo.

23 Men, te gen lòt kannòt ki te soti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Seyè a te di Bondye mèsi a.

24 Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pa t' la, yo moute nan kannòt sa yo, y' al chache l' lavil Kapènawòm.

25 Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li: Mèt, kilè ou gen tan rive isit la?

26 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m' konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou.

27 Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.

28 ¶ Lè sa a, yo mande li: Kisa pou n' fè si nou vle fè travay Bondye?

29 Jezi reponn yo: Sèl travay Bondye mande nou pou n' fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a.

30 Yo di li: Ki mirak ou ka fè nou wè pou nou ka kwè nan ou? Kisa ou pral fè?

31 Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje.

32 Jezi reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moyiz pa t' ban nou pen ki soti nan syèl la. Men, se Papa m' k'ap ban nou pen ki soti nan syèl tout bon an.

33 Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi.

34 Yo di li: Mèt, toujou ban n' nan kalite pen sa a.

35 Jezi di yo: Se mwen menm pen ki bay lavi a. Moun ki vin jwenn mwen p'ap janm grangou; moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf dlo.

36 Men, mwen te di nou sa: nou wè m', men nou pa kwè toujou.

37 Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.

38 Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan.

39 Men sa moun ki voye m' lan vle: li vle pou m' pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

40 Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

41 Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la.

42 Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit gason Jozèf la? Nou konn papa l' ak manman li. Ki jan li ka fè di koulye a li desann sot nan syèl la?

43 Jezi reponn yo: Nou pa bezwen ap bougonnen konsa.

44 Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

45 Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l' moutre yo, y'ap vin jwenn mwen.

46 Sa pa vle di gen pesonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki soti bò kote Bondye ye a.

47 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.

48 Se mwen menm pen ki bay lavi a.

49 Zansèt nou yo te manje laman nan dezè a, atousa yo mouri.

50 Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri.

51 Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.

52 Pawòl sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l' pou n' manje?

53 Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.

54 Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

55 Paske kò m', se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon.

56 Moun ki manje kò m', ki bwè san m', y'ap fè yonn avè m', epi m'ap fè yonn avè yo tou.

57 Papa ki voye m' lan, li vivan. Se li menm ki ban m' lavi. Konsa tou, moun ki manje m', m'a ba yo lavi.

58 Men pen ki desann sot nan syèl la. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a, paske pen yo a pa t' anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan.

59 Jezi te di pawòl sa yo antan l' te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay.

60 ¶ Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: Pawòl sa a twò rèd. Ki moun ki ka pran li?

61 Jezi te gen tan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: Sa ofiske nou, pa vre?

62 Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l' te ye anvan an?

63 Se lespri a ki bay lavi, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo soti nan Lespri Bondye, yo bay lavi.

64 Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l' la.)

65 Li di ankò: Se poutèt sa mwen te di nou: pesonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li.

66 Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l' ankò.

67 Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: Nou menm, nou pa vle ale tou?

68 Simon Pyè reponn li: Seyè, ki moun pou n' al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.

69 Koulye a nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.

70 Jezi reponn yo: Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab.

71 Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskariòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki tapral trayi li.