Add parallel Print Page Options

38 ¶ Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:

-Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?

Mete gason sou ou! M' pral poze ou keksyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.

¶ Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!

Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l'? Eske ou konn sa?

Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la?

Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.

Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?

Lè mwen kouvri lanmè a ak nwaj, lè mwen vlope l' nan gwo nwaj nwa yo,

10 mwen bay lanmè a bòn li. Mwen mete pòt avèk kle pou kenbe l' nan plas li.

11 Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.

12 ¶ Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?

13 Eske ou janm bay devanjou l' lòd pou l' klere sou tout latè, l' pou l' fè mechan yo soti nan twou yo?

14 Lè sa a, tout mòn yo ak tout fon yo parèt aklè, tankou mak pye bèt nan labou. Yo pran koulè yo, ou ta di yon rad latè mete sou li.

15 Limyè solèy la antrave mechan yo nan travay yo. Yo blije kite mechanste yo te pare pou fè a.

16 Eske ou te desann jouk kote sous lanmè a pete a? Eske ou te mache nan fon lanmè a?

17 Eske yo te janm moutre ou pòtay peyi lanmò a? Eske ou te janm wè pòt ki louvri sou gwo twou san fon an?

18 Eske ou gen lide ki lajè latè a genyen? Reponn mwen non, si ou konnen!

19 Eske ou konnen ki bò limyè soti, ki bò fènwa rete,

20 pou ou ka moutre yo jouk ki bò pou yo ale, osinon pou ou voye yo tounen lakay yo?

21 Si ou konn sa, enben, ou te fèt deja lè mwen t'ap kreye yo a. Ou pa manke gen laj sou tèt ou!

22 Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?

23 Ou konnen depo kote m' sere yo pou lè gen move tan, pou lè batay ak lagè ap fèt?

24 Ou konnen ki bò solèy la leve, ki bò van lès la soti pou l' soufle sou latè?

25 ¶ Ou konnen ki moun ki fè wout bay lapli tonbe, ki moun ki fè chemen pou loraj la,

26 pou lapli tonbe sou dezè a kote moun pa rete,

27 pou wouze tè sèk k'ap fann nan solèy, pou fè zèb pouse nan savann?

28 Eske lapli a gen papa? Ki moun ki fè lawouze?

29 Ki bò moso glas yo soti? Lagrèl ki soti nan syèl la, ki moun ki manman l'?

30 Se yo menm ki fè dlo vin di kou wòch, ki fè tout dlo anwo lanmè a di kou wòch?

31 Ou ka mare zetwal Lapousiyè yo ansanm? Ou ka lage kòd ki kenbe zetwal Oryon yo ansanm?

32 Ou ka mennen zetwal yo soti lè lè yo rive? Ou ka bay Gwo Kabwèt la ak Ti Kabwèt la direksyon pou yo pran?

33 Ou konnen lwa k'ap gouvènen tout bagay nan syèl la? Eske ou ka sèvi ak lwa sa yo pou gouvènen sa k'ap pase sou latè?

34 Eske ou ka bay nwaj yo lòd pou yo voye gwo lapli sou ou?

35 Si ou bay zèklè yo lòd pou yo pati, èske y'ap reponn ou: Wi, men nou?

36 Ki moun ki penmèt krabye konprann lè pou li anonse dlo pral desann fè inondasyon? Ki moun ki fè gwo zwezo sa a konnen lè lapli pral tonbe?

37 Ki moun ki ka konte kantite nwaj ki genyen, san manke yonn? Ki moun ki ka panche yo pou vide dlo lapli,

38 pou pousyè tè a tounen labou, pou boul tè yo kole ansanm?

39 Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,

40 kote yo kache nan twou yo a, osinon kote yo kouche ap tann nan nich yo a?

41 Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo soti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m' pou m' ba yo manje?

39 ¶ Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?

Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?

Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a?

Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen.

Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?

Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.

Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay.

Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.

Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?

10 Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo?

11 Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?

12 Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?

13 ¶ Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.

14 Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.

15 Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.

16 Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi,

17 Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.

18 Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'.

19 ¶ Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?

20 Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?

21 Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.

22 Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.

23 Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.

24 Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas.

25 Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.

26 ¶ Eske se ou ki moutre grigri jan pou l' vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?

27 Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?

28 Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l' ye a, moun pa ka vin pran l'.

29 Se la li rete, l'ap veye bèt pou l' trape manje. Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li.

30 Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye.