Añadir traducción en paralelo Imprimir Opciones de la página

35 ¶ Eliyou pran lapawòl ankò, li di:

-Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye,

lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen.

Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo.

Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou!

Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen?

Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a?

Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat.

¶ Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele.

10 Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj.

11 Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la.

12 Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy.

13 Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.

14 ¶ Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li.

15 Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen.

16 Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.

36 ¶ Eliyou pran pale ankò, li di konsa:

-Pran yon ti pasyans. Kite m' fè yon ti pale ankò, paske m' poko fin di sa m' gen pou m' di pou pran defans Bondye.

Mwen pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m' moutre ou se Bondye ki kreye m' lan ki gen rezon.

Mwen p'ap bay manti nan sa m'ap di la a. Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a.

¶ Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann.

Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri.

Li defann kòz moun ki mache dwat yo. Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa. Toutan tout moun ap pale byen pou yo.

Men, si Bondye mete yo nan chenn, si lafliksyon makònen nan tout kò yo,

Bondye va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a. Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche.

10 Li pale nan zòrèy yo pou avèti yo. Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal.

11 Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi.

12 Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri. Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen.

13 Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou.

14 Yo jenn gason toujou, yo gen tan mouri. Yo t'ap mennen yon lavi dezòd.

15 ¶ Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo.

16 Ou menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a, pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont. Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.

17 Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo. Koulye a, yo pral pini ou jan ou merite l' la.

18 Veye zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò! Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado!

19 Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la.

20 Pa kraze moun ki pa anyen pou ou pou mete fanmi ou nan plas yo.

21 Atansyon pou ou pa fè sa ki mal. Se pou sa menm w'ap soufri konsa.

22 Gade jan Bondye gen anpil pouvwa. Pa gen pi gran mèt pase l'.

23 Pesonn pa ka di Bondye sa pou l' fè. Pesonn pa ka di l' sa l' fè a mal.

24 ¶ Se pou ou fè lwanj travay li pito, tankou tout moun toujou fè l' la.

25 Se bèl bagay pou tout moun wè. Yo rete byen lwen, y'ap gade.

26 Wi. Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa! Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la.

27 Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli.

28 Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè.

29 Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a.

30 Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo.

31 Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite.

32 Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a.

33 Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini.

37 ¶ Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache.

Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!

Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.

Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.

Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.

¶ Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.

Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'.

Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich.

Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò.

10 Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.

11 Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.

12 Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.

13 Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.

14 ¶ Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.

15 Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo?

16 Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès.

17 Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.

18 Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?

19 Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'.

20 Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'?

21 ¶ Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.

22 Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.

23 Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.

24 Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.