Add parallel Print Page Options

46 ¶ Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se pou yo kenbe pòtay bò solèy leve nan ti lakou anndan an fèmen pandan sis jou moun gen dwa travay la. Men, y'a louvri l' jou repo ak jou fèt lalin nouvèl lan.

Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè.

Chak jou repo m' yo ak chak fèt lalin nouvèl yo, se pou tout pèp la mete ajenou pou yo adore Seyè a devan pòtay la.

Chak jou repo m' yo se pou wa a ofri sis ti mouton ak yon belye mouton san ankenn enfimite, pou yo boule nèt pou Seyè a.

Avèk chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Avèk chak ti mouton, l'a bay sa l'a vle. Pou chak demi mezi grenn, l'a bay twaka yon mezi lwil oliv.

Pou fèt lalin nouvèl lan, l'a ofri yon jenn towo bèf, sis ti mouton ak yon belye mouton, yo tout san ankenn enfimite.

Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Pou chak ti mouton, l'a ofri sa li vle. Se pou l' ofri twaka yon mezi lwil oliv pou chak demi mezi grenn li ofri.

Lè wa a ap antre, se pou l' pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l'ap soti, se la pou l' pase tou.

Pou nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Seyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo soti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo soti. Pesonn p'ap gen dwa pase soti kote li te pase antre a. Se pou l' pase soti nan pòtay anfas la.

10 Wa a va kanpe avèk pèp la, l'a antre ansanm ak yo, l'a soti ansanm ak yo.

11 Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y'a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y'ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l'a bay sa l'a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden.

12 Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la.

13 Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou.

14 Chak maten, y'a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y'a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Seyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p'ap janm chanje.

15 Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Seyè a.

16 ¶ Seyè sèl Mèt la bay lòd sa a: -Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li.

17 Men, si wa a fè yon moun k'ap sèvi l' kado yon moso nan tè li a, tè a ap tounen pou wa a ankò lè lanne rejwisans lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan.

18 Wa a pa gen dwa mete ankenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l' pou li. Se nan tè ki rele l' pa l' la pou l' pran pou l' bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pesonn deyò sou tè yo pou l' pran tè a pou li.

19 ¶ Apre sa, nonm lan mennen m' devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m' yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo.

20 Epi li di m': -Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y'a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p'ap janm soti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la.

21 Apre sa, li mennen m' nan gwo lakou deyò a, li fè m' pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen.

22 Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasantwit pye longè, karantwit pye lajè.

23 Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a.

24 Nonm lan di m': -Sa se kizin kote moun k'ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye.

47 ¶ Apre sa, nonm lan mennen m' tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la.

Nonm lan fè m' soti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti dlo t'ap koule soti nan kwen sid pòtay la.

Nonm lan swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solèy leve. Avèk baton mezi ki te nan men l' lan, li mezire senksan (500) mèt. Rive la, li fè m' janbe dlo a. Dlo a ban m' nan je pye.

Li mezire yon lòt senksan (500) mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan jenou. Li mezire yon lòt senksan (500) mèt ankò, li fè m' janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren.

Li mezire yon lòt senksan (500) mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pa t' ka mache janbe l' ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m' ta naje travèse l'.

Li di m' konsa: -Nonm o! Make tou sa ou wè la a! Apre sa, li fè m' tounen sou bò larivyè a.

Lè m' rive la, mwen wè te gen anpil pyebwa sou de bò larivyè a.

Li di m' konsa: -Dlo sa a ap koule desann, l'ap travèse pòsyon tè ki bay sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l' tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l'a tonbe nan Lanmè mouri a, l'ap fè dlo sale a tounen dlo dous.

Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi.

10 Depi sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k'ap peche sou tout bò lanmè a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pwason an kantite tankou nan lanmè Mediterane a.

11 Men, dlo ki nan lagon yo ak nan ma dlo ki sou rivaj la p'ap dous. Y'ap rete ak tout gwo sèl yo.

12 Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.

13 ¶ Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Men fwontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon.

14 Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.

15 Sou bò nò, fwontyè a va soti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la.

16 L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fwontyè peyi Oran an.

17 Konsa, fwontyè nò peyi a soti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L'ap bòde ak fwontyè peyi Damas ak peyi Amat.

18 Sou bò solèy leve, fwontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fwontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a.

19 Sou bò sid la, fwontyè ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a.

20 Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fwontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat.

21 N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo.

22 N'a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo.

23 Chak moun lòt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tè pa yo nan pòsyon ki pou branch fanmi moun kote y'ap viv la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

48 ¶ Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan.

Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a.

Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a.

Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a.

Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan.

Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Woubenn lan.

Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a.

Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè soti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap soti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan.

Nan mitan pòsyon sa a, n'a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè mete l' apa nèt pou Seyè a.

10 Y'a bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Seyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y'a moute Tanp Seyè a.

11 Moso tè sa a va rete pou prèt ki soti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pa t' pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo.

12 Se konsa, y'a ba yo yon moso tè pou kont yo, kole kole ak moso tè yo bay moun Levi yo. Se moso tè sa a ki va rete apa nèt pou Seyè a.

13 Moun Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid.

14 Yo p'ap gen dwa ni vann tè a, ni boukante l' ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l' apa pou Seyè a, se pou li li ye nèt.

15 Rès tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l' apa pou Seyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la dwat nan mitan l'.

16 Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2520) mèt chak bò.

17 Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L'a gen sanven (120) mèt lajè.

18 Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Seyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la.

19 Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tè sa a.

20 Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l' tou.

21 Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l'.

22 Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L'ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè.

23 Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L'a soti depi sou fwontyè bò solèy leve a rive sou fwontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an.

24 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an.

25 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Isaka a.

26 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Zabilon an.

27 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Gad la.

28 Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fwontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fwontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane.

29 Seyè sèl Mèt la di: -Men peyi nou pral separe an pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.

30 Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè.

31 ¶ L'a gen twa pòtay: pòtay Woubenn, pòtay Jida, pòtay Levi.

32 Miray bò solèy leve a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Jozèf, pòtay Benjamen, pòtay Dann.

33 Miray sid la va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Simeyon, pòtay Isaka, pòtay Zabilon.

34 Miray bò solèy kouche a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Gad, pòtay Asè, pòtay Neftali.

35 Tout miray la nèt va mezire dimil katreven (10.080) mèt longè antou. Depi jou sa a, y'a rele lavil la: Se la Seyè a ye!