Add parallel Print Page Options

¶ Men pawòl Moyiz te di tout pèp Izrayèl la lè yo te lòt bò larivyè Jouden an, nan dezè a, nan plenn Araba ki anfas Souf: Yo te gen dezè Paran an sou yon bò ak lavil Tofèl, Liban, Azewòt ak Dizaab sou lòt bò a.

Pou mache soti mòn Sinayi rive Kadès-Banea, lè ou swiv wout ki pase nan mòn Seyi a, sa pran onz jou.

Se premye jou nan onzyèm mwa karantyèm lanne depi yo te soti kite peyi Lejip la Moyiz te fè pale sa a ak pèp Izrayèl la, jan Seyè a te mande l' la.

Lè sa a, Seyè a te fin bat Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon, ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete Astawòt nan zòn Edreyi.

Se antan pèp la te lòt bò larivyè Jouden, nan peyi Moab la, Moyiz tanmen esplike yo tou sa Seyè a te di. Li di yo konsa:

-Lè nou te sou mòn Orèb la, nou chonje Seyè a, Bondye nou an, te pale ak nou. Li te di nou: Koulye a, nou rete kont nou sou mòn sa a.

Ranmase tout zafè nou pati. Ale nan mòn peyi Amori yo ak nan tout lòt peyi ki toupre l' yo, nan plenn Araba a, nan mòn yo, nan fon yo, nan Negèv la bò sid ak bò gwo lanmè Mediterane a. Ale nan peyi Kanaran an ak nan peyi Liban an jouk nou rive bò gwo larivyè Lefrat la.

Nou wè! Men m'ap ban nou tout peyi sa yo. Al pran posesyon peyi mwen menm Seyè a, mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, pou yo ak pou tout pitit yo ak pitit pitit yo apre yo.

¶ Menm lè sa a, mwen te di nou: Mwen pa kapab reskonsab nou tout pou kont mwen, chay la twòp pou mwen.

10 Seyè a, Bondye nou an, ban nou anpil pitit, kifè koulye a nou vin anpil, tankou zetwal nan syèl la.

11 Se pou Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen koulye a. Se pou l' beni nou jan li te pwomèt nou an.

12 Men, ki jan pou m' fè pote tout chay sa a pou kont mwen, pou m' jwenn solisyon pou tout pwoblèm nou, pou m' regle tout kont nou gen yonn ak lòt?

13 Se poutèt sa, nan chak branch fanmi nou yo, chwazi kèk nèg ki gen lespri, ki gen bon konprann, ki konn lavi, m'a mete yo chèf pou dirije nou.

14 Lè sa a, nou te reponn mwen, nou te di m' konsa: Sa ou mande nou fè la a bon wi!

15 Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Genyen mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.

16 Lè sa a, men sa mwen te mande chèf nou yo pou yo fè: Chache konnen lè gen kont nan mitan pèp la. N'a regle tout kont yon moun ka gen ak frè parèy li osinon ak moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. N'a fè sa san patipri.

17 Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.

18 Se konsa, menm lè sa a, mwen te ban nou lòd, mwen te di nou sa pou n' fè ak sa pou n' pa fè.

19 ¶ Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l' lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n' al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea.

20 Lè sa a, mwen di nou: Men nou rive nan mòn peyi Amori yo, peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.

21 Gade, men peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Ale non, pran peyi a pou nou, jan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te di l' la. Nou pa bezwen pè, kè nou pa pou janm kase.

22 Lè sa a nou tout, nou vin jwenn mwen, nou di m' konsa: Ann voye kèk nèg pami nou devan pou y' al wè ki jan peyi a ye. Y'a tounen vin esplike nou ki wout pou nou swiv ak nan ki lavil nou ka antre.

23 Mwen te wè sa nou di m' lan se te bon koze. Se konsa mwen chwazi douz nèg, yonn nan chak branch fanmi.

24 Yo pati, yo pran chemen mòn lan jouk yo rive nan Fon Echkòl: yo vizite tout zòn lan nèt.

25 Yo pran kèk fwi peyi a donnen, yo pote ban nou. Epi yo di nou peyi Seyè a ap ban nou an se yon bon venn tè.

26 Men, nou pa t' vle al ladan l'. Se konsa nou te derefize obeyi lòd Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.

27 Nou antre lakay nou, nou pran plenyen. Epi nou di se vle Seyè a pa vle wè nou! Se poutèt sa li fè nou soti kite peyi Lejip pou l' lage nou nan men moun peyi Amori yo pou yo ka fini ak nou.

28 Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.

29 Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.

30 Seyè a, Bondye nou an, ap mache alatèt nou. Li pral goumen pou nou menm jan nou te wè l' fè l' la nan peyi Lejip

31 ak nan dezè a. Nou wè ki jan sou tout wout la li pa janm lage nou, tankou yon papa ki pa janm lage pitit li, jouk nou rive bò isit la.

32 Men, atout mwen te di nou sa, nou pa t' vle mete konfyans nou nan Seyè a, Bondye nou an,

33 li menm ki te pran devan nou sou tout wout la pou l' te ka jwenn kote pou nou moute kan nou. Lannwit, li te mache devan nou nan yon poto dife. Lajounen, nan yon gwo nwaj li te moutre nou chemen pou nou pran.

34 Lè Seyè a tande jan nou t'ap plenyen, li te fache anpil, li fè sèman, li di:

35 Pa gen yonn nan tout move sije sa yo k'ap viv koulye a k'ap antre nan bon peyi mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo,

36 an wetan Kalèb, pitit gason Jefoune a, ki va antre nan peyi sa a. M'a ba li peyi li te al espyonnen an, pou li ak pou pitit li yo, paske li te obeyi m' san gad dèyè.

37 Nou lakòz Seyè a te fache ata avè m', epi li di m': Ou menm tou Moyiz, ou p'ap antre nan peyi a.

38 Se Jozye, pitit gason Noun lan, k'ap sèvi avè ou la, ki va antre nan plas ou. Ankouraje l' tande, paske se li menm ki pou fè pèp Izrayèl la antre al pran peyi a.

39 Men, se pitit nou yo, sa nou di ki tapral tonbe anba men lènmi nou yo, timoun nou yo ki koulye a poko konnen sa ki byen ak sa ki mal, se yo menm ki pral antre nan peyi a. Se yo menm mwen pral bay peyi a, se yo menm ki pral rete ladan l'.

40 Men nou menm, tounen tounen nou nan dezè a! Pran chemen Lanmè Wouj la ankò!

41 Lè sa a nou reponn mwen: Nou rekonèt nou peche kont Seyè a. Nou prale, epi n'a goumen jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la. Epi nou leve nou pran zam nou. Nou te kwè sa tapral fasil pou nou pran mòn yo.

42 Men, Seyè a di m' avèti nou: Piga n' al atake, piga n' al fè lènmi nou yo bat nou, paske li p'ap kanpe avèk nou.

43 Mwen te pale nou, men nou pa t' koute m', nou derefize swiv lòd Seyè a te ban nou. Nou te konprann nou te fò kont kò nou pou n' te al pran mòn lan.

44 Lè sa a, moun peyi Amori yo ki te rete nan mòn yo soti vin kontre ak nou. Tankou yon desen myèl, yo kouri dèyè nou, yo bat nou byen bat nan tout peyi Seyi a rive jouk Oma.

45 Lè nou tounen, nou kriye nan pye Seyè a, men Seyè a pa t' koute sa nou t'ap di l', li pa t' pran ka nou.

46 Se poutèt sa nou te blije pase tout tan sa a nan zòn Kadès la.

¶ Lè sa a, nou tounen tounen nou nan dezè a, nou pran chemen Lanmè Wouj la pou nou, jan Seyè a te pase nou lòd la. Nou pase yon pakèt tan ap mache moute desann nan mòn peyi Seyi yo.

Apre sa, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:

Nou fè kont moute desann nou nan mòn yo. Koulye a, pran direksyon nò pou nou.

Bay pèp la lòd sa a: Nou pral pase nan mitan peyi Seyi a, kote pitit pitit Ezaou yo rete a. Moun sa yo se menm ras ak nou yo ye. Y'ap pè nou, men, atansyon!

Pa chache yo kont, paske mwen p'ap ban nou ata yon pous tè nan peyi yo a. Se mwen menm ki bay moun fanmi Ezaou yo tout mòn Seyi a nèt pou yo rete.

N'a achte manje pou nou manje nan men yo pou lajan nou, n'a mande yo achte ata dlo pou nou bwè.

Chonje byen, Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tou sa n'ap fè. Li te pran swen nou pandan tout tan nou t'ap moute desann nan gwo dezè a. Sa fè karantan depi Seyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen.

¶ Se konsa nou leve, nou pati, nou kite wout Araba a ki soti lavil Elat ak lavil Etsongebè, nou pase byen lwen peyi kote pitit Ezaou yo rete a, peyi ki pou moun menm ras ak nou yo. Nou vire, nou pran chemen ki mennen nan dezè Moab la.

Lè sa a, Seyè a di m': Pa chache moun Moab yo, moun fanmi Lòt yo, kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ban nou anyen nan peyi ki pou yo a. Se mwen menm ki bay yo lavil A Moab la pou yo rete.

10 (Nan tan lontan, se te emen yo ki te rete nan lavil Ar la. Se te yon ras moun ki te wo anpil tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason.

11 Tout lòt moun te rele yo refayim, menm non ak moun Anak yo. Men, se moun Moab yo ki te rele yo emen.

12 Konsa tou, nan tan lontan se orit yo ki te rete nan peyi Edon an. Men moun fanmi Ezaou yo te pran peyi a nan men yo, yo touye tout moun epi yo rete ladan l' nan plas moun yo, menm jan moun Izrayèl yo te fè pou peyi ki pou yo a, peyi Seyè a te ba yo a.)

13 Aprè sa, Seyè a di ankò: Leve non! Janbe lòt bò ravin Zerèd la. Se konsa nou janbe lòt bò ravin Zerèd la.

14 Nou pran trantwitan pou nou mache soti Kadès Banea jouk nou rive janbe lòt bò ravin Zerèd la. Pandan tout tan sa a, mezi gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te gen tan mouri, jan Seyè a te di li t'ap fè a.

15 Seyè a te leve dèyè yo nan kan an jouk yo tout te mouri.

16 Lè tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te fin mouri,

17 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:

18 Jòdi a ou pral pase fwontyè peyi Moab la, ou pral pran chemen lavil Ar la.

19 Ou pral tonbe bab pou bab ak moun Amori yo. Pa chache yo kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ba ou anyen nan peyi Amon an. Se pitit pitit Lòt yo ye; se mwen menm ki ba yo peyi sa a pou yo rete.

20 (Nan tan lontan, dapre sa yo di, peyi sa a, se te peyi refayim yo. Se refayim yo ki te rete ladan l' anvan. Moun Amon yo te rele yo Zanmzoumim.

21 Yo te bèl wotè tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason. Men, Seyè a te touye yo pou moun Amon yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'.

22 Se menm bagay Seyè a te fè pou moun fanmi Ezaou yo ki rete nan peyi Seyi a. Li touye orit yo pou moun Ezaou yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l'.

23 Se menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo soti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo.

24 ¶ Seyè a di m' ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan menm nou. Atake l', konmanse pran peyi a pou nou.

25 Depi jòdi a, m'ap fè tout nasyon ki sou latè pè nou kou chat. Konsa, depi y'a tande yo nonmen non nou, y'a pran tranble, y'a gen yon sèl kè sere k'ap pran yo.

26 Lè sa a, antan nou te nan dezè Kedemòt la, mwen voye kèk mesaje bò kote Siyon, wa lavil Esbon an, pou yo te pale an zanmi avè l', pou yo te di l' pou mwen:

27 Mwen fè lide pase nan peyi a. N'ap pase pase nou sou gran chemen an san nou pa vire ni adwat ni agoch.

28 W'a vann nou pou lajan nou manje nou ka bezwen pou n' manje ansanm ak dlo pou nou bwè. Se pase sèlman n'ap pase nan peyi a san rete,

29 jouk nou rive lòt bò larivyè Jouden an, nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Se konsa moun fanmi Ezaou yo ki te rete nan peyi Seyi a, ak moun Moab yo ki rete nan lavil Ar la te ban nou pèmisyon pou n' pase nan peyi yo.

30 Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a.

31 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: Gade! Depi koulye a mwen lage Siyon ak tout peyi li a nan men nou. Konmanse anvayi peyi a, pran peyi l' la pou nou.

32 Siyon mache kontre nou ak tout lame l' la, li vin mande nou batay bò Jayat.

33 Men, Seyè a, Bondye nou an, lage l' nan men nou. Nou bat li byen bat, li menm, pitit gason l' yo ak tout lame l' yo.

34 Tout lavil yo tonbe nan men nou tou epi nou touye yo nèt pou Bondye nou an tankou yon ofrann. Nou touye tout moun nèt, fanm kou gason, timoun kou granmoun. Nou pa kite yonn chape.

35 Tansèlman, nou pran tout bèt yo pou nou epi nou piye tout lavil nou te pran yo.

36 Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou.

37 Men nou pa t' pwoche bò peyi moun Amon yo, ni bò zòn larivyè Jabòk la, ni bò lavil ki nan mòn yo, ni bò ankenn kote Seyè a te ban nou lòd pa atake.