Add parallel Print Page Options

15 ¶ Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Obèd.

Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyè a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avè l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.

Pandan lontan, pèp Izrayèl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prèt pou moutre yo sa pou yo fè, san lalwa Bondye a.

Men, lè malè tonbe sou yo, yo tounen nan pye Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo chache l', li kite yo jwenn li.

Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafè yo ak kè poze, paske te gen gwo dezòd pou tout moun nan tout peyi.

Nasyon t'ap kraze nasyon, yon lavil t'ap detwi yon lòt lavil, paske Bondye te lage tout kalite malè sou yo.

Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou.

¶ Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a.

Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo.

10 Yo tout reyini lavil Jerizalèm. Lè sa a, Asa te gen katòzan twa mwa depi li te wa.

11 Jou sa a, yo pran sètsan (700) bèf ak sètmil (7.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Seyè a.

12 Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.

13 Yo pwomèt pou yo touye nenpòt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa soti pou sèvi Seyè a.

14 Yo fè sèman bay Seyè a byen fò y'ap kenbe angajman yo. Yo te kontan, yo t'ap rele, yo t'ap kònen twonpèt ak klewon.

15 Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fè sèman an ak tout kè yo. San pesonn pa fòse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyè a. Seyè a menm te kite yo jwenn li. Li fè yo viv ak kè poze ak tout moun nan vwazinaj yo.

16 Wa Asa menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyèt moso, li fè boule l' nan ravin Sedwon an.

17 Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li.

18 Li pran tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye a, li mete yo nan Tanp lan ak tout bagay an lò ak an ajan li menm li te bay pou Bondye.

19 Pat gen lagè menm jouk wa Asa rive sou trannsenkan depi li t'ap gouvènen.

16 ¶ Wa Asa te gen trannsenkan depi li t'ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun Asa yo pase antre soti nan peyi Jida.

Lè wa Asa wè sa, li pran bagay an lò ak bagay an ajan ki te nan tanp lan ak nan palè a, li renmèt yo nan men kèk moun pa l', li voye yo bò kote Bennadad, wa peyi Siri, ki te rete lavil Damas, ak mesaj sa a:

-Annou pase kontra yonn ak lòt, tankou zansèt nou yo te fè l' la. Men mwen voye bagay an lò ak bagay an ajan sa yo fè ou kado. Koulye a, kase kontra ou te pase ak Bacha, wa peyi Izrayèl la. Konsa, l'a blije wete sòlda li yo nan peyi mwen an.

Wa Bennadad dakò avèk sa wa Asa te di l' la. Li voye chèf lame li yo al atake lavil peyi Izrayèl yo. Yo pran lavil Ijon, lavil Dann, lavil Abèl Mayim ak tout lavil nan pòsyon tè branch fanmi Neftali a ki te sèvi depo.

Lè Bacha vin konn sa, li wete tout sòlda li te kite nan lavil Rama yo, li sispann travay li t'ap fè pou ranfòse miray lavil la.

Lè sa a, wa Asa fè rele dènye moun nan peyi Jida pou wete wòch ak bwa wa Bacha te fè anpile pou ranfòse miray ranpa lavil Rama a. Wa Asa sèvi ak materyo sa yo pou ranfòse miray lavil Mispa ak miray lavil Gibeya.

¶ Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou.

Eske moun Letiopi yo ak moun Libi yo ansanm pa t' fè yon gwo lame ak anpil cha lagè, anpil kavalye sou chwal? Malgre sa, Seyè a te lage yo nan men ou paske ou te mete konfyans ou nan li.

Seyè a ap veye tou sa k'ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l' ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouraj. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete.

10 Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l' nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.

11 Tou sa wa Asa te fè depi premye jou li moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo ak wa peyi Izrayèl yo.

12 Asa te gen trantnevan depi li te wa, lè yon gwo maladi nan pye rann li enfim. Malgre sa, li pa t' al chache gerizon nan men Seyè a. Li te pito al kay dòktè.

13 Lè li mouri, li t'ap mache sou karanteyennan depi li te wa.

14 Yo antere l' nan kavo li te fè fouye pou tèt pa li nan lavil David la. Yo mete kadav la kouche sou yon payas fèt ak fèy santi bon ak tout kalite bon odè yo te pare jan yo konn fè l' la. Apre sa, yo limen yon gwo boukan pou li.

27 ¶ Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a.

28 Papa o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l' ankò.

29 Foul moun ki te la yo tande vwa a. Yo t'ap di: Se yon kout loraj! Gen lòt ki t'ap di: Se yon zanj Bondye ki pale avèk li.

30 Men, Jezi di yo: Se pa pou mwen non vwa a pale, se pou nou menm pou nou ka tande.

31 Koulye a, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Koulye a, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò.

32 Men mwen menm, lè y'a leve m' anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen.

33 (Lè l' di sa, li t'ap moutre yo ki jan li tapral mouri.)

34 Foul moun yo reponn li: Nan Liv lalwa nou an, nou wè Kris la gen pou l' viv pou tout tan. Ki jan ou ka di se pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a anlè? Kilès ki Moun Bondye voye nan lachè a?

35 Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale.

36 Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l' lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l', li al kache byen lwen.

37 ¶ Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pa t' kwè nan li.

38 Se konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Bondye, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la? Ki moun ki te rekonet travay Bondye a nan sa ki rive a?

39 Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò:

40 Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo.

41 Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.

42 ¶ Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la.

43 Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye.

44 ¶ Jezi pale byen fò, li di: Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m' lan tou.

45 Moun ki wè m', li wè moun ki voye m' lan tou.

46 Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p'ap rete nan fènwa.

47 Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si l' pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo.

48 Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.

49 Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale.

50 Mwen menm, mwen konnen tout kòmandman l' yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sak fè sa m'ap di a, m'ap di l' jan Papa m' te ban m' lòd la.

Read full chapter