Add parallel Print Page Options

Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri,[a] k ap salye nou.

Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a. Bondye te pwomèt Bòn Nouvèl sa a nan Pawòl li byen lontan deja pa mwayen pwofèt li yo. Bòn Nouvèl la konsène Jezikri, Pitit Bondye a, ki soti nan ras David epi ki te pran fòm yon moun. Men lè Sentespri a[b] resisite Jezikri, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.

Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikri. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris. Nou menm tou, nou se moun Bondye chwazi pou Jezikri.

Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li.

Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.

Yon priyè pou di Bondye Mèsi

Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikri. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa. M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a. 10 M toujou mande Bondye, nan priyè m, pou l louvri yon pòt pou pèmèt mwen rive al lakay nou. 11 Mwen anvi wè nou toutbon pou m ka ban nou kèk don espirityèl ki ka fè lafwa nou vin pi fò. 12 Sa m vle di nou, se ede m vle pou n ede youn lòt nan lafwa. Lafwa pa nou ap ede m, lafwa pa m ap ede nou.

13 Frè ak sè m yo, mwen fè n konnen mwen te fè plan plizyè fwa pou m ale lakay nou, men yon bagay toujou pase pou chanje plan m yo. Mwen ta renmen wè lakay nou menm bon rezilta mwen te genyen nan mitan moun lòt nasyon ki pa Jwif yo.

14 Mwen dwe sèvi tout moun, kit se moun sivilize, kit se moun ki pa sivilize, kit se moun enstwi, kit se moun ki pa enstwi. 15 Se poutèt sa, mwen si tèlman vle pote Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm k ap viv nan lavil Wòm.

16 Pou mwen, pa gen wont[c] nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou. 17 Wi, Bòn Nouvèl la montre kijan Bondye bon epi li fidèl jan li fè sa l te pwomèt l ap fè. Li montre kijan fidelite[d] yon moun kapab kondui anpil moun rive nan lafwa. Jan Ekriti Sent yo di a, “Moun Bondye aksepte a poutèt lafwa[e] li, l ap viv.”[f]

Tout moun fè sa k mal

18 Nou wè tou, kijan Bondye montre kòlè li kont tout move zak moun ap komèt devan l. Yo pa gen okenn respè pou Bondye, y ap komèt move zak youn kont lòt. Mechanste lavi yo anpeche moun konnen verite a sou Bondye. 19 Bondye an kòlè kont yo, paske yo te dwe gen plis konesans, pa vre? Yo konnen tout sa moun ka konnen sou Bondye. Wi, paske Bondye, li menm, li montre yo tout sa aklè.

20 Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn.

21 Paske, menm lè yo te konnen Bondye, yo pa t ni adore l jan yo te dwe adore l ni di l mèsi kòm sa dwa. Okontrè, panse yo te vin menm jan ak panse moun fou epi lespri yo te egare nèt plonje nan fènwa. 22 Menm lè yo te pran pòz yo saj, se fou yo te fou. 23 Olye yo adore Bondye k ap viv pou tout tan an, yo te brade li ak adorasyon yo bay zidòl yo, bagay yo fè ki sanble ak moun ki ka tonbe malad epi ki ka mouri. Yo te fè yo pou yo ka sanble ak zwazo, zannimo ak bèt ki mache trennen sou vant.

24 Poutèt sa, Bondye livre yo pou yo fè sa lide yo di yo. Sa lakòz yo dezonore pwòp tèt yo nan komèt move zak. 25 Yo vann verite a sou Bondye nan bay manti. Yo adore epi yo sèvi bagay Bondye kreye, olye yo adore Kreyatè a, Bondye beni an ki merite adorasyon pou tout tan. Amèn.

26 Poutèt yo pa adore Bondye, Bondye livre yo pou yo swiv dezi kè yo, bagay k ap fè yo wont. Olye fi swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak gason, yo prefere kouche ak fi parèy yo. 27 Olye gason swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak fi, yo prefere gen anvi pou gason parèy yo. Moun sa yo ap fè tout voksal sa yo youn ak lòt nan gen rapò ak gason parèy yo. Sa fè wont! Poutèt sa, yo jwenn sa yo merite, paske yo pran distans yo ak verite a.

28 Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè. 29 Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal. 30 Y ap pale youn lòt mal. Yo rayi Bondye. Yo ensolan, yo gen lògèy, yo lwanjè. Yo envante fason pou yo fè sa ki mal. Yo pa obeyi paran yo, 31 yo pa gen bon konprann, yo pa kenbe pwomès yo, yo pa montre okenn jantiyès, yo san pitye pou lòt moun. 32 Yo byen konnen Lalwa Bondye a di moun k ap viv konsa dwe mouri. Men, non sèlman yo kontinye ap aji konsa, yo aplodi moun k ap fè menm bagay sa yo tou.

Ou pa kapab jije lòt moun yo

Se poutèt sa, ou pa gen okenn eskiz, ou menm k ap jije lòt moun yo. Paske, lè w ap jije lòt moun yo, ou pwononse pwòp jijman w, poutèt pandan w ap jije a menm, w ap fè menm bagay ak yo. Ou di, “Nou konnen Bondye jije tout bagay sa yo epi jijman Bondye a jis.” Men, poutèt ou fè menm bagay ak moun ou kondane yo, ou konnen Bondye p ap manke pini w tou. Kòman ou ta panse pou w ta chape anba jijman Bondye? Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon konsa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.

Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li. “Bondye ap rekonpanse oubyen pini chak moun selon sa l te fè.”[g] Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl. Men gen lòt moun ki egoyis, yo refize swiv verite a. Yo deside mache nan lenjistis. Bondye ap pini yo lè li an kolè. Bondye ap lage tout moun k ap fè sa ki mal yo nan tèt chaje ak nan soufrans. Sa pral rive moun ki Jwif yo anvan, answit moun ki pa Jwif yo. 10 Men tout moun ki fè sa ki byen, Bondye ap ba yo laglwa, lonè ak lapè, pou Jwif an premye ak pou moun ki pa Jwif yo tou. 11 Bondye jije chak moun menm jan, paske Bondye pa nan patipri.

12 Moun ki konnen Lalwa Moyiz la ak sa yo ki pa menm tande pale de Lalwa, tout se menm bagay lè yo peche. Moun ki pa konnen Lalwa ap peri san Lalwa, sa yo ki konnen Lalwa ap jije epi y ap peri dapre Lalwa. 13 Tande lekti Lalwa moyiz la pa fè moun jis devan Bondye. Moun ki jis devan Bondye, se moun ki fè sa Lalwa mande.

14 Lè moun ki pa Jwif yo,[h] moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri. 15 Yo montre yo konnen nan kè yo sa ki bon ak sa ki mal, jan Lalwa mande sa, epi konsyans yo dakò ak sa. Men kèk fwa konsyans yo akize yo epi kèk fwa konsyans yo defann yo.

16 Se konsa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikri.

Jwif yo ak Lalwa

17 Ou di ou se Jwif. Ou mete konfyans ou nan Lalwa epi, ak tout fyète w, ou di w pwòch Bondye. 18 Ou konnen sa Bondye vle w fè. Epi w konnen sa ki enpòtan, paske w aprann sa nan Lalwa. 19 Ou panse w se yon gid pou moun ki pa wè bon chemen an, yon limyè pou sa yo ki nan fènwa. 20 Ou panse w ka montre inyoran yo sa ki dwat. Epi w panse ou se pwofesè moun ki fenk ap aprann. Ou genyen Lalwa, epi poutèt sa, ou panse w konnen tout bagay epi ou genyen tout verite a. 21 Ou anseye lòt yo, men pou kisa w pa anseye pwòp tèt pa w? Ou di yo pou yo pa vòlè, men ou menm w ap vòlè. 22 Ou di yo pou yo pa fè adiltè, men ou menm ou fè menm peche sa a. Ou rayi zidòl, epi w ap vòlè zidòl nan tanp zidòl yo. 23 Ou byen fyè paske w genyen Lalwa Bondye a, poutan ou fè Bondye wont nan vyole Lalwa. 24 Jan Pawòl Bondye a di l la, “Moun lòt nasyon yo ap joure Bondye poutèt ou menm.”[i]

25 Si w te fè sa Lalwa mande, sikonsizyon w lan ta gen sans. Men si ou vyole Lalwa, se kòm si w pa t janm sikonsi. 26 Moun ki pa Jwif yo pa sikonsi. Men si yo fè sa Lalwa mande, se kòm si yo te sikonsi. 27 Yon moun ki pa sikonsi nan kò l epi ki fè sa Lalwa mande, l ap jije w, ou menm ki gen liv Lalwa yo ak sikonsizyon an, epi k ap dezobeyi Lalwa.

28 Si ou Jwif sèlman nan kò fizik ou, ou pa Jwif vre. Yon sikonsizyon toutbon vre, li pa nan kò a sèlman. 29 Yon Jwif toutbon vre, se yon moun ki Jwif anndan l. Yon bon sikonsizyon, se anndan kè yon moun li ye. Se Sentespri a ki fè l, se pa yon Lwa ekri ki fè sa. Epi nenpòt moun Sentespri a sikonsi nan kè l, li resevwa lwanj ki soti nan Bondye.

Alòs, Ki sa yon Jwif genyen anplis yon lòt moun? Ki sa sikonsizyon an itil yo? Se vre, Jwif yo gen anpil avantaj. Men sa ki pi enpòtan an: Bondye konfye yo Pwomès li yo. Se vre, kèk nan Jwif yo pa t fidèl ak Bondye. Men èske sa ap fè Bondye pa fidèl tou nan pwomès li? Swa jamè! Menm si tout moun ta enfidèl nan sa yo te pwomèt, Bondye ap toujou fidèl, l ap toujou fè sa l te di. Jan Pawòl Bondye di l la:

“Yo va jwenn ou dwat nan sa w di.
    Epi si yo ta akize w,
    w ap genyen pwosè a.”[j]

Men kijan kèk moun panse: Lè nou fè sa ki mal, sa montre aklè kijan Bondye jis. Konsa, èske n ka di Bondye pa fè byen lè l pini nou? “Pa ditou. Si Bondye pa fè sa ki byen, kijan l ta ka jije lemonn?”

Yon moun ta ka di: “Lè m bay manti, sa bay Bondye glwa vrèman, paske manti m nan fè verite a Bondye a parèt yon jan fasil. Lè sa a, poukisa Bondye jije m kòm pechè?” Epi, poukisa n pa di: “Ann fè sa ki mal pou sa ki byen ka rive?” Anpil moun ap pale nou mal, y ap di se sa n ap anseye. Moun sa yo antò, yo ta byen merite kondane pou sa.

Alò, èske nou menm Jwif, nou ta pi mal pase lòt moun yo? Non, nou te di deja, sa yo ki Jwif, menm jan ak sa yo ki pa Jwif, yo tout anba pouvwa peche.

Tout moun koupab

10 Jan Pawòl Bondye di sa a:

“Pa gen yon moun ki fè sa ki dwat,
    pa menm yon sèl.
11 Pa gen yon moun ki konprann,
    pa gen yon moun ki vle swiv Bondye.
12 Yo tout vire do kite l,
    yo tout pran move chemen.
Pa gen youn ki fè sa ki byen
    pa menm yon sèl.”[k]
13 “Bouch yo se yon kavo tou louvri.
    Yo sèvi ak lang yo pou bay manti pou twonpe moun.”[l]
“Lang yo se menm jan ak yon pwazon ki soti nan sèpan.”[m]
14     “Bouch yo plen ak malediksyon mele ak pawòl di.”[n]
15 “Yo toujou prèt pou touye moun.
16     Tout kote yo pase,
    yo simen la twoublay ak destriksyon.
17 Yo pa konnen kijan pou yo viv nan lapè.”[o]
18     “Yo pa gen okenn krent ni respè pou Bondye.”[p]

19 Nou konnen sa Lalwa di se pou moun ki anba Lalwa. Sa fè pèsòn pa gen eskiz, lemonn antye anba jijman Bondye. 20 Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman.

Kòman Bondye fè moun vin jis

21 Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa. 22 Fidelite Jezikris[q] fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans. 23 Wi, tout moun fè peche, yo pa merite pataje laglwa prezans Bondye. 24 Men Bondye deside fè nou tout gras nan delivre nou anba peche, pa mwayen Jezikris. 25-26 Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis.

27 Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a. 28 Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. 29 Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou. 30 Poutèt nou dakò se yon sèl Bondye ki genyen. Epi li p ap aksepte Jwif[r] ki gen lafwa kòm moun ki jis devan l sèlman, men l ap aksepte moun ki pa Jwif[s] yo ki gen lafwa, kòm moun ki jis devan l tou. 31 Lè sa a, èske lafwa ranplase Lalwa? Paditou! Okontrè, sa m di la a, li konfime sa Lalwa vle fè.

Footnotes

  1. 1:1 Jezikri Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 1:4 Sentespri a Literalman, “Espri Sentete a”.
  3. 1:16 pa gen wont Pòl itilize lide wont isit la paske pou anpil moun nan tan Pòl la, yon Bòn Nouvèl se te yon bagay chokan epi anbarasan. Kòm li di nan yon lòt lèt, yon bagay ki fondamantal nan mesaj la se te “Yo touye sou yon kwa Wa dapre Bondye a.” Li ajoute, “Mesaj sa a se yon pwoblèm pou Jwif yo, epi pou lòt moun sa se yon bagay ensanse.” Gade nan 1 Kor 1:22-25.
  4. 1:17 fidelite Oubyen “lafwa”.
  5. 1:17 aksepte … lafwa Moun Bondye aksepte a, nan orijinal la se “moun ki jis la”. Yo sèvi ak mo jis la kòm yon tit pou Mesi a (Kris), Wa Bondye chwazi selon pwomès li te fè nan Ansyen Testaman an. Gade nan Eza 53:11; Aba 2:4; Zak 9:9; Trav 3:14; 7:52; 22:14; Ebre 10:38.
  6. 1:17 Moun Bondye … l ap viv Sitasyon sa a soti nan Aba 2:4 (Vèsyon Grèk la). Nou ka tradui l nan fason sa a tou: “Moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, ap sove.”
  7. 2:6 Sitasyon sa a soti nan Sòm 62:12 ak Pwo 24:12.
  8. 2:14 moun ki pa Jwif yo Yon lòt tradiksyon posib: “Lè moun ki pa Jwif yo, ki pa gen Lalwa, yo fè sa Lalwa mande yon fason natirèl, yo se lalwa pou tèt pa yo.”
  9. 2:24 Sitasyon sa a soti nan Eza 52:5. Gade tou nan Eze 36:20-23.
  10. 3:4 Sitasyon sa a soti nan Sòm 51:4.
  11. 3:12 Sitasyon sa a soti nan Sòm 14:1-3.
  12. 3:13 Sitasyon sa a soti nan Sòm 5:9.
  13. 3:13 Sitasyon sa a soti nan Sòm 140:3.
  14. 3:14 Sitasyon sa a soti nan Sòm 10:7.
  15. 3:17 Sitasyon sa a soti nan Eza 59:7-8.
  16. 3:18 Sitasyon sa a soti nan Sòm 36:1.
  17. 3:22 Fidelite Jezikris Oubyen “pa mwayen lafwa nan Jezikri”.
  18. 3:30 Jwif Literalman, “sikonsizyon”.
  19. 3:30 ki pa Jwif Literalman, “ki pa gen sikonsizyon”.