Pwovèb 3-5
Haitian Creole Version
3 ¶ Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.
2 Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
3 Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
4 Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen.
5 Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
6 Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.
7 ¶ Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal.
8 Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.
9 Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.
10 Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
11 Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje.
12 Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.
13 ¶ Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!
14 Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.
15 Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
16 Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
17 L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.
18 Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
19 Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entèlijans li, li mete syèl la nan plas li.
20 Avèk konesans li, li fè larivyè yo koule. Li fè nwaj yo bay lapli sou latè.
21 ¶ Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.
22 Y'ap ba ou lavi, y'ap fè lavi ou bèl tankou yon kolye ki pase nan kou ou.
23 W'a fè chemen ou nan lavi san ou pa pè anyen. Ou p'ap janm bite sou anyen.
24 Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.
25 Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l' tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.
26 Paske se Seyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
27 ¶ Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.
28 Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!
29 Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.
30 Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.
31 Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.
32 Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo.
33 Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.
34 Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.
35 Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.
4 ¶ Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.
2 Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.
3 Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.
4 Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.
5 Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.
6 Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.
7 Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
8 renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou.
9 Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.
10 Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.
11 Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.
12 Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.
13 Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.
14 ¶ Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.
15 Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.
16 Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.
17 Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.
18 Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
19 Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
20 ¶ Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.
21 Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.
22 Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
23 Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
24 Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.
25 Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.
26 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.
27 Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.
5 ¶ Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann.
2 Konsa, w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki soti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann.
3 Bouch madanm lòt moun ka dous kou siwo myèl, pawòl ka koule nan bouch yo tankou dlo.
4 Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò.
5 L'ap mennen ou kote mò yo ye a. Tou sa l'ap fè se pou touye ou.
6 Li p'ap chache chemen lavi. L'ap pwonmennen toupatou, li pa konnen kote li prale.
7 Koulye a, pitit mwen yo, koute m' byen. Pa janm bliye sa m' pral di nou la a.
8 Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li,
9 pou fanm deyò pa fini avè ou, pou ou pa fè nèg ankòlè touye ou anvan lè ou!
10 Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè.
11 Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou.
12 Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pa t' vle kite yo rale zòrèy mwen?
13 Mwen pa t' vle koute moun ki t'ap moutre m' sa pou m' fè. Mwen pa t' louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m'.
14 Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m'.
15 ¶ Bwè dlo nan kannari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete.
16 Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari.
17 Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou.
18 Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan.
19 L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lamou ak li.
20 Pitit mwen, poukisa pou ou renmen yon lòt fanm? Poukisa pou ou kite madanm ou pou madanm lòt moun?
21 Seyè a wè tou sa w'ap fè. Kote ou pase, je l' sou ou.
22 Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.
23 Y'ap mouri paske yo pa konn kontwole tèt yo. Y'ap peri paske yo fin pèdi tèt yo nèt.