Add parallel Print Page Options

Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo

(Mak 7:1-23)

15 Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon. Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!”

Jezi reponn yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou ka swiv koutim ki fè nou plezi yo? Bondye di: Onore papa nou ak manman nou.[a] Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.[b] Konsa, nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp lan, li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Bann ipokrit! Li parèt aklè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:

Moun yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
    men kè yo lwen mwen.
Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
    paske se kòmandman pa yo y ap anseye.”[c]

10 Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an: 11 Se pa sa k ap antre nan bouch yon nonm ki fè l diskalifye pou adore Bondye, men se sa k ap sòti nan bouch li.”

12 Apre sa disip Jezi yo pwoche bò kote li, epi yo di l: “Èske ou reyalize sa w di a pa fè pwofesè lalwa yo ak farizyen yo fache anpil?”

13 Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè. 14 Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”

15 Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?”

16 Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? 17 Nou pa konprann, tout sa ki antre nan bouch desann nan vant. Epi apre sa, nou jete l nan latrin? 18 Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 19 Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki sal moun. Men manje san lave men pa sal yon moun.”

Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif

(Mak 7:24-30)

21 Jezi kite zòn kote l te ye a pou l ale nan zòn Tir ak Sidon. 22 Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”

23 Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!”

24 Jezi reponn yo: “Misyon m limite. Bondye voye m sèlman pou moun pèp Izrayèl yo ki tankou mouton ki pèdi patiray.”

25 Lè sa a, dam nan pwoche pi pre Jezi, li lage kò l atè nan pye li, epi l di: “Tanpri Senyè, ede m!”

26 Jezi reponn li: “Li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen!”

27 Dam lan reponn: “Senyè, ou gen rezon! Men, chyen yo ki anba tab la, konn manje ti moso manje ti moun yo ki tonbe atè sot sou tab mèt yo.”

28 Jezi di dam nan: “Madanm, ou gen yon lafwa ki san parèy! Se pou sa w mande a rive jan w swete l la!” Menm lè a, pitit fi dam nan te geri.

Jezi geri anpil moun

29 Jezi kite kote l te ye a, li ale bò lak Galile a. Li monte sou yon mòn, li chita pou l te kapab anseye.

30 Yon gwo foul moun te reyini. Nan mitan foul la, te gen moun ki bwate, moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki bèbè, ak tout lòt kalite maladi. Yo te depoze yo nan pye Jezi. Li te geri tout, san manke youn. 31 Moun ki te la yo te sezi anpil lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, bwate yo ap mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè louanj Bondye pèp Izrayèl la.

Jezi bay plis pase 4,000 moun manje

(Mak 8:1-10)

32 Jezi rele disip li yo, epi l di yo: “Mwen santi kè m fè m mal pou moun yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, epi kounye a yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale konsa, pou yo pa tonbe feblès nan wout.”

33 Disip Jezi yo di l: “Kote nou pral jwenn pen achte nan peyi pèdi sa a pou n bay tout kantite moun sa yo manje?”

34 Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo di li: “Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.”

35 Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. 36 Apre sa, li pran sèt pen yo, ak ti pwason yo. Li di Bondye mèsi. Li kase yo, epi li bay disip li yo pou y al distribye bay moun yo. 37 Tout moun yo te manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso moun yo pa t ka manje ankò, yo jwenn sèt panye plen rabouch. 38 Te gen 4,000 moun ki te manje jou sa a, san konte medam yo ak ti moun yo. 39 Apre Jezi fin voye tout moun ale, li monte nan yon bato pou l ale nan zòn Magadan.

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-13; Lik 12:54-56)

16 Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.

Jezi reponn yo: “Si nou wè syèl la tou wouj lè solèy pral kouche, nou di l ap fè bon tan. Nan maten, si nou wè syèl la yon jan sonb, nou di jodi a l ap fè lapli. Nou ka gade syèl la epi nou konnen ki tan li pral fè. Poutan, nou pa menm rive konprann siy ki gen rapò ak nou menm jodi a. Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[d] la y a jwenn.” Apre sa Jezi vire do li, l ale fè wout li.

Disip Jezi yo mal konprann li

(Mak 8:14-21)

Jezi travèse lak la avèk disip li yo. Yo te bliye pote pen. Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”

Yo te kòmanse ap fè diskisyon ant yo. Youn t ap di lòt: “Se poutèt nou pa pote pen ki fè l ap di sa.”

Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Konsa li di yo: “Fwa nou piti! Pouki tout pale sa yo sou koze pen?” Èske nou pako konprann toujou? Oubyen èske se bliye nou gen tan bliye lè m te bay 5,000 moun manje ak senk pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 10 Èske nou gen tan bliye m te bay 4,000 moun manje ak sèt pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 11 Kòman nou fè pa ka konprann mwen p ap pale sou pen lè m di nou: fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen.

12 Se apre sa yo vin konprann Jezi pa t ap pale yo de ledven pou fè pen, men se de ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo.

Pyè konnen kilès Jezi ye

(Mak 8:27-30; Lik 9:18-21)

13 Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?”

14 Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.”

15 Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?”

16 Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”

17 Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. 18 Ou rele Pyè ki vle di wòk,[e] pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò[f] p ap ka gen viktwa sou li. 19 M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.”

20 Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.

Jezi di li gen pou l mouri

(Mak 8:31–9:1; Lik 9:22-27)

21 Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 22 Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay konsa rive!”

23 Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan![g] Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”

24 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 25 Nenpòt moun ki vle konsève lavi l kèlkeswa kondisyon an, l ap gen pou pèdi lavi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen l ap gen pou jwenn vrè lavi a. 26 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 27 Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè. 28 Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”

Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli

(Mak 9:2-13; Lik 9:28-36)

17 Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi, devan disip yo li te kòmanse transfòme. Figi l te klere tankou solèy. Rad sou li t ap briye tankou limyè. Epi, men Moyiz ak Eli vin parèt devan disip yo, epi yo t ap pale avèk Jezi.

Lè Pyè wè sa, li di Jezi: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant[h] isit la: youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.”

Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”

Lè disip yo tande vwa a, yo te tèlman pè yo tonbe fas atè. Jezi pwoche bò kote yo, li touche yo epi li di: “Leve, nou pa bezwen pè!” Lè yo leve tèt yo, sèl moun yo wè devan yo se Jezi.

Pandan y ap desann mòn nan, Jezi di yo: “Pa di pèsòn sa nou te wè sou tèt mòn nan. Tann jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.”

10 Apre sa, disip ki te avèk Jezi yo mande l: “Poukisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini anvan[i]?”

11 Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan, pou li mete tout bagay nan plas yo! 12 Men m pa kache pale nou, Eli vini deja. Men, poutèt yo pa t rekonèt ki lès li ye, yo te fè sa yo te vle avèk li. Pitit Lòm nan gen pou sibi menm trètman an tou.” 13 Lè sa a, disip yo vin konprann li t ap pale yo sou Janbatis.

Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri

(Mak 9:14-29; Lik 9:37-43)

14 Jezi ak disip li yo retounen vin jwenn foul la. Gen yon mesye ki mache kontre Jezi, li met ajenou nan pye l. 15 Li di Jezi: “Senyè, gen pitye pou pitit gason m lan! Li gen maladi tonbe. Sa fè l soufri anpil. Gen de fwa se nan dife l tonbe, gen lòt fwa se nan dlo. 16 Mwen mennen l bay disip ou yo, men yo pa t ka fè anyen pou li.”

17 Jezi di: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit la isit ban mwen.” 18 Apre sa, Jezi pase demon an lòd pou l soti sou ti gason an. Nan menm lè a, ti gason an te geri.

19 Apre sa, disip Jezi yo pwoche bò kot Jezi apa, epi yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”

20 Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.” 21 [j]

Jezi pale sou lanmò li

(Mak 9:30-32; Lik 9:43b-45)

22 Pandan disip yo te reyini ansanm nan rejyon Galile a, Jezi di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. 23 Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a, li gen pou l resisite.” Lè disip yo tande sa, yo te vin tris anpil.

Jezi pale sou koze peye taks

24 Jezi ak disip li yo ale lavil Kapènawòm. Lè yo rive la, pèseptè k ap ranmase lajan taks pou tanp la pwoche bò kote Pyè, epi yo mande l: “Èske Mèt ou a p ap peye lajan taks tanp la?”

25 Pyè reponn: “Sètènman, l ap peye l!”

Epi Pyè antre anndan kay kote Jezi te ye a. Anvan menm Pyè kòmanse pale, Jezi di li: “Lè wa sou latè fikse tout kalite taks, kilès ou panse ki gen pou peye yo, Simon, pitit wa a osinon lòt sitwayen?”

26 Pyè reponn li: “Se lòt sitwayen yo ki dwe peye!” Jezi di: “Se vre, pitit wa yo pa bezwen peye anyen.” 27 Men pou evite tout tèt chaje, desann bò lak la pou al peche. Gade nan bouch premye pwason ou pran an, w ap jwenn dekwa pou peye ni pou ou ni pou mwen.

Footnotes

  1. 15:4 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:12; Det 5:16.
  2. 15:4 Sitasyon sa a soti nan Egz 21:17.
  3. 15:8-9 Sitasyon sa a soti nan Eza 29:13.
  4. 16:4 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman an. Apre l fin pase twa jou anndan yon gwo pwason, li soti deyò vivan. Lè sa a, li pati ale nan lavil Niniv pou l te pote yon avètisman Bondye te ba li pou bay yo. Menm jan an tou, Jezi te gen pou l soti nan tonbo a vivan nan twazyèm jou a, sete you siy pou pwouve mesaje li te soti vrèman vre de Bondye.
  5. 16:18 Pyè … wòk “Pyè”, se fòm grèk pou yon non arameyen “Sefas”, ki vle di “wòk”. Nan Bib la (Eza 51:1-2), menm jan ak nan tradisyon Jwif yo, yo te konpare Abraram ak yon wòk Bondye ta sèvi pou l “bati” pèp li a. Konsa, Jezi ta vle di Pyè se tankou Abraram. Bondye te bay Abraram ak Sara nouvo non epi li fè lwanj pou yo kòm egzanp lafwa pou pitit pitit yo. Menm jan an tou, Jezi bay Pyè yon lòt non (gade nan Mak 3:16) epi li fè lwanj pou l pou gwo pawòl lafwa sa a.
  6. 16:18 puisans lanmò Literalman, “pòt Lanfè”.
  7. 16:23 Satan Se yon non ki vle di “lènmi”. Jezi vle di Pye ap pale menm jan ak Satan.
  8. 17:4 tant Yo sèvi menm mo sa a nan Ansyen Testaman pou “tant ki sen”, sa vle di yo ka itilize menm mo pou yon plas pou adore.
  9. 17:10 Eli vini anvan Gade nan Mal 4:5-6.
  10. 17:21 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 21 la: “Men kalite lespri sa a p ap soti, si se pa avèk lapriyè ansanm jèn.”