Pitit Lòm nan gen pou jije tout moun

31 Lè Pitit Lòm nan vini ak tout otorite l ansanm ak tout anj li yo, l ap chita sou yon twòn ki montre tout glwa li. 32 Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. 33 L ap mete mouton yo sou bò dwat li, l ap mete kabrit yo sou bò gòch li.

34 Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman. 35 Wayòm nan se pou nou, paske lè m te grangou nou te bann manje. Lè m te swaf, nou te bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou te resevwa m lakay nou. 36 Lè m te touni nou te bann rad. Lè m te malad, nou te pran swen m. Lè m te nan prizon, nou te vizite m.

37 Lè sa a moun jis yo ap reponn: Senyè, ki lè nou te wè w grangou nou te ba w manje? Ki lè nou te wè w swaf, nou te ba w bwè? 38 Ki lè nou te wè w etranje nan lari, nou te resevwa w lakay nou? Ki lè nou te wè w touni nou te ba w rad? 39 Ki lè nou te wè w malad, nou te pran swen w? Ki lè nou te wè w nan prizon, nou te vizite w?

40 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou te fè l.

41 Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo. 42 Lè m te grangou nou pa t bann manje. Lè m te swaf, nou pa t bann bwè. 43 Lè m te etranje nan lari, nou pa t resevwa m lakay nou. Lè m te touni nou pa t bann rad. Lè m te malad, nou pa t pran swen m. Lè m te nan prizon, nou pa t vizite m.

44 Lè sa a y ap reponn li: Senyè ki lè ou te grangou oswa swaf, oswa etranje nan lari, oswa touni, oswa nan prizon epi nou pa t ede w?

45 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou pa t fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou pa t fè l.

46 Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”

Read full chapter