Añadir traducción en paralelo Imprimir Opciones de la página

¶ Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo.

Yon jou lannwit, li vin bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, nou konnen se Bondye ki voye ou moutre nou tout bagay sa yo. Paske, pesonn pa ka fè tout mirak w'ap fè yo si Bondye pa avèk li.

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa kapab wè Pèyi kote Bondye Wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.

Nikodèm di li: Ki jan yon nonm ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa? Li pa ka tounen nan vant manman l', pou l' fèt yon lòt fwa ankò.

Jezi reponn li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Pesonn pa ka antre nan Peyi kote Bondye Wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Sentespri.

Lachè soti nan lachè, lespri soti nan Lespri Bondye.

Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.

Van an soufle kote l' vle. Ou tande bri l'ap fè. Men, ou pa konnen ki bò l' soti, ni ki bò l' prale. Se menm jan an pou tout moun ki fèt nan Lespri Bondye.

Lè sa a Nikodèm di li: Ki jan sa ka fèt menm?

10 Jezi reponn li: Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo?

11 Sa m'ap di ou la a, se vre wi: mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' te wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a.

12 Nou pa kwè m' lè m'ap pale nou bagay k'ap pase isit sou latè. Ki jan n'a fè kwè m' lè m'a pale nou bagay k'ap pase nan syèl la?

13 Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la.

14 Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou.

15 Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an.

16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

17 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo.

18 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondannen. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen, paske yo pa t' gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a.

19 Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.

20 Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.

21 Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.

22 ¶ Apre sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun.

23 Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l' li te batize yo.

24 (Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jan Batis nan prizon.)

25 De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo.

26 Y' ale bò kot Jan, yo di l' konsa: Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize koulye a. Tout moun al jwenn li.

27 Jan reponn yo: Pesonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li.

28 Nou menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m' pran devan li.

29 Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a.

30 Li fèt pou li vin pi gran, pou mwen menm, mwen vin pi piti toujou.

31 Moun ki soti anwo a pi gran pase nou tout. Moun ki soti sou latè, se pou latè li ye, l'ap pale nou bagay ki sou latè. Moun ki soti anwo nan syèl la, li pi wo pase nou tout.

32 L'ap di sa l' wè, sa l' tande. Men, pesonn pa asepte mesaj li.

33 Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre.

34 Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.

35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.

36 Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

¶ Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou.

(Men, pou di vre, Jezi pa t' janm batize pesonn. Se disip li yo ki t'ap batize.)

Lè Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile.

¶ Sou wout la, fòk li te pase nan mitan peyi Samari.

Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l' lan.

Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.

Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l' konsa: Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè.

(Disip li yo te ale lavil la achte manje.)

Fanm Samari a di Jezi konsa: Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m' dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pa t' gen rapò ak moun Samari.)

10 Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a.

11 Fanm lan di li: Msye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a?

12 Se Jakòb, zansèt nou, ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo ansanm ak tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Koulye a, ou prèt pou di m' ou pi gran pase Jakòb?

13 Jezi reponn li: Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankò.

14 Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.

15 Fanm lan di l': Tanpri, msye, ban m' ti gout nan dlo sa a non pou m' bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo.

16 Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la.

17 Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari.

18 Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti.

19 Lè sa a, fanm lan di l': Gen lè ou se yon pwofèt, msye?

20 Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.

21 Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a.

22 Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.

23 Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li.

24 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la.

25 Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lè la vini, la esplike nou tout bagay sa yo.

26 Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.

27 ¶ Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li?

28 Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo:

29 Vini wè yon nonm ki di m' tou sa m' fè. Eske nou pa kwè se Kris la?

30 Moun yo soti lavil la, yo vin jwenn Jezi.

31 Disip yo menm, bò pa yo, t'ap mande Jezi pou l' manje. Yo t'ap di l': Tanpri, Mèt, manje kichòy non!

32 Men, li reponn yo: Mwen gen pou m' manje yon manje nou pa konnen.

33 Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: Gen lè yon moun pote manje ba li.

34 Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a.

35 Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò nou pral fè rekòt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase.

36 Yo gen tan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan; moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li.

37 Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase.

38 Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pa t' travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo.

39 Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m' tou sa m' fè.

40 Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l' pou l' rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la.

41 Te gen anpil lòt moun ankò ki te kwè nan li, poutèt sa Jezi menm t'ap di yo.

42 Yo di fanm lan konsa: Koulye a nou kwè, se pa sèlman poutèt sa ou rakonte nou an, men tou paske nou tande l' nou menm ak de zòrèy nou. Nou konnen se li menm vre ki vin delivre moun sou latè.

43 ¶ Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, li ale nan peyi Galile.

44 Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm respekte yon pwofèt nan peyi kote l' soti.

45 Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l', paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a.

46 Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm.

47 Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri.

48 Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.

49 Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri.

50 Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale.

51 Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri.

52 Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe.

53 Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.

54 Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l' tounen soti Jide vini nan peyi Galile.

Jezi ak Nikodèm

Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm, youn nan Farizyen yo. Se te yon lidè Jwif. Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”

Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa,[a] li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”

Nikodèm reponn: “Kòman yon nonm ki fin granmoun kapab fèt yon lòt fwa? Èske l ta kapab retounen nan vant manman l pou l ta fèt yon lòt fwa?”

Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a. Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti. Pa sezi poutèt mwen di w fòk ou fèt yon lòt fwa. Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.”

Nikodèm mande Jezi: “Kòman sa kapab fè fèt?”

10 Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo? 11 Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou. 12 Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la? 13 Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.

14 Menm jan Moyiz te leve sèpan[b] an nan dezè a, se konsa yo dwe leve Pitit Lòm nan tou. 15 Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.”[c]

16 Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, konsa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl. 17 Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn. 18 Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a. 19 Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè[d] a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal. 20 Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè. 21 Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.

Jezi ak Janbatis

22 Apre sa, Jezi te ale nan rejyon Jide ak disip li yo. Li rete la avèk disip li yo epi li t ap batize moun. 23 Janbatis t ap batize moun tou nan zòn Enon, yon kote toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te ale la pou yo te ka batize. 24 Se te anvan yo te mete Janbatis nan prizon.

25 Kèk nan disip Janbatis yo te nan yon diskisyon ak yon Jwif sou abitid[e] pirifikasyon Jwif yo. 26 Alò, yo te vin jwenn Janbatis epi yo di li: “Mèt, ou sonje nonm nan ki te avèk ou lòtbò rivyè Jouden an? Se de li ou t ap pale tout moun nan. Li menm l ap batize moun tou, epi tout moun fin al jwenn li.”

27 Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l. 28 Nou menm, nou ka sèvi m temwen, m te di se pa mwen ki Kris la. Men, Bondye voye m prepare chemen pou Kris la. 29 Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan konsa a. 30 Li gen pou li vin pi enpòtan chak jou, epi mwen menm mwen gen pou m vin mwen enpòtan.[f]

Moun ki vini soti nan syèl la

31 Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun. 32 Li rann temwanyaj konsènan sa l wè ak sa l tande. Men, pèsonn pa resevwa temwanyaj li. 33 Nenpòt moun ki aksepte temwanyaj li a, li rekonèt sa Bondye di se verite a. 34 Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a. 35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. 36 Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”

Jezi ak fanm samaritèn nan

Jezi te aprann Farizyen yo tande l ap fè plis disip epi l ap batize plis moun pase Janbatis. Men, alaverite, se pa t Jezi ki t ap batize moun yo, se te disip li yo. Li kite teritwa Jide, li tounen Galile. Pou rive Galile, li te dwe travèse teritwa Samari.

Li rive nan yon vil nan teritwa Samari yo rele Sika ki te toupre pòsyon tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. Se la pi Jakòb te fè fouye a te ye. Jezi te fatige poutèt wout long sa a li sot fè a, li fè yon ti chita bò kote pi a. Li te bò midi konsa. Yon fanm samaritèn te vin chache dlo nan pi a, epi Jezi di l konsa: “Ban m ti gout dlo.” Sa te pase pandan disip Jezi yo te antre nan vil la pou achte kèk bagay pou yo manje.

Fanm nan reponn: “Ou konnen ou fè m sezi lè ou mande m dlo pou w bwè! Ou se yon Jwif epi mwen se yon fanm samaritèn! Jwif pa gen okenn relasyon ak Samariten.”

10 Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”[g]

11 Fanm nan di li: “Mesye, pi a fon anpil epi ou pa gen veso pou tire dlo a. Kote ou ap jwenn kalite dlo sa a? 12 Èske ou pi gran pase Jakòb, gran paran nou? Se li ki te fouye pi sa a pou nou. Li te bwè ladan l, pitit li yo ansanm ak bèt li yo te bwè ladan l.”

13 Jezi reponn li: “Nenpòt moun ki bwè nan dlo sa a ap swaf ankò. 14 Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.”

15 Fanm nan di Jezi: “Mesye, ban m dlo sa a non. Mwen pa ta swaf ankò epi mwen pa t ap oblije retounen isit la pou chache dlo.”

16 Jezi di li: “Ale chache mari w mennen vini.”

17 Fanm nan reponn: “Men, mwen pa gen mari.”

Jezi di: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18 Ou pase senk mari deja, epi mesye ou avè l kounye a pa mari w. Lè w di ou pa gen mari a, se verite a.”

19 Fanm nan di: “Mesye, mwen wè ou se yon pwofèt. 20 Gran paran nou yo te konn adore Bondye sou mòn sa a, men nou menm Jwif, nou di fòk se Jerizalèm pou moun adore Bondye.”

21 Jezi reponn li: “kwè m si ou vle, madanm! Lè a rive, kote se pa ni anwo mòn sa a ni Jerizalèm moun pral adore Bondye Papa a. 22 Nou menm Samariten yo, nou adore sa nou pa konnen. Nou menm Jwif, nou adore sa nou konnen, paske delivrans la soti pami Jwif yo. 23 Men, gen yon jou k ap vini, epi jou a rive deja, vrè adoratè Bondye yo pral adore Bondye Papa a anba kontwòl Sentespri a epi selon verite a. Se kalite adoratè sa yo menm Bondye Papa a ap chache pou adore l. 24 Bondye se Lespri. Konsa, moun k ap adore Li dwe adore li anba kontwòl Sentespri epi selon verite a.”

25 Fanm samaritèn nan di li: “Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, li gen pou vini. Lè l vini, li va fè n konnen tout bagay.”

26 Alò, Jezi di l: “Mwen menm menm k ap pale avè w la, se mwen menm ki Mesi a.”

27 Menm lè a, disip yo vin rive. Yo te sezi wè Jezi t ap pale ak yon fanm. Men, pèsonn pa t oze mande li: “Ki sa ou ap chache?” ni “Pou kisa ou ap pale avè l?”

28 Alò, fanm nan kite veso li te pote pou pran dlo a, li retounen nan vil la. Li t ap mache di moun yo: 29 “Men yon nonm ki di mwen tout bagay mwen fè. Vin wè, èske se pa ta li menm ki Mesi a?” 30 Se konsa, pèp la soti lavil la epi y al wè Jezi.

31 Pandan fanm nan te nan vil la, disip Jezi yo t ap ankouraje Jezi konsa: “Mèt, manje yon bagay non!”

32 Men Jezi reponn: “Mwen gen yon manje pou m manje nou pa konnen.”

33 Disip yo t ap mande antre yo: “Èske gen yon moun ki ta gentan pote manje ba li?”

34 Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a. 35 Lè nou fè jaden, nou toujou di nan kat mwa ankò n ap gen rekòt. Men m ap di nou, leve je nou gade jaden yo. Yo gentan bon pou rekòt la. 36 Moun k ap ranmase rekòt la ap touche salè yo. Y ap rasanble fwi pou lavi etènèl. Konsa moun k ap plante a ak moun k ap ranmase rekòt la kapab rejwi ansanm. 37 Nan ka sa a, sa yo di a se vre: Youn plante, yon lòt rekòl te. 38 Mwen voye n al ranmase rekòt kote nou pa t plante. Gen lòt moun ki te plante, epi se nou menm k ap pwofite travay yo.”

39 Anpil Samariten nan vil la te kwè nan Jezi. Yo te kwè poutèt sa fanm nan te di yo sou Jezi a. Li te di yo: “Li di mwen tout sa m fè.” 40 Samariten yo ale kote Jezi. Yo mande Li rete ak yo. Konsa, Jezi te pase de jou ak yo. 41 Anpil lòt moun te kwè nan Li poutèt sa Li t ap di.

42 Moun yo di fanm nan: “Anvan, nou te kwè poutèt sa ou te di nou. Men kounye a, nou kwè paske nou tande Li ak pwòp zòrèy nou. Kounye a, nou konnen se li menm ki gen pou sove lemonn.”

Jezi geri pitit gason yon Ofisye

(Mat 8:5-13; Lik 7:1-10)

43 Apre de jou, Jezi kite zòn nan, l al nan teritwa Galile. 44 Jezi te di yon pwofèt pa gen okenn respè nan peyi li. 45 Lè l rive Galile, moun yo te byen resevwa li, paske yo te ale nan fèt Pak la, Jerizalèm, epi yo te wè tout sa Li t ap fè nan fèt la.

46 Jezi te ale Kana nan Galile ankò. Kana se kote li te fè dlo tounen diven an. Youn nan gwo ofisye gouvènman wa Ewòd yo te rete lavil Kapènawòm. Pitit gason nonm sa a te malad. 47 Nonm nan te tande Jezi soti nan teritwa Jide pou vin Galile. Konsa, li ale kote Jezi epi li mande l si l ka vini Kapènawòm pou geri pitit li a ki te prèske mouri. 48 Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”

49 Ofisye wa a di: “Mèt, vini vit non, anvan pitit gason m nan mouri.”

50 Jezi reponn li: “Ou mèt ale, pitit ou a geri.”

Nonm nan te kwè sa Jezi te di l la, li retounen lakay li. 51 Etan l te sou wout ap retounen lakay li, sèvitè l yo vin rankontre l. Yo di li: “Pitit ou a geri.”

52 Ofisye a mande: “Bò ki lè konsa li te kòmanse fè mye?”

Yo reponn li: “Ayè, a inè apremidi, lafyèv la te tonbe.”

53 Papa pitit la te konnen se te nan menm lè sa a Jezi te di l: “Pitit ou a geri.” Se konsa li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezi.

54 Se te dezyèm mirak Jezi te fè apre li te fin soti Jide rive Galile.

Notas al pie

  1. 3:3 fèt yon lòt fwa Nan vèsè sa a ak nan vèsè 7, nou ta kapab tradui fraz sa a “Yon nesans ki soti anwo”.
  2. 3:14 Menm jan … sèpan Lè pèp Bondye a t ap mouri nan dezè a, lè sèpan t ap mòde yo, Bondye te di Moyiz poul mete yon sèpan an bwonz sou yon poto, si yo te leve tèt yo gade l, yo t ap geri.
  3. 3:15 Kèk espesyalis panse repons Jezi bay Nikodèm nan rive jis nan vèsè 21.
  4. 3:19 limyè Limyè a vle di: Kris la. Kèk espesyalis panse se grenmesi Pawòl la lemonn vin gen konesans sou Bondye.
  5. 3:25 abitid Jwif yo te gen plizyè prensip nan relijyon yo sou kijan yo ta dwe pwòpte yo anvan yo manje, anvan yo adore Bondye nan tanp lan, epi tou nan kèk moman espesyal.
  6. 3:30 Li pa toutafè klè ki kote sitasyon Janbatis la dwe fini. Gen moun ki kwè se nan vèsè 30, gen lòt ki kwè se nan vèsè 36.
  7. 4:10 dlo ki bay lavi a Pawòl Jezi te di fanm nan kapab vle di de bagay: 1) dlo fre osinon 2) dlo ki bay lavi. Jezi te vle di “dlo ki bay lavi”. Men dam nan te konprann “dlo fre”.