Add parallel Print Page Options

40 ¶ Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:

-Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a?

Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa:

-Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.

Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò.

¶ Seyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l':

-Koulye a, kanpe! Mete gason sou ou! Mwen pral poze ou keksyon, se pou ou reponn mwen.

Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?

Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'?

10 Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!

11 Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!

12 Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!

13 Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.

14 Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.

15 ¶ Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf.

16 Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li.

17 Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul.

18 Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè.

19 Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba.

20 Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo.

21 Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo.

22 Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'.

23 Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz.

24 Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.

41 ¶ Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd?

Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen?

Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avè ou?

Eske l'ap pase kontra avè ou pou l' sèvi ou pou tout tan?

Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l'?

Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann?

Eske ou ka pike tout po kò l' ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn?

Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou!

Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l', ou tonbe atè.

10 Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'.

11 ¶ Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.

12 Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l'.

13 Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li.

14 Ki moun ki janm fòse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri.

15 Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch.

16 Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase.

17 Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo.

18 Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve.

19 Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'.

20 Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife.

21 Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li.

22 Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase.

23 Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch.

24 Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen.

25 Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè.

26 Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen.

27 Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi.

28 Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li.

29 Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li.

30 Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden.

31 Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè.

32 Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen.

33 Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen.

34 Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo.

42 ¶ Men sa Jòb reponn Seyè a:

-Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè.

Ou mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze keksyon sou plan travay ou, ak yon bann diskou ki pa vle di anyen. Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m' pa konprann, sou bèl bagay ki twò fò pou mwen.

Ou te mande m' pou m' koute sa w'ap di m', pou m' pare pou m' reponn ou.

Sa m' te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m' ase. Koulye a, mwen wè ou ak je mwen.

Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.

¶ Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.

Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la.

Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Seyè a te di yo fè a. Seyè a fè tou sa Jòb te mande l' nan lapriyè a.

10 ¶ Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.

11 Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò.

12 Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (14.000) mouton, simil (6.000) chamo, demil (2.000) tèt bèf ak mil (1000) manman bourik.

13 Li fè sèt pitit gason ak twa pitit fi.

14 Li rele pi gran pitit fi a Jemina, dezyèm lan Kesya, twazyèm lan Kerèn apouk.

15 Nan tout peyi a pa t' gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l' yo ansanm ak frè yo.

16 Apre sa, Jòb viv jouk li rive gen sankarantan sou tèt li. Li wè pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo, jouk rive sou kat jenerasyon.

17 Lè li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li.

'Jòb 40-42' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil.