Añadir traducción en paralelo Imprimir Opciones de la página

¶ Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Seyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.

¶ Frè m' yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv.

Paske, nou konnen byen, lè konfyans nou gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban nou pasyans.

Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l' mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Men, se pou li mande ak konfyans, san l' pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.

Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Seyè a.

Se yon moun ki pa konnen sa li vle, ki toujou ap chanje lide nan tou sa l'ap fè.

Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li.

10 Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb.

11 Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache.

12 benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.

13 ¶ Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal.

14 Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l', k'ap pouse li.

15 Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l' fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.

16 Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a.

17 Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.

18 Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l' te vle l' la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye.

19 ¶ Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè.

20 Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye.

21 Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.

22 Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.

23 Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l' fè, li tankou yon moun ki gade figi l' nan yon glas.

24 Men, kou l' vire do l' ale, lamenm li bliye kisa li sanble.

25 Men, moun ki fikse je l' sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l' soti pou l' fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy soti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a.

26 Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen.

27 Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

¶ Frè m' yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Seyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.

Sipoze de moun vin antre nan asanble nou, yonn gen yon bèl rechanj sou li ak yon bag an lò nan dwèt li, lòt la tou pòv ak yon rad chire sou li.

Si nou leve pou n' salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Msye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m' lan,

èske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun?

Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo.

Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal?

Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal.

¶ Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.

Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans.

10 Paske, moun ki obsève tout lalwa a men ki dezobeyi yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si l' te dezobeyi tout kòmandman yo.

11 Paske Bondye ki di: Pa fè adiltè, se li menm tou ki di: Pa touye moun. Konsa, menm si ou pa fè adiltè, men ou touye moun, ou dezobeyi lalwa a.

12 Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.

13 Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.

14 ¶ Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?

15 Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou,

16 si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?

17 Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri.

18 Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m' ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen.

19 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Ou fè byen. Denmon yo tou yo kwè sa, men y'ap tranble sitèlman yo pè.

20 Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè ki jan konfyans pa vo anyen si l' pa mache ak sa ou fè ki byen?

21 Abraram granpapa nou, èske Bondye pa t' fè l' gras poutèt sa li te fè lè l' te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?

22 Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l' te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.

23 Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l' gras. Se sak fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

24 Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l' gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou.

25 Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pa t' poutèt sa l' te fè a Bondye te fè l' gras, lè l' te resevwa mesaje jwif yo, lè l' te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo?

26 Menm jan yon kò ki san nanm se yon kò ki mouri, konsa tou, konfyans nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon konfyans ki mouri.

¶ Frè m' yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo.

Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l' byen tou.

Nou mete yon mò nan bouch chwal pou fè yo obeyi nou. Avèk sa, nou fè y ale kote nou vle.

Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l' gwo, gwo van te mèt ap pouse l', se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l'l kote l' vle.

Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa!

Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l', li mete dife nan tout lavi nou.

Moun ka donte tout kalite bèt, zwezo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja.

Men, pou lang lan menm, pesonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun.

Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li.

10 Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m' yo, sa pa dwe fèt konsa.

11 Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.

12 Frè m' yo, yon pye fig frans pa ka donnen grenn oliv. Ni yon pye rezen pa ka donnen fig frans. Dlo sale pa ka bay dlo dous non plis.

13 ¶ Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l' moutre sa ak bon kondit li. Se pou l' fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.

14 Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a.

15 Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.

16 Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.

17 Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.

18 Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.

¶ Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa soti? Sa soti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou.

Nou anvi yon bann bagay. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, nou pare pou nou touye moun. Nou anvi sa ki pa pou nou. Men, nou pa ka jwenn yo. Lè konsa, se fè kont, se goumen. Si nou pa jwenn sa nou bezwen an, se paske nou pa mande Bondye.

Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.

Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.

Pa konprann se pou anyen yo ekri pawòl sa a nan Liv la: Bondye sitèlman renmen lespri li mete nan nou an, li fè jalouzi pou li.

Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.

Se pou nou gen lapenn nan kè nou, kriye, plenn sò nou. Pase pou nou ri, pito nou kriye. Pase pou nou kontan, pito nou nan lapenn.

10 Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.

11 ¶ Frè m' yo, piga nou yonn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal, osinon ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si w'ap jije lalwa, ou pa yon moun k'ap obsève lalwa, men ou pran pòz jij ou sou li.

12 Se Bondye ki fè lalwa. Se li menm tou ki sèl jij. Li gen pouvwa sove moun, li gen pouvwa kite yo pèdi. Men, ou menm k'ap jije frè parèy ou, ki moun ou konprann ou ye?

13 Koulye a, se ak nou m'ap pale, nou menm k'ap di: jòdi a osinon denmen, n'a pral nan tèl lavil. Rive la, n'a pase yon lanne, n'a fè kòmès ak anpil benefis.

14 Nou pa menm konnen sa lavi nou va ye denmen. Lavi nou tankou yon nwaj. Li parèt pou yon ti tan. Apre sa, li disparèt.

15 Okontrè, men sa pou nou te di: Si Bondye vle, n'a wè denmen, n'a fè sa osinon sa.

16 Men, koulye a nan grandizè nou, se vante n'ap vante tèt nou. Se yon move bagay pou moun vante tèt yo konsa.

17 Se poutèt sa, moun ki pa fè byen li konnen li gen pou l' fè a, li fè peche.

¶ Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.

Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo.

Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a.

Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a.

Nou viv sou latè nan plezi ak nan jwisans. Nou manje jouk nou gra tankou bèt ki pare pou labatwa.

Nou kondannen moun ki inonsan, nou fè touye yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou.

Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.

Nou menm tou, pran pasyans. Bay kè nou kouraj, paske Mèt la pa lontan vini.

Frè m' yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la.

10 Frè m' yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri.

11 Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib.

12 ¶ Anvan tout lòt bagay, frè m' yo, men sa ki pi enpòtan: piga nou fè sèman sou syèl la, ni sou latè a, ni sou ankenn lòt bagay. Lè nou di wi, se wi, non, se non. Konsa, nou p'ap tonbe anba jijman Bondye.

13 Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik.

14 Si yon moun nan nou malad, se pou l' rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Seyè a.

15 Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Seyè a va fè l' leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.

16 Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.

17 Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pa t' tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa.

18 Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt.

19 Frè m' yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l' tounen ankò,

20 konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l' poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l' tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.

Se mwen menm, Jak, sèvitè Bondye ak Senyè Jezikris, ki voye salye nou.

Mwen voye lèt sa a pou tout pèp Bondye a[a] ki gaye toupatou sou latè.

Lafwa ak sajès

Frè m ak sè m yo, lè nou rankontre tout kalite pwoblèm nan lavi a, se pou n gade tèt nou kòm moun ki byenere. Paske, nou konnen sa, lè lafwa w rankontre eprèv, ou aprann gen pasyans nan soufrans yo. Lòske pasyans lan fè travay li nan ou, l ap pote bon rezilta. Ou ap vin yon moun ki gen matirite epi byen fòme. Ou ap vin egzateman jan Bondye vle w ye, san manke anyen.

Si yon moun pami nou ta renmen genyen sajès, li dwe mande Bondye l, epi Bondye ap bali l. Lè Bondye bay, li bay an kantite, san l pa fè moun nan repwòch. Men lè w mande Bondye, ou dwe fè l konfyans, san w pa gen dout sou li. Nenpòt moun k ap doute, li sanble ak gwo lanm lanmè yon van ap leve voye anlè. 7-8 Yon moun konsa pa bezwen kwè l ap jwenn kèk bagay nan men Senyè a, se yon moun ki pa konnen sa l vle, k ap woule de bò.

Vrè richès

Yon frè ou yon sè ki pa rich, li ta dwe santi l fyè konsa, paske Bondye ba l yon plas ki enpòtan. 10 Yon frè ou yon sè ki rich, li dwe santi l fyè, lè sitiyasyon lavi a imilye l. Richès yo p ap fè yo viv pou tout tan, y ap disparèt menm jan ak flè pye bwa nan raje. 11 Solèy leve ak gwo chalè, li seche plant lan, flè a tonbe epi li pèdi tout bèlte l. Se menm jan an tou, gen yon jou, moun rich la ap pase ak tout aktivite l yo.

Tantasyon pa soti nan Bondye

12 Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn[b] lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo. 13 Lè yon moun anvi fè yon bagay ki mal, li pa dwe di se Bondye k ap pouse l fè sa ki mal. Bondye pa kapab anvi fè sa ki mal epi li p ap tante pèsòn pou fè l fè sa ki mal. 14 Yon moun tante fè sa ki mal, lè l kite pwòp dezi l ki pa bon epi k ap mennen l epi trennen l. 15 Se move dezi sa a ki pran nesans nan moun nan epi fè l komèt peche a. Peche a menm grandi epi li mennen nan lanmò.

16 Frè ak sè byeneme m yo, an n pa twonpe tèt nou. 17 Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l. 18 Bondye te deside ban nou lavi[c] pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.

Tande epi obeyi

19 Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè. 20 Kout kòlè yon nonm fè pa ka ede Bondye fè jistis li. 21 Poutèt sa, voye jete tout sa ki pa bon, tout kalite move bagay w ap fè nan lavi w yo. Imilye w devan ansèyman Bondye ki te plante nan kè w la. Paske ansèyman sa a gen pouvwa pou l sove w.

22 Mete pawòl Bondye yo an pratik. Pa sèlman koute yo. Sinon, se twonpe w ap twonpe tèt ou. 23 Lè yon moun koute ansèyman pawòl Bondye yo, san l pa mete yo an pratik, se menm jan ak yon moun ki gade figi li nan yon glas epi ki wè kijan figi l ye. 24 Lè l fini, li pati epi li bliye kijan figi l te ye. 25 Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè.

Pi bon fason pou adore Bondye

26 Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè. 27 Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon konsa Bondye aksepte.

Renmen tout moun

Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo. An n sipoze yon moun ta rive nan reyinyon[d] nou yo. Moun sa a antre ak bèl bag an ò ansanm ak rad ki koute chè anpil. Menm lè sa a tou, yon pòv antre nan reyinyon an, li tou mal abiye. Ou akeyi avèk anpil respè moun ki pote bèl rad la, ou di l konsa: “Chita isit, nan plas donè sa a!” Epi ou di pòv la konsa: “Kanpe bò laba a!” Oubyen “Chita atè a, bò pye nou la a!” Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan?

Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo? Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre? Èske se pa yo k ap ensilte bon non Senyè nou an?

Bib la di: “Renmen pwochen[e] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[f] Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen. Men, si ou aji ak patipri, ou peche. Lalwa Bondye a kondane w, paske w dezobeyi l.

10 Nenpòt moun ki fè tout sa Lalwa mande, si li pa obeyi a kòmandman pou nou renmen pwochen nou yo, li vin koupab devant tout lalwa. 11 Menm Bondye ki di: “Pa fè adiltè”[g] a, se menm Bondye a ki di: “ou pa dwe touye moun.”[h] Lè sa a, si ou pa komèt adiltè, men ou touye yon moun, se devan tout Lalwa ou koupab.

12 Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète. 13 Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.

Lafwa ak bòn zèv

14 Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa konsa pa kapab sove pèsòn. 15 Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. 16 Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen. 17 Se menm bagay ak lafwa. Si se sèlman lafwa epi pa gen anyen ankò, li pa fè anyen, se yon lafwa ki mouri.

18 Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè. 19 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Se byen, men menm demon yo kwè sa tou! Epi yo pran tranble ak laperèz.

20 Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa? 21 Papa nou Abraram te vin konsidere kòm moun dwat devan Bondye poutèt sa l te fè. Li te bay Bondye pitit li Izaak sou yo lotèl. 22 Konsa, ou wè lafwa Abraram ak sa l di travay ansanm. Lafwa li te bon nèt poutèt sa l te fè. 23 Sa montre vrèman sa Bib la di a, “Abraram te konfye l nan Bondye, epi poutèt li te kwè, Bondye te aksepte l pou moun ki fè sa ki dwat devan l.”[i] Yo te rele Abraram “Zanmi Bondye”.[j] 24 Konsa ou wè yon moun vin moun dwat devan Bondye poutèt sa li fè. Li pa vin yon moun dwat poutèt lafwa l sèlman.

25 Yon lòt egzanp se Raab. Se yon pwostitye l te ye, men li te vin tounen yon moun dwat devan Bondye poutèt yon bagay li te fè. Li te ede moun ki t ap espyone pou pèp Bondye a. Li te resevwa yo lakay li epi li te ede yo chape pa yon lòt chemen.[k]

26 Yon kò moun ki pa gen souf ladan, se yon mò. Se menm bagay la pou lafwa. Yon lafwa ki pa fè anyen se yon lafwa ki mouri!

Genyen kontwòl sou pawòl nou

Frè m ak sè m yo, se pa yon pil nan nou ki dwe anseye. Mwen di sa paske, kòm nou konnen, nou menm k ap anseye, jijman pa nou ap pi rèd pase jijman pa lòt yo.

Nou tout fè anpil fot. Si yon moun pa janm fè fot an pawòl, se yon moun ki pafè. Li kapab gen kontwòl sou tout kò li. Nou mete mò nan bouch chwal yo, pou fè yo obeyi nou. Konsa nou kapab dirije tout kò yo. Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle. Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz.

Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa. Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan.

Lèzòm kapab fè tout kalite zannimo obeyi yo: bèt sovaj, zwazo, sèpan epi pwason. Men lang lan sovaj, pèsòn pa ka fè l obeyi! Li yon move bagay li ye, li plen ak yon pwazon ki bay lanmò. Avèk lang nou, nou chante louwanj pou Senyè a, Papa nou. Avèk lang nou tou, nou modi moun yo Bondye te kreye dapre limaj li. 10 Benediksyon ak malediksyon soti nan menm bouch la! Frè m ak sè m yo, sa pa dwe konsa! 11 Èske yon sèl sous kapab bay dlo dous ak dlo anmè an menm tan? 12 Èske yon pye fig kapab donnen zoliv? Èske ou kapab keyi fig sou yon pye rezen? Se menm jan an tou, yon sous dlo sale pa kapab bay dlo dous.

Bon sajès la

13 Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès. 14 Men si w gen nan kè w yon jalouzi anmè, yon lanvi egoyis ak lanbisyon, pa fè lwanj di ou saj. Pa bay manti konsa! 15 Sajès sa a, se pa nan syèl li soti. Li soti sou latè, se sajès lèzòm, se yon sajès dyabolik. 16 Paske, kote k gen jalouzi ak lanbisyon pou pase devan lòt moun, sa fè dezòd ansanm ak tout move zak. 17 Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit. 18 Moun ki renmen simen lapè toupatou kote yo ye, gen pou yo rekòlte fui la jistis.

Ofri pwòp lavi w bay bondye

Èske w konnen ki kote dispit yo soti? Ki kote kont soti epi vini nan mitan nou? Èske yo pa soti nan yon bann move lanvi k ap batay anndan nou? Nou vle pou n posede yon pil bagay, epi nou pa kapab genyen yo. Lè sa a, nou prèt pou touye moun. Nou jalou, epi nou pa kapab genyen sa n ta vle genyen. Lè sa a, nou nan lit, n ap bat kò nou. Nou pa jwenn sa nou ta vle, paske nou pa mande Bondye l! Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.

Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin ènmi ak Bondye. Èske w panse Bib la pa di anyen? Li di: “Lespri Bondye fè abite nan nou an vle se pou li sèl pou nou ye.”[l] Men, gras Bondye fè nou an pi gran toujou. Paske Bib la di:

“Bondye opoze ak ògeye yo,
    men li fè moun ki enb yo gras.”[m]

Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w. Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w,[n] ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan. Pran konsyans lanmizè w, pran dèy, kriye, sispann ap ri, mete dlo nan je w pito, olye lajwa pito w chwazi tristès. 10 Bese tèt ou devan Senyè a, limenm l ap leve w.

Se pa ou menm ki jij la

11 Frè m ak sè m yo, se pa pou nou youn ap pale lòt mal. Si ou ap kritike yon frè w oubyen yon sè w, oubyen si w ap jije yo, se kritike w ap kritike epi w ap jije lalwa. Lè se kritike w ap kritike lalwa, ou pa yon moun k ap obeyi lalwa. Ou vin tounen yon jij pou lalwa. 12 Se sèl Bondye ki bay lalwa epi se li sèl ki jij. Se Bondye sèl ki kapab delivre oubyen touye. Ou menm, kisa w ye, ou menm k ap jije pwochen w lan?

Kite Bondye planifye lavi w

13 Kounye a, fè atansyon, ou menm k ap di: “Jodi a oubyen demen, nou pral nan tèl ou tèl vil, n ap rete la en an. Nou pral fè kòmès, nou pral fè kòb.” 14 Poutan, ou pa menm konnen sa k ap rive demen. Lavi w, se menm jan ak yon ti nyaj. Li parèt pou yo ti tan, apre sa, li disparèt. 15 Okontrè, ou ta dwe di: “Si Senyè a vle, n ap viv epi n ap fè sa oubyen sa.” 16 Poutan, ou ògeye, ou pretansye. Lè w ap lwanje tèt ou konsa, se pa bon ditou. 17 Lè yon moun konnen sa ki byen pou l fè a, epi li pa fè l, sa se yon peche li komèt.

Yon avètisman pou moun ki rich epi egoyis

Kounye a, nou menm moun rich yo, fè atansyon! Leve vwa nou pou n kriye, poutèt latwoublay k ap vini sou nou! Richès nou yo pouri, vèmin fin manje rad nou yo. Lajan ak lò nou yo fin wouye. Epi se lawouy sa a ki pral temwanye kont nou. Li pral devore kò nou menm jan ak yon dife. N ap ranmase richès, poutan lemonn pral fini! Nou menm rive kenbe lajan nou te dwe peye moun k ap travay nan jaden nou pou ranmase rekòt pou nou yo.

Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye.[o] Nou kondane epi nou touye yon bann inosan. Yo pa menm goumen ak nou.

Se pou n gen pasyans

Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.[p] Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini! Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la!

10 Frè m ak sè m yo, an n pran egzanp sou pwofèt yo ki t ap pale pou Senyè a. Yo te pase anpil soufrans avèk pasyans. 11 Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans.[q] Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon.

Atansyon ak sa w ap di

12 Frè m ak sè m yo, nou pa dwe ap sèmante. Pa pran kòm temwen ni syèl la, ni tè a oubyen yon lòt bagay. Lè se wi, di sèlman wi, lè se non, di sèlman non. Lè sa a, Bondye p ap gen pou jije w.

Pouvwa lapriyè

13 Èske gen kèk nan nou ki nan soufrans? Li dwe priye. Èske gen nan nou ki gen kè l kontan? Li dwe chante. 14 Èske gen nan nou ki malad? Li dwe mande responsab legliz la pou l vin fè onksyon luil pou li nan non Senyè a epi priye pou li. 15 Si priyè sa a fèt avèk lafwa, malad la ap sove. Senyè a ap geri malad la. Epi si l te fè yon peche, Bondye ap padone l.

16 Poutèt sa, se pou n konfese peche nou youn ak lòt, epi pou n priye youn pou lòt, pou Bondye kapab geri nou. Lè yon moun ki dwat devan Bondye priye, priyè sa a gen anpil puisans. 17 Eli, se te yon nonm menm jan ak nou. Li priye mande Bondye pou lapli pa tonbe. Bondye fè lapli pa tonbe pou twa-zan-e-demi! 18 Apre sa, Eli priye Bondye pou lapli tonbe. Epi syèl la bay lapli, latè donnen fè moun rekòlte manje ankò.

Ede moun yo ki peche

19 Frè m ak sè m yo, si gen yon moun ki vire do l bay verite a, epi yon lòt ede l retounen, 20 men sa n dwe sonje: Nenpòt moun ki retire yon pechè nan move chemen kote l te ye, se sove l sove l anba lanmò. Epi poutèt sa, se yon pakèt peche Bondye padone.

Notas al pie

  1. 1:1 pèp Bondye a Literalman, “douz tribi yo”. Se yon deskripsyon pou pèp Bondye a nan Ansyen Testaman an. Li pwobab pou Jak itilize tit sa a pou l pale de Jwif ki kwè nan Jezikris yo, men ki toujou fè pati Sinagòg Jwif la.
  2. 1:12 kouwòn Yon kouwòn yo te fè ak fèy oubyen branch bwa yo te konn mete sou tèt moun ki te ranpòte laviktwa nan konpetisyon atletik yo pou onore yo. Se yon senbòl laviktwa epi se yon rekonpans.
  3. 1:18 ban nou lavi Literalman, “se ban nou nesans”.
  4. 2:2 reyinyon Literalman, “nan sinagòg nou yo”.
  5. 2:8 Renmen pwochen Oubyen “lòt moun yo”. Ansèyman Jezi bay nan Lik 10:25-37 fè nou konprann sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.
  6. 2:8 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.
  7. 2:11 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:14; Det 5:18.
  8. 2:11 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:13; Det 5:17.
  9. 2:23 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:6.
  10. 2:23 Sitasyon sa a soti nan 2 Kw 20:7; Eza 41:8.
  11. 2:25 Kw Raab sa a nou jwenn li nan Joz 2:1-21.
  12. 4:5 Lespri Bondye … pou nou ye Kèk lòt jan nou kapab tradui vèsè sa a: “Lanmou Bondye genyen pou lespri li fè rete nan nou an fò anpil.” Oubyen “Lespri natirèl li fè rete nan nou an plen ak plen ak lanvi pou sa lòt moun genyen.” Gade nan Egz 20:5.
  13. 4:6 Sitasyon sa a soti nan Pwo 3:34.
  14. 4:8 Retire peche nan lavi w Literalman, “lave men w yo.”
  15. 5:5 Nou angrese tèt nou … touye Literalman, “Ou fè kè w gra pou lè yo va touye w la.”
  16. 5:7 premye grenn lapli … dènye grenn lapli “Premye grenn lapli” a tonbe nan lotòn, epi “dènye grenn lapli” a tonbe nan prentan.
  17. 5:11 Jòb … pasyans Gade nan liv Jòb la, nan Ansyen Testaman an.