Add parallel Print Page Options

21 ¶ Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:

-Nonm o! Vire figi ou gade nan direksyon lavil Jerizalèm. Denonse sa y'ap fè nan tanp yo. Avèti moun peyi Izrayèl yo!

W'a di yo: Men mesaj Seyè a bay pou nou: Mwen leve dèyè nou koulye a. Mwen pral rale nepe m' nan djenn li, mwen pral touye nou tout, bon kou move.

Wi, mwen pral touye bon moun kou move moun nan peyi a. Se poutèt sa menm mwen pral rale nepe m' nan djenn li pou touye tout moun depi nan sid rive nan nò.

Tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, ki rale nepe m' nan djenn li. Anyen p'ap ka fè m' mete l' nan plas li ankò.

Men ou menm, nonm o! Se pou ou plenn paske kè ou ap fann, ou dekouraje. Wi, se pou ou plenn pou tout moun ka wè ou.

Lè y'a mande ou poukisa w'ap plenn konsa, w'a di yo: Se paske m' pran nouvèl malè ki pral rive a. Lè l'a rive vre, kè tout moun pral kase, ponyèt yo ap febli, y'ap pèdi tout fòs kouraj yo, yo p'ap ka kanpe sou janm yo. Lè a rive, li deja sou nou. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

¶ Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:

-Nonm o! Bay mesaj sa a. Di pèp la men sa mwen menm Seyè a, mwen voye di yo: Nepe a, nepe a! Men y'ap file l'. Men y'ap netwaye li.

10 Y'ap file l' pou touye moun. Y'ap netwaye li pou fè l' fè zèklè. Pa gen fè fèt ankò, paske pèp mwen an pa okipe avètisman ak pinisyon mwen te ba li.

11 Wi, y'ap netwaye nepe a. Y'ap pare l' pou moun ka sèvi avè l'. Y'ap file l', y'ap netwaye l' pou yo mete l' nan men bouwo a.

12 Ou menm, nonm o! Rele kont rele ou! Rele byen fò. Se pou pèp mwen an y'ap pare nepe a, pou tout chèf pèp Izrayèl yo. Yo pral touye yo ansanm ak tout pèp mwen an. Pran lapenn pou yo!

13 N'ap sonde pèp la. Si yo derefize chanje, tout bagay sa yo ap rive vre! Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

14 Koulye a, nonm o! Bay mesaj sa a. Lèfini, bat men pou ankouraje. Nepe a ap pase de fwa. Nepe a ap pase twa fwa. Nepe a ap touye anpil moun. Nepe a ap sènen yo kote yo vire.

15 L'ap fè pèp mwen an pèdi tout kouraj li, y'ap tonbe yonn sou lòt. Mwen mete nepe nan tout pòtay yo, yon nepe k'ap bay zèklè, yon nepe ki pare pou touye anpil moun.

16 Ou menm, nepe file, koupe sou bò dwat, koupe sou bò gòch. Kote ou vire, koupe!

17 Mwen menm tou, m'ap bat men pou ankouraje. Se pou m' move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale.

18 ¶ Seyè a pale avè m', li di m' konsa:

19 -Nonm o! Trase de chemen kote pou wa Babilòn lan ka pase ak nepe l'. De chemen yo ap soti nan menm peyi a. Mete de mak nan kalfou kote yo separe a,

20 yonn pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l' chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a.

21 Wa Babilòn lan kanpe nan kalfou a bò mak yo, l'ap souke flèch yo voye atè pou li ka konnen ki wout pou li pran. L'ap mande zidòl yo sa pou l' fè, l'ap egzaminen fresi bèt yo touye pou bondye yo.

22 Bon! Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l' atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranblè nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l' toupatou.

23 Moun lavil Jerizalèm yo p'ap kwè sa w'ap di a se vre paske yo te pase kontra avè l'. Men, mesaj w'ap bay la se pou fè yo chonje tou sa yo fè ki mal, pou fè konnen y'ap fè yo prizonye.

24 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo.

25 Kanta pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, krimenèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive.

26 Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe.

27 Kraze, kraze, brize! Wi, m'ap fè lavil la tounen mazi. Men, pou sa rive, fòk moun mwen te chwazi pou pini lavil la vini anvan. Se nan men l' m'ap lage l'.

28 ¶ -Nonm o! Bay mesaj la! Pale. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di moun peyi Amon yo k'ap plede joure pèp Izrayèl la. Di yo konsa: Nepe a, nepe a pare pou touye! Li byen file pou depatcha. Li byen netwaye pou fè l' fè zèklè.

29 Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.

30 Remete nepe a nan djenn li. Mwen pral jije ou kote yo te kreye ou la, nan peyi kote ou te fèt la.

31 M'ap fè ou santi jan m' move. Tankou yon gwo dife k'ap boule, m'ap soufle sou ou, m'ap lage ou nan men lwijanboje yo ki pa konnen pase kraze moun.

32 Dife pral boule tout kò ou. San ou pral koule nan tout peyi a. Pesonn p'ap janm chonje ou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki pale.

22 ¶ Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:

-Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè l' konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo.

W'a di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t'ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo.

Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou.

Nan peyi pre ak nan peyi lwen, y'ap pase ou nan rizib. Ou se yon lavil ki gen move non, yon lavil plen dezòd.

Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.

Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa.

Nou pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m' yo.

Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd.

10 Genyen k'ap kouche ak madanm papa yo. Genyen k'ap fòse madanm yo kouche ak yo atout yo gen règ yo.

11 Genyen k'ap fè adiltè ak madanm moun Izrayèl parèy yo, k'ap kouche ak bèlfi yo san yo pa wont. Genyen k'ap fè kadejak sou pitit fi papa yo ki pa menm manman ak yo.

12 Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

13 Mwen pral frape pye m' atè, paske nou vòlò twòp, nou touye moun twòp.

14 Jou m'ap regle avè ou la, ou p'ap gen kouraj pou ou sipòte, ou p'ap menm ka leve bra ou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.

15 M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an.

16 Akòz tou sa ou fè ki derespektan yo, lòt nasyon yo pral trennen ou nan labou. Men ou menm, w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

17 ¶ Seyè a pale ave m' ankò, li di m' konsa:

18 -Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen.

19 Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm.

20 Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chodyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m'ap move sou nou, m'ap fè kòlè, m'ap tankou dife y'ap soufle anba chodyè fèblantye pou fonn metal yo, m'ap fè nou fonn.

21 Wi, m'ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m'ap limen dife anba nou, m'ap fache sou nou, m'ap fonn nou.

22 Nou pral fonn nan mitan lavil Jerizalèm tankou ajan k'ap fonn nan chodyè fèblantye. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki move sou nou konsa.

23 ¶ Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:

24 -Nonm o! W'a di moun pèp Izrayèl yo yo rete nan yon peyi ki gen madichon. Wi, lè m'a move sou yo, yo p'ap jwenn yon degout lapli.

25 Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari.

26 Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm.

27 Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.

28 Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo.

29 Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon.

30 Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m' detwi l', men mwen pa jwenn pesonn.

31 Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.