Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)

21 Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”

Tout sa rive konsa pou konfime pwofesi a:

“Fè anons lan pase nan Siyon:[a]
    men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
    Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”[b]

Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, konsa Jezi chita sou yo. Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:

“Louwanj[c] pou Pitit David la!
    Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a![d]
    Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”

10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”

11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

12 Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 13 Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè.[e] Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[f]

14 Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15 Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:

16 “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”

Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:

Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
    yo fè louanj ou.[g]

Èske w pa li sa nan Bib la?”

17 Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.

Jezi modi yon pye fig

(Mak 11:12-14,20-24)

18 Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou. 19 Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèch.

20 Disip Jezi yo te sezi pou wè sa k pase a. Yo mande Jezi: “Ki jan pye fig la fè sèch vit konsa?”

21 Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. 22 Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 21:5 Siyon Vil Jerizalèm bati sou yon mòn. Siyon se pati sid mòn sa a. Gen defwa Bib la pale de Siyon pou pale de vil Jerusalem, pèp Bondye a k ap viv Jerizalèm, oswa tanp la.
  2. 21:5 Sitasyon sa a soti nan Zak 9:9.
  3. 21:9 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè louwanj pou Bondye oubyen pou Mesi li a.
  4. 21:9 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:26.
  5. 21:13 Sitasyon sa a soti nan Eza 56:7.
  6. 21:13 Sitasyon sa a soti nan Jer 7:11.
  7. 21:16 Sitasyon sa a soti nan Sòm 8:2 (Vèsyon Grèk la).