Add parallel Print Page Options

Pòl pran batiman pou Wòm

27 Yo te deside fè nou pran bato pou n ale Itali. Yo livre Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye bay yon ofisye women yo rele Jiliyis. Se te yon ofisye ki t ap sèvi nan gwoup espesyal Anperè a te genyen. Nou te monte nan yon bato ki te soti lavil Adramit epi ki te dwe pase plizyè kote nan pwovens Lazi a. Epi nou pati. Aristak, moun Tesalonik nan Masedwàn, te ale ansanm ak nou.

Nan denmen, nou rive lavil Sidon. Jiliyis te byen trete Pòl epi li te ba li libète pou l al vizite zanmi l yo laba a, kote yo te bay Pòl tout sa l te bezwen. Nou pati kite vil sa a epi nou navige pase toupre zile Chip, paske van an t ap soufle nan yon sans kontrè. Nou travèse lanmè a bò kote Silisi ak Panfili. Lè sa a, nou te vin rive nan yon vil yo rele Mira ki nan peyi Lisi. Se la ofisye lame a jwenn yon bato ki te soti nan lavil Aleksandri pou ale an Itali. Li fè nou monte ladan l.

Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone. Nou navige toupre kòt la, men sa pa t fasil menm. Nou vin rive yon kote yo rele “Bon Pò yo”, toupre lavil Lize.

Men nou te pèdi anpil tan epi sa te tounen yon danje pou nou ta kontinye vwayaj la. Jou Jwif yo te konn fè jèn[a] nan te gentan pase. Lè sa a, Pòl bay maren yo yon avètisman. 10 Li di yo: “Mezanmi, mwen rann mwen kont vwayaj la vin mete nou an danje. Nou ka pèdi bato a, ak tout sa ki ladan l, epi nou ka pèdi menm lavi nou tou.” 11 Men ofisye a te mete konfyans li pi plis nan kapitèn nan ansanm ak pwopriyetè bato a pase nan sa Pòl t ap di a. 12 Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.

Yon tanpèt

13 Yon van ki soti nan sid te kòmanse ap soufle toudousman. Lè sa a, mesye yo panse pwojè yo a t ap gen chans reyisi. Yo leve lank epi nou t ap eseye vanse bò kote zile Krèt la. 14 Men, tousuit yon van tanpèt yo rele Erakilon te vin dechennen sou zile a. 15 Van an te pati avèk bato a. Bato a pa t kapab konbat ak van an. Lè nou wè sa, nou rezinye nou kite van an pote bato a ale.

16 Lè nou vin ap pase bò yon ti zile yo rele Koda, nou te resi rejwenn ti kannòt[b] la, apre anpil efò. 17 Lè mesye yo te fin mete ti kannòt la anndan bato a, yo mare l epi yo sentire l byen sentire. Mesye yo te pè pou yo pa t al chwe sou bò sab ki nan gòf Libi yo. Poutèt sa, yo jete lank pou fè yo flote epi yo kite van an mennen yo.

18 Nan denmen, tanpèt la te tèlman ap frape nou byen fò toujou, maren yo te voye enpe nan machandiz yo jete nan lanmè.[c] 19 Nan denmen, yo voye ekipman bato a ansanm ak tout vwal yo jete nan lanmè. 20 Sa te fè plizyè jou kote pa t gen ni solèy ni zetwal nan syèl la epi tanpèt la te byen fò toujou. Lè sa a, nou te pèdi tout espwa nou t ap rete vivan.

21 Mesye yo pa t manje depi byen lontan. Epi yon jou, Pòl kanpe devan mesye epi li di yo: “Mesye m te di nou pa kite zile Krèt la. Nou te dwe koute m. Lè sa a, nou pa t ap nan tout pwoblèm sa yo epi pèdi tout bagay sa yo. 22 Men kounye a, nou dwe pran kouraj. Pa gen pyès nan nou k ap mouri. Sèman bato a k ap kraze. 23 Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m. 24 Zanj lan di m: Pòl, ou pa bezwen pè! Ou gen pou ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè w pwomès sa a: L ap sove lavi tout moun ki nan bato avè w yo. 25 Alò, mesye, nou pa gen anyen pou nou pè. M fè Bondye konfyans, epi m sèten tout bagay ap pase nan fason anj lan te di m sa a. 26 Men nou pral chwe sou yon zile.”

27 Sa te gen tan fè katòz nuit depi nou t ap flote epi vire fè laviwonn sou lanmè Adryatik la. Men, nan mitan lannuit lan, maren yo te panse nou te prèt pou rive atè. 28 Yo mete yon gwo wòch nan yon kòd yo voye l nan dlo a pou wè pwofondè li. Yo jwenn dlo a te gen yon pwofondè 40 mèt.[d] Yo ale enpe pi lwen epi yo voye kòd la ankò, pwofondè a te 30 mèt.[e] 29 Maren yo te pè pou nou pa t frape sou kèk wòch. Lè sa a, yo jete kat lank nan lanmè, yo te swete epi yo t ap priye pou l jou byen vit. 30 Kèk nan maren yo te vle kite bato a. Yo desann kannòt la nan dlo a. Yo t ap fè sa pou fè moun kwè se lòt lank yo t ap jete nan devan bato a. 31 Men Pòl te di ofisye lame a ansanm ak lòt sòlda yo, “Si mesye sa yo pa rete nan bato a, p ap gen espwa lavi pou nou non.” 32 Konsa, sòlda yo koupe kòd yo epi yo kite kannòt sekou a tonbe nan dlo.

33 Pandan y ap tann li jou, Pòl envite mesye yo pou yo manje, li di yo konsa: “Mesye, jodi a fè katòz jou depi n ap tann epi n ap veye san manje, san nou pa pran anyen. 34 M ap ankouraje nou pou nou manje, nou bezwen manje pou kò nou kapab kenbe. De tout fason, nou p ap pèdi anyen, pa menm yon fil cheve nan tèt nou.” 35 Lè Pòl fin di sa, Pòl pran pen an, li remèsye Bondye devan tout moun epi li pran yon moso pen li manje. 36 Rès mesye yo te vin santi yo pi byen epi yo te pran manje tou. 37 Nou te 276 moun konsa sou bato a. 38 Nou te manje valè pen nou te vle. Lè sa a, nou te jete kèk lòt danre nan lanmè a, pou nou te vin fè bato a pi lejè toujou.

Bato kraze nèt

39 Lè l vin jou, maren yo te wè tè, men yo pa t konnen sou tè ki kote yo te rive. Yo wè yon bè ak yon plaj, yo t ap wè si yo te kapab mennen bato a atè. 40 Poutèt sa, yo detache lank yo voye ale nan lanmè a. Nan menm moman an, yo lage kòd ki te kenbe gouvènay la epi yo mete yon vwal sou devan bato a. Lè sa a, van an pouse yo rive sou plaj la. 41 Men devan bato a al antre nan yon ban sab, yo pa t kapab soti, epi vag lanmè a te vin vyolan, li kraze dèyè bato a.

42 Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou yo pa t naje pati chape poul yo. 43 Men ofisye women an te vle sove Pòl, li anpeche sòlda yo fè sa yo te vle fè a. Li mande pou moun ki te konn naje voye kò yo nan dlo an premye pou al atè. 44 Lòt yo te dwe kenbe kò yo sou planch oubyen sou vye moso nan bato a pou swiv yo. Se konsa tout moun te rive atè san anyen mal pa t rive yo.

Pòl sou zile Malta

28 Lè nou te vin ansekirite sou zile a, nou te aprann zile a te rele Malta. Moun ki te rete la, yo te byen janti avèk nou. Lapli t ap tonbe epi li te fè frèt. Konsa, yo te fè yon gwo dife pou yo te resevwa nou. Pòl te rasanble yon bann branch bwa chèch pou l met nan dife a. Pandan l ap mete branch bwa yo nan dife a, chalè dife a fè yon koulèv vipè ki te nan branch yo te marande nan men Pòl epi li mòde li. Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.”

Men Pòl sekwe koulèv la jete nan dife a epi li pa t gen anyen. Moun yo t ap tann pou Pòl vin anfle epi pou l te tonbe mouri. Yo te t ap gade li epi yo t ap tann pandan lontan, men pa t gen anyen mal ki te rive Pòl. Lè sa a, yo te vin chanje sa yo te panse. Yo te di: “Misye se yon dye!”

Tou pre a, te gen yon pwopriyete ki te pou Pibliyis, pi gwo sitwayen zòn nan. Li te resevwa nou tankou zanmi epi li te ban nou kote pou nou fè ladesant. Li te fè sa pandan twa jou. Papa Pibliyis te kouche malad ak la fyèv ak disantri. Pòl te antre lakay li, li priye pou li, li poze men l sou li, epi li geri l. Lè sa a tout moun ki te malad sou zile a te vin jwenn Pòl, epi Pòl geri yo.

10-11 Moun yo te montre anpil respè pou nou. Lè lè a rive pou nou pati, yo ban nou tout sa nou te gen bezwen pou vwayaj la.

Pòl ale a Wòm

Apre twa mwa, nou pati sou yon bato ki te sot Aleksandri. Devan bato a te gen yon siy, se te siy non Bato a “De dye Jimo”[f] ki te pase move tan an sou zile a. 12 Nou rive nan Sirakiz epi nou rete la pandan twa jou. 13 Apre sa, nou swiv kot la rive yon kote yo rele Regyo; yon van sid vin leve nan denmen. Nan de jou nou te rive Pouzòl 14 kote nou jwenn plizyè kretyen ki mande nou pou n rete pase sèt jou avèk yo. Se konsa nou te rive lavil Wòm. 15 Frè ak sè yo nan lavil Wòm te tande pale de nou epi yo te soti pou vin rankontre nou nan yon mache ki nan zòn Apiyis[g] ak Twa Otèl.[h] Lè Pòl te wè kretyen sa yo, li remèsye Bondye epi li te santi l ankouraje.

Pòl nan lavil Wòm

16 Lè nou rive lavil Wòm, yo te bay Pòl pèmisyon pou l te viv pou kont li. Men te gen yon sòlda ki te dwe rete avè l pou siveye l.

17 Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo. 18 Mesye yo te poze m anpil kesyon, men yo pa t jwenn yon rezon valab pou touye m, konsa, yo te vle lage m. 19 Men Jwif yo pa t dakò sa. Konsa mwen mande pou m vini Wòm pou plede koz mwen devan Seza. Sa pa vle di m ap akize pèp mwen an kòm si yo ta fè move bagay. 20 Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.”

21 Jwif yo reponn li, “nou pa jwenn okenn lèt ki soti Jide ki pale nou de oumenm. Pa gen menm youn nan kòlèg Jwif yo ki vwayaje soti laba a ki ta pote kèk enfòmasyon sou ou ki ta di yon move bagay sou ou. 22 Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”

23 Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè. 24 Te gen kèk nan Jwif ki te kwè nan sa Pòl te di, men lòt yo pa t kwè. 25 Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:

26 Ale kote pèp sa a epi di li:
Ou ap koute sou koute,
    men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
    men ou p ap wè anyen.
27 Kè pèp sa a vin tounen zanpoud.
    Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
    yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
    yo ta wè ak je yo,
    yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
    mwen ta geri yo.[i]

28 Mwen vle fè nou konnen sa, nou menm Jwif, Bondye voye delivrans li a bay moun ki pa Jwif yo. Yo menm y ap koute!” 29 [j]

30 Pòl te rete pase de zan plen nan yon kay li te lwe limenm. Se la li te resevwa tout moun ki te vin rann li vizit. 31 Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.

Footnotes

  1. 27:9 Jou Jwif yo te konn fè jèn Jèn yo pale isit la, se te jèn nan Jou Pirifikasyon an. Jou sa a te enpòtan anpil. Sete nan sezon otòn nan ane a. Se te yon sezon kote te konn gen kèk move loray sou lanmè a.
  2. 27:16 kannòt Kannòt sa a pa t yon kannòt sekou. Se te kòm yon ti bato yon gwo bato t ap rale. Yo te itilize l pou plizyè bagay.
  3. 27:18 enpe nan machandiz yo jete nan lanmè Mesye yo te fè sa pou fè bato a vin pi lejè pou l pa koule twò fasil.
  4. 27:28 40 mèt Literalman, “20 bras”.
  5. 27:28 30 mèt Literalman, “15 bras”.
  6. 28:10-11 De dye Jimo Estati Seza ak Poliks, dye Grèk yo.
  7. 28:15 Apiyis Yon vil ki yon distans 69 kilomèt konsa pa rapò ak Wòm.
  8. 28:15 Twa Otèl Yon vil ki yon distans 48 kilomèt konsa pa rapò ak Wòm.
  9. 28:26-27 Sitasyon sa a soti nan Eza 6:9-10.
  10. 28:29 Kèk nouvo kopi sou Travay Apot yo ajoute vèsè 29 la: Lè Pòl fin di sa, Jwif yo pati, yo te toujou ap fè gwo diskisyon youn ak lòt.