Add parallel Print Page Options

23 Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.” Ananyas,[a] ki te pi gran sakrifikatè a lè sa a, li te la tou. Lè l tande Pòl di pawòl sa yo, li pase moun ki te toupre Pòl yo lòd pou bay Pòl yon kalòt. Lè sa a, Pòl di: “Ou menm se Bondye k ap frape w! Miray blanchi! Gade w chita la pou jije m selon lalwa, epi gade w mande pou yo frape m, epi se yon bagay ki kont lalwa!”

Moun ki te la yo di Pòl konsa: “W ap manke pi gran sakrifikatè Bondye a dega!”

Pòl reponn: “Frè m yo, m pa t konn si se te pi gran sakrifikatè a; paske m konnen pawòl la di: Nou pa dwe di anyen mal kont yon chèf ki nan mitan pèp ou a.”[b]

Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”

Menm kote Pòl fin di sa a, yon diskisyon pete ant Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi gwoup la divize. Sadiseyen yo pa t kwè ni nan moun mouri gen pou leve, ni nan anj, ni nan espri, epi Farizyen yo te kwè nan tout bagay sa yo. Foul la te pran manifeste pi fò toujou, epi kèk pwofesè lalwa ki te manm pati Farizyen yo leve kanpe epi yo kòmanse yon diskisyon ak foul la, yo di: “Nou pa jwenn nonm sa a koupab de anyen. Yon espri osinon yon anj dwe te pale ak li.”

10 Diskisyon an te fè goumen leve, sa te fè kòmandan an vin pè pou moun yo pa dechire Pòl an miyèt moso. Konsa, li mande sòlda l yo pou yo desann nan foul la, retire Pòl nan mitan yo epi al fèmen l nan kazèn nan.

11 Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se konsa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.”

Kèk Jwif ap fè konplo pou touye Pòl

12 Nan demen maten, kèk nan Jwif yo monte yon konplo pou yo touye Pòl. Yo te menm fè yon ve devan Bondye yo pa t ap ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. 13 Te gen plis pase karant Jwif ki t ap prepare konplo sa a kont Pòl. 14 Jwif sa yo t al jwenn chèf prèt yo ansanm ak ansyen lidè yo, yo di yo: “Nou fè sèman sou tèt nou pou nou pa ni manje ni bwè toutotan nou pa touye Pòl. 15 Kidonk, nou menm, se pou nou aranje nou ak Gran konsèy la pou n al mande kòmandan an pou l mennen Pòl devan nou, sou pretèks nou bezwen poze l kèk kesyon toujou. Nou menm, nou pare pou n gentan touye l depi nan wout, anvan menm li rive devan nou.”

16 Men, yon neve Pòl, pitit sè li, tande koze konplo a ap pale. L al nan kazèn nan, l al mete Pòl okouran. 17 Konsa, Pòl rele youn nan ofisye sòlda yo, li di l: “Mennen ti jenn nonm sa a kot kòmandan an. Li gen yon mesaj pou li.” 18 Konsa, ofisye a mennen neve Pòl la bay kòmandan an. Ofisye a di kòmandan an: “Prizonye yo rele Pòl la mande m pou m mennen ti jenn nonm sa a ba ou, paske li gen yon mesaj pou ou.”

19 Kòmandan an mennen ti jenn nonm nan yon kote apa pou l ka alèz pou l pale; epi kòmandan an mande l: “Ki sa ou gen pou di m nan?”

20 Neve Pòl la di kòmandan an konsa: “Gen kèk Jwif ki deside mande w pou mennen Pòl devan Gran konsèy Jwif yo demen sou pretèks yo bezwen poze l kèk kesyon toujou. 21 Pa kwè yo! Gen plis pase karant Jwif k ap kache pou veye Pòl nan wout la pou yo touye l. Yo sèmante sou tèt yo pou yo pa ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. Se tann y ap tann pou w ta di wi w ap mennen Pòl desann.”

22 Kòmandan an mande ti jenn nonm nan pou l pa di pèsonn si l te mete l okouran de konplo a, epi li voye l ale.

Yo voye Pòl nan vil Sezare

23 Kòmandan an rele de (2) ofisye lame a epi li di yo: “Prepare 200 sòlda, 70 kavalye ansanm ak 200 gèrye ame ak lans pou yo pati pou lavil Sezare aswè a menm a nevè diswa. 24 Prepare kèk cheval tou pou Pòl pou nou ka mennen l bay gouvènè Feliks pou mwen sen epi sof.” 25 Apre sa, kòmandan an ekri yon lèt. Men sa k te ladan l:

26 Klod Lizyas,

voye bonjou pou chèf li

gouvènè Feliks.

27 Jwif yo te mete men sou nonm sa a m voye ba ou a, yo te menm ap chache touye l. Men, lè m vin konnen se sitwayen Women l ye, m antre nan foul la ansanm ak sòlda m yo, nou delivre l. 28 M te kirye pou m konnen ki akizasyon yo te gen kont li, sa te fè m fè yo mennen l devan Gran Konsèy Jwif yo. 29 M vin aprann yo t ap repwoche l kèk bagay, men sa yo se bagay ki gen pou wè ak lalwa yo a, men pa t gen anyen ki pou ta fè nonm sa a merite ni prizon ni lanmò. 30 Yo te aprann mwen tou te gen kèk Jwif ki t ap marinen yon konplo pou asasinen l. Konsa, m deside voye l ba ou. M di Jwif yo tou pou yo di w ak bouch pa yo kisa yo genyen kont li.

31 Sòlda yo te fè egzakteman sa kòmandan an te pase yo lòd fè a. Yo pran Pòl, epi nan lannuit lan menm, yo mennen l nan lavil Antipatris. 32 Nan landmen, kavalye yo kontinye wout la ak Pòl ale Sezare; sòlda yo menm, ansanm ak gèrye ki te ame ak lans yo te retounen nan vil Jerizalèm. 33 Lè kavalye yo rive Sezare, yo remèt lèt la bay gouvènè Feliks epi yo prezante Pòl ba li.

34 Lè Feliks fin li lèt la, li mande Pòl: “Nan ki pwovens ou soti?” Gouvènè a vin aprann Pòl soti Silisi. 35 Lè sa a, li di Pòl: “M ap gen pou tande ka w la lè Jwif k ap akize w yo va rive.” Apre sa, gouvènè a pase lòd pou yo fèmen Pòl nan palè Ewòd la.

Jwif yo akize Pòl devan Feliks

24 Senk jou apre, Ananyas, ki te pi gran sakrifikatè a, rive Sezare. Li mennen yon avoka avè l te rele Tètilis ansanm ak kèk ansyen nan lidè Jwif yo. Yo te vin Sezare pou yo te ka akize Pòl devan gouvènè a. Yo fè Pòl vin prezante devan Feliks, epi Tètilis kòmanse akizasyon an kont Pòl ak pawòl sa yo:

“Ekselans, se gras a ou menm nou genyen bonjan lapè sa a. Se gras ak sajès pa w ki fè se sou administrasyon w lan nou jwenn tout bon refòm sa yo pou nasyon an. Ak tout kè nou, nou vle di w mèsi anpil, ekselans Festis, pou tout bagay sa yo n ap resevwa depi lontan ak tout kote. Nou pa vle pran twòp nan tan w met sou li. Men tanpri, pran yon ti pasyans pandan n ap di w kèk mo byen rapid. Nonm sa a se yon moun k ap mache simaye latwoublay pami Jwif yo toupatou nan lemonn. Se youn nan lidè nan pati Nazareyen yo. 6-8 Li menm eseye pwofane tanp lan. Nou menm nou te met men sou li.[c] Ou menm ou ka deside si n ap di verite a. Poze l kesyon pou wè.” Lòt Jwif yo te dakò ak sa k te di a. Yo di wi, tout sa se verite a.

Pòl defann tèt li devan Feliks

10 Gouvènè a fè yon sin ak men l pou di Pòl li mèt pale, epi Pòl di: “Gouvènè Feliks, m konnen ou ap jere zafè jistis nan tèt nasyon sa a depi lontan. Se sa k fè m byen kontan pou m defann koz mwen devan w jodi a. 11 Sa fè douz jou depi m te monte Jerizalem pou m al adore Bondye. Ou kapab verifye sa pou wè si se pa vre. 12 Jwif sa yo k ap akize m nan pa t jwenn mwen nan diskisyon ak okenn moun nan tanp lan ni simen latwoublay ak okenn moun. Yo pa t jwenn mwen ap diskite ni simen latwoublay nan okenn sinagòg nonplis ni okenn lòt kote nan vil la. 13 Yo pa kapab bay okenn prèv nonplis sou bagay y ap akize m di m fè yo.

14 M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen[d] an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. 15 Menm esperans Jwif sa yo genyen nan Bondye a, se li m genyen tou; esperans kote Bondye ap fè tout moun nèt, bon tankou mechan, resisite. 16 Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.

17-18 Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an.[e] Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt. 19 Te gen yon kolonn Jwif ki te soti an Azi ki te la lè sa a. Se yo menm ki ta pou vin pote akizasyon kont mwen la a, si yo te wè m fè yon bagay ki mal. 20 Ou mèt mande mesye sa yo ki la a, k ap akize m nan pou yo di w ki mal yo te jwenn mwen te fè lè m te konparèt devan Gran Konsèy nan Jerizalèm nan. 21 Lè m te kanpe devan yo a, men sèl sa m te di: Se paske mwen kwè mò yo gen pou resisite ki fè yo rele m nan jijman devan nou jodi a.”

22 Feliks ki te gentan konprann anpil bagay sou chemen Bondye a, li ranvwaye jijman an epi li di: “Lè kòmandan Lizyas va vini, m a deside kisa m ap fè ak nou.” 23 Feliks bay ofisye ki te responsab Pòl la lòd pou l pa lage Pòl, men pou l ba l yon ti libète pou pèmèt zanmi l yo vin pote sa l te bezwen pou li.

Pòl pale ak Feliks epi madanm li

24 Apre kèk jou, Feliks vini ansanm ak Drisil, madanm li, ki te yon Jwif. Feliks mande pou yo mennen Pòl vin devan l. Li te pran plezi pou tande Pòl ap pale konsènan lafwa l nan Jezikris. 25 Men, lè Pòl kòmanse pale sou jan moun dwe viv yon fason ki konfòm ak volonte Bondye, jan moun dwe kontwole pwòp tèt yo, ak jou jijman ki gen pou vini an, Feliks vin pè, li di: “Oke, kounye a ou mèt ale. Lè m a gen tan, m a rele w ankò.” 26 Feliks menm te gen lòt rezon ki fè l t ap pale ak Pòl konsa. Li te gen espwa Pòl t apral ba l lajan anba tab, sa te fè li te rele Pòl souvan pou l pale avè l.

27 Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.

Pòl mande pou l konparèt devan Seza

25 Twa jou apre Festis fin monte nan pòs gouvènè a, li fè yon vwayaj soti Sezare pou ale Jerizalèm. Pandan l nan Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo pote Festis plent pou Pòl. Yo mande Festis pou l fè yo yon favè, pou l voye Pòl tounen Jerizalèm. Yo te mande sa, paske yo te gen plan pou touye Pòl depi nan wout. Men, Festis reponn yo: “Pòl deja nan prizon Sezare, l ap rete la. Mwen menm, m gen pou m desann Sezare byento. Lidè nou yo ka toujou desann avè m. Si Pòl fè kèk bagay ki mal, yo ka toujou al pote akizasyon kont li la ba a.”

Apre sa, Festis pase uit a dis jou ankò nan Jerizalèm epi l desann Sezare. Nan landmen, Festis al chita nan tribinal la epi li mande sòlda yo pou yo mennen Pòl devan li. Lè Pòl parèt nan tribinal la, kolonn Jwif ki te soti Jerizalèm yo te antoure l. Yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t ka bay okenn prèv. Pou l defann tèt li, Pòl di: “Mwen pa fè anyen ki mal ni kont lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza.”

Festis ki te vle fè Jwif yo plezi, li mande Pòl: “Èske w ta vle al Jerizalèm pou m jije w laba a sou baz akizasyon sa yo?”

10 Pòl reponn: “Kote m kanpe a la a, se devan tribinal Seza m kanpe. Se la pou m jije. M pa fè Jwif yo anyen ki mal, m konnen ou konn sa. 11 Si m te fè yon bagay ki kont lalwa, ki fè m merite lanmò, m dakò pou m mouri. Men tou, si akizasyon y ap pote kont mwen yo pa vre, pèsonn pa ka lage m nan men moun sa yo. Okontrè menm, m mande pou Seza tande koz mwen.”

12 Lè sa a, Festis fè yon pale ak konseye l yo epi li di Pòl: “Ou mande pou al devan Seza, ebyen ou pral devan Seza!”

Pòl parèt devan Agripa ak Berenis

13 Kèk jou apre sa, wa Agripa rive Sezare ansanm ak Berenis, sè li, yo te vin vizite Festis. 14 Yo te pase anpil jou la avèk Festis. Pandan yo te la, Festis mete yo okouran de dosye Pòl la. Li di yo: “Gen yon nonm Feliks te kite nan prizon an lè l t ap kite pòs la. 15 Lè m te monte Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo te vin fè depozisyon kont li pou akize l. Yo te menm vle m kondane l amò. 16 M te di yo: Lè yo akize yon moun de bagay ki mal, Women yo pa gen nan koutim yo pou yo remèt li bay moun pou jije li san l pa gen chans defann tèt li devan moun k ap akize l yo anvan epi pou l defann tèt li parapò ak akizasyon yo pote kont li yo.

17 Konsa, lè Jwif yo te vin isit la nan Sezare, m pa t kite tan pase. M te chita sou fotèy jijman an depi nan landmen epi mwen te mande pou yo mennen nonm nan devan m. 18 Jwif yo te pote anpil akizasyon kont li se vre, men yo pa t akize l te fè okenn krim jan m te atann yo t apral akize l la. 19 Tout akizasyon yo te pote se te bagay ki konsène pwòp relijyon yo epi sa ki konsène yon nonm yo te rele Jezi. Jezi sa a te mouri, men Pòl di li toujou vivan. 20 Kòm m pa t gen yon ide ditou sou kijan pou m ta jije yon bagay konsa, m te mande Pòl: Èske w ta vle m voye w Jerizalèm pou al jije laba a? 21 Men Pòl mande pou l konparèt devan Anperè a pito. Konsa, m pase lòd pou l rete nan prizon isit la Sezare jouktan m jwenn okazyon pou m voye l bay Seza nan lavil Wòm.”

22 Agripa di Festis: “M ta renmen tande nonm sa a tou.”

Festis reponn: “Pa gen pwoblèm, ou ap tande l demen.”

23 Vrèman vre, nan landmen, Agripa ak Berenis vini ak gwo kòtèj ansanm ak yo. Yo antre nan sal odyans la ansanm ak yon ekip chèf militè ak yon bann notab lavil la tou ansanm ak yo. Festis pase sòlda yo lòd epi yo mennen Pòl vini.

24 Festis pran lapawòl, li di: “O Wa Agripa, nou tout ki rasanble isit la, nou wè nonm sa a! Tout pèp Jwif la, kit se isit la Sezare, kit se Jerizalèm, yo pote m plent pou li. Chak fwa yo pote plent pou li, y ap rele mande pou l mouri. 25 Lè m tande li, m pa jwenn li koupab de anyen pou l ta merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande koz li. Konsa mwen deside voye l nan lavil Wòm. 26 Malgre sa, m pa konn kisa pou m di Seza nonm nan fè ki mal. Se poutèt sa m deside fè l konparèt devan nou tout, sitou devan wa Agripa. M espere n ap ka poze l kesyon pou ede m jwenn yon bagay pou m ekri voye bay Seza. 27 M panse se ta yon foli pou yon moun ta voye yon prizonye bay Seza san ou pa di ki akizasyon ki genyen kont li.”

Footnotes

  1. 23:2 Ananyas Se pa menm moun ak mesye ki rele Ananyas nan Trav 22:12.
  2. 23:5 Sitasyon sa a soti nan Egz 22:28.
  3. 24:6-8 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 6b-8a: “Epi nou te vle jije l selon pwòp lalwa nou an. Men kòmandan Lizyas vin antre an gwo ponyèt, li pran l nan men nou. Epi kòmandan Lizyas egzije pou moun ki te vle akize misye yo vin devan w.”
  4. 24:14 Chemen Sa vle di Chemen Jezikris la.
  5. 24:17-18 seremoni pirifikasyon an Seremoni espesyal yo te konn fè pou mete yon bout nan ve Nazireyen an. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.