Add parallel Print Page Options

25 Se sa Bondye deklare pa mwayen pwofèt Oze:

“Pèp ki pa t pèp mwen an,
    m ap rele l pèp mwen.
Epi nasyon m pa t renmen an,
    m ap rele l nasyon byenneme m nan.”(A)

26 Epi,

“Menm kote yo te di yo:
    Ou pa pèp mwen!
Menm kote sa a,
    yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”(B)

27 Pwofèt Ezayi rele byen fò pou l pale de pèp Izrayèl la konsa:

“Menm lè moun Izrayèl yo ta anpil,
    menm jan ak sab ki bò lanmè
    se kèk nan yo k ap sove sèlman.

Read full chapter