Add parallel Print Page Options

Obeyisans anvè otorite yo

13 Nou dwe obeyi tout otorite ki plase sou tèt nou. Paske se Bondye ki mete tout otorite. Otorite ki la yo, se Bondye ki plase yo. Konsa, si yon moun ap lite kont yon otorite, se kont volonte Bondye li pran pozisyon. Si yon moun ap lite kont otorite yo, se jijman l ap rele sou pwòp tèt li. Yon moun ki fè sa ki byen, li pa bezwen pè otorite yo, men si nou fè sa ki mal, se pou n pè yo. Ou pa vle pè otorite yo? Enben, fè sa ki byen, epi otorite yo va felisite w.

Otorite yo, se sèvis Bondye y ap fè pou ede nou. Men si ou fè sa ki mal, ou gen rezon pè yo, paske se pa pou anyen otorite yo gen pouvwa pou pini moun. Otorite yo se sèvitè Bondye plase pou pini moun k ap fè sa ki mal. Poutèt sa, se pou n soumèt nou anba otorite yo. Se pa pou yo pa pini nou sèlman, men se paske nou konnen se sa ki dwat pou nou fè.

Se poutèt sa nou peye taks yo. Moun k ap dirije yo dwe gen yon salè pou tout responsabilite sa yo yo genyen. Se pou Bondye y ap travay. Bay chak moun sa w dwe l. Nenpòt kalite taks ou dwe peye, peye l; si se obeyisans ou dwe, se pou w obeyi; si se respè, ou dwe aji ak respè; si ou dwe onore yon moun, onore l.

Renmen pwochen w, se sa ki lalwa

Nou pa dwe gen dèt anvè pèsòn, sèl dèt pou nou genyen se pou nou youn renmen lòt. Yon moun ki renmen pwochen l, li fè tout sa Lalwa mande. Lalwa di: “Pa komèt adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa pote lanvi sou bagay moun.”[a] Kòmannman sa yo ak tout lòt yo, yo anndan yon sèl: “Renmen pwochen[b] w menm jan w renmen pwòp tèt ou!”[c] 10 Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.

11 Nou konnen nan ki tan n ap viv kounye a: Se lè pou n pa dòmi! Jou delivrans nou an pi pre kounye a pase lè nou te fenk kwè. 12 Nuit lan prèske fini. Li prèske jou. Alò, nou dwe sispann fè zèv yo fè nan fènwa yo. Nou dwe prepare nou pou n konbat sa ki mal ak zam limyè yo. 13 Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi. 14 Men, se pou n abiye nou ak Jezikri, Senyè nou an. Epi, pa chache reflechi sou kijan pou n satisfè dezi feblès lachè nou.

Footnotes

  1. 13:9 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:13-15, 17.
  2. 13:9 pwochen Oubyen “lòt yo”. Ansèyman Jezi nan Lik 10:25-37 fè nou konprann yon pwochen se tout moun ki nan bezwen.
  3. 13:9 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.