Add parallel Print Page Options

19 Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz:

“M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon
    pou m fè nou vin jalou.
M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann
    pou m fè nou fache.”(A)

20 Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di:

“Moun ki jwenn mwen,
    yo pa t menm ap chache m.
M fè menm moun ki pa t ap mande
    pou mwen konnen m.”(B)

21 Men, sou Izrayèl, Bondye di:

“Tout lasent jounen, m ap lonje men m bay pèp la,
    men yo dezobeyisan epi yo rebèl.”(C)

Read full chapter