Add parallel Print Page Options

Èske Abraram ban nou yon rezon pou nou fyè?

Kounye a, kisa nou kapab di sou Abraram,[a] zansèt nou, ki leson l te aprann, limenm? Si Bondye te deklare Abraram jis sou baz sa l te fè, li ta gen rezon fè lwanj pou pwòp tèt li! Men li pa ka vante tèt li devan Bondye. Sa parèt aklè nan sa Bib la di: “Abraram te kwè nan Bondye, poutèt l te kwè, Bondye aksepte l kòm si l te fè sa ki dwat.”[b]

Lè yon moun travay, lajan yo peye l se pa yon kado. Li resevwa lajan an pou travay li te fè. Men si, olye pou w travay, ou mete lafwa w nan Bondye, li wè lafwa w epi li konsidere w kòm yon moun ki pa anba kondanasyon peche l. Bondye fè sa menm pou moun ki dezonore l. David di menm bagay la, lè l ekri sou benediksyon yon moun jwenn lè Bondye aksepte l kòm moun ki jis, san l pa gade sou sa moun nan te fè.

“Se yon gwo benediksyon
    lè yon moun jwenn padon pou fot li te komèt,
    lè peche l yo te jwenn padon!
Se yon gwo benediksyon
    lè Senyè a retire peche yon moun
    nan lis kote yo te ekri!”[c]

Èske benediksyon sa a se sèlman pou moun ki sikonsi? Oubyen èske l pou moun ki pa sikonsi tou? Nou te gentan di sa deja, se poutèt lafwa Abraram Bondye te aksepte l pou yon moun ki jis devan l. 10 Ki lè sa te pase? Èske Bondye te aksepte Abraram anvan oubyen apre l te fin sikonsi? Bondye te aksepte l anvan l te sikonsi. 11 Abraram te vin sikonsi nan apre, pou montre Bondye te aksepte l. Sikonsizyon li se te yon prèv li te yon moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, anvan l te sikonsi. Konsa, Abraram se papa tout moun ki kwè epi ki pa sikonsi. Yo kwè epi Bondye aksepte yo kòm moun ki jis devan li. 12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a.

Resevwa pwomès Bondye pa lafwa

13 Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li. 14 Si se moun ki swiv Lalwa k ap jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè sa a, lafwa pa t ap gen okenn enpòtans, epi pwomès Bondye a t ap san valè. 15 Paske Lalwa rale kòlè Bondye sou moun ki dezobeyi l. Konsa, si pa gen lalwa, pa gen dezobeyisans lalwa.

16 Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se konsa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout. 17 Se konsa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.”[d] Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste.

18 Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.”[e] 19 Abraram te prèske gen santan, laj pou l te fè pitit la te gentan pase. Epi Sara pa t ka fè pitit tou. Abraram te byen konnen sa, men konfyans li nan Bondye pa t febli. 20 Li pa t janm doute nan mete nan tèt li Bondye pa ta kenbe pawòl li. Olye l ta sispann kwè, li kontinye fè Bondye konfyans epi li fè lwanj pou Bondye. 21 Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt. 22 Se poutèt sa “Bondye te aksepte l kòm moun ki aji dwat devan l.” 23 Men se pa sèlman Abraram Pawòl Bondye a di “Bondye aksepte l kòm moun ki dwat.” 24 Nou ladan l tou. Bondye ap aksepte nou paske nou kwè. Nou kwè nan sila a ki te resisite a, Jezi, Senyè nou an. 25 Bondye te bay Jezi pou l te ka mouri pou peche nou. Epi li resisite l, pou l kapab aksepte nou kòm moun dwat devan l.

Footnotes

  1. 4:1 kisa nou kapab di sou Abraram Literalman, “ki sa nou jwenn (nan Lalwa) sou Abraram?”
  2. 4:3 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:6. Gade tou nan vèsè 9, 22.
  3. 4:8 Sitasyon sa a soti nan Sòm 32:1-2.
  4. 4:17 Sitasyon sa a soti nan Jen 17:5 kote Bondye t ap pale ak Abraram.
  5. 4:18 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:5.

¶ Kisa n'a di konsènan Abraram, granpapa nou? Kisa l' te jwenn?

Si se sa Abraram te fè a ki te fè Bondye fè l' gras, li ta mèt fè grandizè. Men, li pa ka fè sa devan Bondye.

Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l' gras.

Moun ki fè yon travay resevwa lajan pou sa l' fè a. Lajan yo ba li a, se pa yon favè, ni se pa kado yo fè li. Se yon bagay yo dwe li.

Okontrè, moun ki pa fè okenn travay pou yo dwe li kichòy, men ki mete konfyans li nan Bondye sèlman, Bondye k'ap fè tout moun ki meprize l' yo gras, ap fè moun sa yo gras tou paske yo mete konfyans yo nan li.

Se sa David te vle di, lè l' deklare: yon moun Bondye fè gras san Bondye pa gade sou sa l' fè, se moun konsa ki beni:

Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè!

Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l' kont pou sa li fè ki mal!

¶ Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fèk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te fè l' gras.

10 Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pa t' nan apre. Se te anvan li te sikonsi.

11 Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras.

12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi.

13 Bondye te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l' te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pa t' fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sak fè Bondye te fè l' gras.

14 Si sa Bondye te pwomèt la se te pou moun ki fè sa lalwa a mande, moun pa ta bezwen gen konfyans nan Bondye ankò; pwomès li a pèdi tout valè li.

15 Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa.

16 Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sak fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout,

17 ¶ jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la.

18 Abraram te gen konfyans nan Bondye, li t'ap tann pwomès la, malgre lè sa a li pa t' gen okenn rezon pou l' te tann ankò. Se sak fè li tounen zansèt moun anpil nasyon dapre sa Bondye te di l': Pitit pitit ou yo va anpil.

19 Lè sa a, Abraram te prèt pou gen santan sou tèt li. Men, konfyans li pa t' febli lè l' te gade kò l' ki te fin ale, epi pou l' te wè Sara, madanm li, ki pa t' ka fè pitit ankò.

20 Non, li pa t' pèdi konfyans nan Bondye, li pa t' janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou; epi li t'ap chante lwanj Bondye.

21 Li te gen fèm konviksyon Bondye te gen pouvwa pou l' te fè sa l' te pwomèt la.

22 Se konsa, poutèt konfyans Abraram te gen nan Bondye a, Bondye fè l' gras.

23 ¶ Men, se pa pou Abraram sèlman yo te ekri pawòl sa yo: Li fè li gras.

24 Pawòl sa yo te ekri pou nou tou. L'ap fè nou gras tou, nou menm ki mete konfyans nou nan moun li fè soti vivan pami mò yo, Jezikri, Seyè nou an.

25 Se Jezi sa a ki te mouri pou peche nou yo epi ki leve soti vivan ankò pou fè Bondye fè nou gras.