Add parallel Print Page Options

Moun ki te la yo di Pòl konsa: “W ap manke pi gran sakrifikatè Bondye a dega!”

Pòl reponn: “Frè m yo, m pa t konn si se te pi gran sakrifikatè a; paske m konnen pawòl la di: Nou pa dwe di anyen mal kont yon chèf ki nan mitan pèp ou a.”(A)

Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”

Read full chapter