Travay 2
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Sentespri a vini
2 Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote. 2 Sanzatann konsa, yon gwo bri soti nan syèl la, tankou yon gwo van k ap soufle ak raj, epi li ranpli tout kay kote yo te chita a. 3 Konsa, disip yo wè yon bann bagay ki tankou ti flanm dife ki te detache youn ak lòt epi y al chita youn pa youn sou tèt chak moun ki te la yo. 4 Yo tout te ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe pale tout kalite lòt lang, selon jan Sentespri te ba yo abilite pou pale ak moun ki te nan Jerizalèm yo.
5 Nan moman sa a, te gen anpil Jwif ki gen krentif pou Bondye ki te prezan nan Jerizalèm. Yo te soti nan tout kalite peyi sou latè. 6 Bri ki te fèt la te fè yon gwo foul moun rasanble. Moun sa yo pa t manke sezi lè chak moun te tande disip yo ap pale ak yo nan pwòp lang peyi pa yo.
7 Foul la tèlman sezi, tèlman etone, yo mande: “Tout moun sa yo n ap tande k ap pale a, se pa moun Galile[a] yo tout ye? 8 Ki jan nou fè tande y ap pale nan pwòp lang pa nou? 9 Pami nou la, gen moun ki soti toupatou tankou Pat, Medi, Elam, Mezopotami, Jide, Kapadòs, moun Pon ak moun ki soti an Azi. 10 Gen moun ki soti Friji ak Panfili, gen moun peyi Lejip ansanm ak sa ki soti nan tout rejyon Libi ki toupre lavil Sirèn nan, gen moun ki soti lavil Wòm tou. 11 Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”
12 Tout foul la te sezi. Yo pa t konnen kijan pou yo eksplike sa k pase a. Anpil ladan yo t ap mande youn lòt: “Ki sa bagay sa a vle di menm?” 13 Men gen lòt menm ki t ap pase disip yo nan betiz, yo t ap di: “Yo genlè bwè twòp diven, yo dwe sou.”
Pyè pale ak foul la
14 Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò. 15 Moun sa yo pa sou, jan nou panse a, se nevè dimaten li ye sèlman. 16 Pwofèt Jowèl te gentan ekri konsènan sa nou wè k ap pase a deja. Men sa li te ekri:
17 Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive:
M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè.
Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize.
Jenn gason nou yo va fè vizyon.
Granmoun nou yo va fè rèv.
18 Nan dènye tan yo, m ap vide Lespri m
sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo
epi yo tout ap pwofetize.
19 Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la,
ak gwo mirak anba sou latè.
Va gen san, dife ansanm ak gwo nyaj lafimen.
20 Solèy la pral vin tou nwa.
Lalin nan pral vin wouj tankou san
anvan jou Senyè va rive.
Se yon gwo jou,
yon jou gloriye jou sa va ye.
21 Lè sa a, nenpòt moun ki va mete konfyans li
nan Senyè a[b] va sove.(A)
22 Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen. 23 Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. 24 Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l. 25 Men sa wa David te ekri konsènan Jezi:
Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen,
paske li te toujou bò kote m
pou asire sekirite m.
26 Konsa, mwen gen anpil lajwa nan kè m,
epi bouch mwen ap chante lwanj.
Anplis de sa, kò m ap repoze avèk esperans,
27 paske ou p ap kite m nan tonbo a,[c]
ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.
28 Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò.
Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen.(B)
29 Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou. 30 David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.[d] 31 David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale kon sa konsènan rezireksyon Kris la. Li di:
Bondye pa t kite l kote mò yo ye a,
Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.
32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a. 33 Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste. 34 Se pa David ki te monte nan syèl la. Okontrè, men sa David te di:
Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
35 jouktan m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w.(C)
36 Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.”
37 Lè foul la fin tande sa Pyè te di a, kè yo te fè yo mal anpil. Yo te regrèt sa. Lè sa a, yo di Pyè ak lòt apot yo konsa: “Frè nou yo, kisa pou nou fè?”
38 Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou. 39 Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.”
40 Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.” 41 Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo.
Kwayan yo pataje byen yo
42 Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje[e] ansanm epi yo te lapriyè ansanm. 43 Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye. 44 Tout kwayan yo te rete ansanm yon sèl kote, epi yo te pataje tout sa yo te genyen ansanm tou. 45 Ye te vann tè yo ak lòt byen yo te genyen epi yo pataje lajan an ant yo tout, selon bezwen chak moun. 46 Chak jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen bay tout moun kay an kay, epi yo te konn manje ansanm ak anpil kè kontan nan yon espri imilite. 47 Yo t ap fè lwanj pou Bondye. Tout pèp la te renmen yo. Chak jou Senyè a t ap ajoute moun li t ap delivre yo sou gwoup moun ki te la yo.
Footnotes
- 2:7 moun Galile Foul la te konnen se lang yo pale nan Galile sèlman moun Galile yo te pale.
- 2:21 ki va mete konfyans li nan Senyè a Literalman, “ki rele non Senyè a”, sa vle di montre lafwa nan li pa mwayen adorasyon osinon lapriyè pou mande Bondye sekou.
- 2:27 tonbo a Literalman, “Adès”. Gade tou nan vèsè 31.
- 2:30 Bondye te bay … kòm wa Gade nan 2 Sa 7:12, 13 epi nan Sòm 132:11.
- 2:42 manje Literalman, “kase pen”. Sa ka vle di manje yon repa ansanm osinon lasèn, repa espesyal Jezi te di disip li yo manje pou yo sonje l la. Se menm bagay ak nan vèsè 46. Gade tou nan Lik 22:14-20.
使徒行传 2
Chinese New Version (Traditional)
五旬節聖靈降臨
2 五旬節到了,他們都聚集在一起。 2 忽然有一陣好像強風吹過的響聲,從天而來,充滿了他們坐在裡面的整間屋子。 3 又有火燄般的舌頭顯現出來,分別落在他們各人身上。 4 他們都被聖靈充滿,就照著聖靈所賜給他們的口才,用別種語言說出話來。
5 那時住在耶路撒冷的,有從天下各國來的虔誠的猶太人。 6 這聲音一響,許多人都聚了來,人人都聽見門徒講出聽眾各人本鄉的話,就莫名其妙。 7 他們又驚訝、又驚奇,說:“你看,這些說話的,不都是加利利人嗎? 8 我們各人怎麼聽見他們講我們從小所用的本鄉話呢? 9 我們帕提亞人、瑪代人、以攔人和住在美索不達米亞、猶太、加帕多家、本都、亞西亞、 10 弗呂家、旁非利亞、埃及,並靠近古利奈的利比亞一帶地方的人,客居羅馬的猶太人和歸信猶太教的人, 11 克里特人以及阿拉伯人,都聽見他們用我們的語言,講說 神的大作為。” 12 眾人還在驚訝迷惘的時候,彼此說:“這是甚麼意思?” 13 另有些人譏笑說:“他們是給新酒灌醉了。”
彼得在五旬節的講道
14 彼得和十一使徒站起來,他高聲對眾人說:“猶太人和所有住在耶路撒冷的人哪,你們應當明白這件事,也應該留心聽我的話。 15 這些人並不是照你們所想的喝醉了,現在不過是上午九點鐘罷了。 16 這正是約珥先知所說的:
17 ‘ 神說:在末後的日子,
我要把我的靈澆灌所有的人,
你們的兒女要說預言,
你們的青年人要見異象,
你們的老年人要作異夢。
18 在那些日子,
我也要把我的靈澆灌我的僕人和使女,他們就要說預言。
19 我要在天上顯出奇事,
在地上顯出神蹟,
有血、有火、有煙霧;
20 太陽將變為黑暗,
月亮將變為血紅,
在主偉大顯赫的日子臨到以前,這一切都要發生。
21 那時,凡求告主名的,都必得救。’
22 “以色列人哪,請聽聽這幾句話:正如你們所知道的, 神已經藉著拿撒勒人耶穌在你們中間施行了大能、奇事、神蹟,向你們證明他是 神所立的。 23 他照著 神的定旨和預知被交了出去,你們就藉不法之徒的手,把他釘死了。 24 神卻把死的痛苦解除,使他復活了,因為他不能被死亡拘禁。 25 大衛指著他說:
‘我時常看見主在我面前,
因他在我右邊,我必不會動搖。
26 為此我的心快樂,我的口舌歡呼,
我的肉身也要安居在盼望中。
27 因你必不把我的靈魂撇在陰間,
也必不容你的聖者見朽壞。
28 你已經把生命之路指示了我,
必使我在你面前有滿足的喜樂。’
29 “弟兄們,關於祖先大衛的事,我不妨坦白告訴你們,他死了,葬了,直到今日他的墳墓還在我們這裡。 30 他是先知,既然知道 神向他起過誓,要從他的後裔中立一位,坐在他的寶座上, 31 又預先看見了這事,就講論基督的復活說:
‘他不會被撇在陰間,
他的肉身也不見朽壞。’
32 這位耶穌, 神已經使他復活了,我們都是這事的見證人。 33 他既然被高舉到 神的右邊,從父領受了所應許的聖靈,就把他澆灌下來,這就是你們所看見所聽見的。 34 大衛並沒有升到天上,他卻說:
‘主對我主說:
你坐在我的右邊,
35 等我使你的仇敵作你的腳凳。’
36 因此,以色列全家應當確實知道,你們釘在十字架上的這位耶穌, 神已經立他為主為基督了。”
37 他們聽了以後,覺得扎心,就對彼得和其餘的使徒說:“弟兄們,我們應當作甚麼呢?” 38 彼得說:“你們應當悔改,並且每一個人都要奉耶穌基督的名受洗,使你們的罪得赦,就必領受聖靈,那白白的恩典。 39 這應許原是給你們和你們的兒女,以及所有在遠方的人,就是給凡是我們主 神召來歸他的人。” 40 彼得還用許多別的話,鄭重作證,並且勸勉他們,說:“你們應當救自己脫離這彎曲的世代!” 41 於是接受他話的人都受了洗,那一天門徒增加了約三千人。 42 他們恆心遵守使徒的教訓,彼此相通、擘餅和祈禱。
信徒的團契生活
43 使徒行了許多奇事神蹟,眾人就都懼怕。 44 所有信的人都在一起,凡物公用, 45 並且變賣產業和財物,按照各人的需要分給他們。 46 他們天天同心在殿裡恆切地聚集,一家一家地擘餅,存著歡樂和誠懇的心用飯, 47 又讚美 神,並且得到全民的喜愛。主將得救的人,天天加給教會。
Acts 2
New King James Version
Coming of the Holy Spirit
2 When (A)the Day of Pentecost had fully come, (B)they were all [a]with one accord in one place. 2 And suddenly there came a sound from heaven, as of a rushing mighty wind, and (C)it filled the whole house where they were sitting. 3 Then there appeared to them [b]divided tongues, as of fire, and one sat upon each of them. 4 And (D)they were all filled with the Holy Spirit and began (E)to speak with other tongues, as the Spirit gave them utterance.
The Crowd’s Response
5 And there were dwelling in Jerusalem Jews, (F)devout men, from every nation under heaven. 6 And when this sound occurred, the (G)multitude came together, and were confused, because everyone heard them speak in his own language. 7 Then they were all amazed and marveled, saying to one another, “Look, are not all these who speak (H)Galileans? 8 And how is it that we hear, each in our own [c]language in which we were born? 9 Parthians and Medes and Elamites, those dwelling in Mesopotamia, Judea and (I)Cappadocia, Pontus and Asia, 10 Phrygia and Pamphylia, Egypt and the parts of Libya adjoining Cyrene, visitors from Rome, both Jews and proselytes, 11 Cretans and [d]Arabs—we hear them speaking in our own tongues the wonderful works of God.” 12 So they were all amazed and perplexed, saying to one another, “Whatever could this mean?”
13 Others mocking said, “They are full of new wine.”
Peter’s Sermon(J)
14 But Peter, standing up with the eleven, raised his voice and said to them, “Men of Judea and all who dwell in Jerusalem, let this be known to you, and heed my words. 15 For these are not drunk, as you suppose, (K)since it is only [e]the third hour of the day. 16 But this is what was spoken by the prophet Joel:
17 ‘And(L) it shall come to pass in the last days, says God,
(M)That I will pour out of My Spirit on all flesh;
Your sons and (N)your daughters shall prophesy,
Your young men shall see visions,
Your old men shall dream dreams.
18 And on My menservants and on My maidservants
I will pour out My Spirit in those days;
(O)And they shall prophesy.
19 (P)I will show wonders in heaven above
And signs in the earth beneath:
Blood and fire and vapor of smoke.
20 (Q)The sun shall be turned into darkness,
And the moon into blood,
Before the coming of the great and awesome day of the Lord.
21 And it shall come to pass
That (R)whoever calls on the name of the Lord
Shall be saved.’
22 “Men of Israel, hear these words: Jesus of Nazareth, a Man attested by God to you (S)by miracles, wonders, and signs which God did through Him in your midst, as you yourselves also know— 23 Him, (T)being delivered by the determined purpose and foreknowledge of God, (U)you [f]have taken by lawless hands, have crucified, and put to death; 24 (V)whom God raised up, having [g]loosed the [h]pains of death, because it was not possible that He should be held by it. 25 For David says concerning Him:
(W)‘I foresaw the Lord always before my face,
For He is at my right hand, that I may not be shaken.
26 Therefore my heart rejoiced, and my tongue was glad;
Moreover my flesh also will rest in hope.
27 For You will not leave my soul in Hades,
Nor will You allow Your Holy One to see (X)corruption.
28 You have made known to me the ways of life;
You will make me full of joy in Your presence.’
29 “Men and brethren, let me speak freely to you (Y)of the patriarch David, that he is both dead and buried, and his tomb is with us to this day. 30 Therefore, being a prophet, (Z)and knowing that God had sworn with an oath to him that of the fruit of his body, [i]according to the flesh, He would raise up the Christ to sit on his throne, 31 he, foreseeing this, spoke concerning the resurrection of the Christ, (AA)that His soul was not left in Hades, nor did His flesh see corruption. 32 (AB)This Jesus God has raised up, (AC)of which we are all witnesses. 33 Therefore (AD)being exalted [j]to (AE)the right hand of God, and (AF)having received from the Father the promise of the Holy Spirit, He (AG)poured out this which you now see and hear.
34 “For David did not ascend into the heavens, but he says himself:
(AH)‘The Lord said to my Lord,
“Sit at My right hand,
35 Till I make Your enemies Your footstool.” ’
36 “Therefore let all the house of Israel know assuredly that God has made this Jesus, whom you crucified, both Lord and Christ.”
37 Now when they heard this, (AI)they were cut to the heart, and said to Peter and the rest of the apostles, “Men and brethren, what shall we do?”
38 Then Peter said to them, (AJ)“Repent, and let every one of you be baptized in the name of Jesus Christ for the [k]remission of sins; and you shall receive the gift of the Holy Spirit. 39 For the promise is to you and (AK)to your children, and (AL)to all who are afar off, as many as the Lord our God will call.”
A Vital Church Grows
40 And with many other words he testified and exhorted them, saying, “Be saved from this [l]perverse generation.” 41 Then those who [m]gladly received his word were baptized; and that day about three thousand souls were added to them. 42 (AM)And they continued steadfastly in the apostles’ [n]doctrine and fellowship, in the breaking of bread, and in prayers. 43 Then fear came upon every soul, and (AN)many wonders and signs were done through the apostles. 44 Now all who believed were together, and (AO)had all things in common, 45 and [o]sold their possessions and goods, and (AP)divided[p] them among all, as anyone had need.
46 (AQ)So continuing daily with one accord (AR)in the temple, and (AS)breaking bread from house to house, they ate their food with gladness and simplicity of heart, 47 praising God and having favor with all the people. And (AT)the Lord added [q]to the church daily those who were being saved.
Footnotes
- Acts 2:1 NU together
- Acts 2:3 Or tongues as of fire, distributed and resting on each
- Acts 2:8 dialect
- Acts 2:11 Arabians
- Acts 2:15 9 a.m.
- Acts 2:23 NU omits have taken
- Acts 2:24 destroyed or abolished
- Acts 2:24 Lit. birth pangs
- Acts 2:30 NU He would seat one on his throne,
- Acts 2:33 Possibly by
- Acts 2:38 forgiveness
- Acts 2:40 crooked
- Acts 2:41 NU omits gladly
- Acts 2:42 teaching
- Acts 2:45 would sell
- Acts 2:45 distributed
- Acts 2:47 NU omits to the church
Copyright © 2017 by Bible League International
Chinese New Version (CNV). Copyright © 1976, 1992, 1999, 2001, 2005 by Worldwide Bible Society.
Scripture taken from the New King James Version®. Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved.

