Add parallel Print Page Options

Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li[a] epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”

Apre sa, Pòl kite Sinagòg la epi l al lakay Tèsiyis Jistis, yon nonm ki te konn adore Bondye epi ki te rete tou kole ak Sinagòg la. Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.

Read full chapter

Footnotes

  1. 18:6 souke pousyè nan rad li Se yon avètisman ki montre Pòl pa t deside kontinye pale ak moun sa yo ankò.