Travay 16:6-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Pòl resevwa apèl pou l al nan Masedwàn
6 Pòl ansanm ak ekip li a te vwayaje atravè Friji ak Galasi, paske Sentespri a pa t pèmèt yo anonse Levanjil la nan rejyon Lazi a. 7 Lè yo rive devan lavil Mizi, yo te gen entansyon ale nan Bitini; men, Lespri Jezikris a pa t pèmèt yo ale la. 8 Konsa, yo pase nan wout ki travèse vil Mizi a, yo desann nan vil Twoas.
9 Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!” 10 Tousuit apre Pòl fin fè vizyon an, nou[a] prepare vwayaj nou, epi n ale nan peyi Masedwàn. Nou sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay moun yo nan rejyon sa a.
Lidi remèt Bondye lavi li
11 Nou kite lavil Twoas nan batiman, nou ale tou dwat sou zile Samotras. Nan demen, nou pran direksyon lavil Neyapolis. 12 Apre sa, n ale nan vil Filip. Vil Filip la te premye vil nan rejyon Masedwàn nan. Se te yon koloni ki te anba pouvwa lavil Wòm. Nou te pase plizyè jou nan vil la.
13 Nan jou repo a, nou soti nan pòtay lavil la, n al bò yon rivyè. Nou t ap chache kote Jwif yo te konn reyini pou yo priye. Lè nou rive la, nou chita pale ak yon ekip medam kite rasanble la. 14 Youn nan medam yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tyati. Lidi se te yon machann ki vann bèl rad koulè mov. Li te konn adore Bondye. Li t ap koute Pòl avèk anpil atansyon. Senyè a louvri kè Lidi pou l te ka aksepte pawòl Pòl t ap anonse yo. 15 Sa te fè Lidi ansanm ak tout moun lakay li resevwa batèm. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: “Si nou kwè toutbon mwen mete konfyans mwen nan Senyè a, se pou nou fè ladesant lakay mwen.” Se fòse l te fòse nou fè ladesant lakay li.
Read full chapterFootnotes
- 16:10 nou Li sanble Lik ki te ekri liv sa a t al Masedwàn tou avèk Pòl. Men, li te rete nan vil Filip lè Pòl limenm te kite vil la (gade vèsè 40). Menm pwonon “nou” an parèt ankò nan 20:5–21:18 epi nan 27:1-28.
Jan 12:9-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Konplo kont Laza
9 Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou. 10 Chèf prèt yo te deside touye Laza tou. 11 Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Lik 19:28-40)
12 Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm. 13 Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele:
14 Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a:
16 Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.
17 Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li. 18 Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè. 19 Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International