Add parallel Print Page Options

Lik ekri yon lòt liv

Chè Teyofil, nan premye liv mwen te ekri a, mwen te rakonte tout sa Jezi te fè ak tout sa li te anseye pèp la, depi okòmansman, jouk rive nan jou li te retounen monte nan syèl la. Li bay moun li te chwazi kòm apot yo yon seri enstriksyon anba pouvwa Sentespri a, anvan l te monte nan syèl. Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan tout bon vre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou. Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan. Janbatis te batize moun nan dlo, men nou menm, n ap gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a nan kèk jou ankò.

Jezi monte nan syèl

Tout apot yo te reyini ansanm, yo t ap poze Jezi kesyon. Yo mande li: “Mèt, èske se kounye a ou pral mete wayòm Izrayèl la sou pye l ankò?”

Men, Jezi reponn yo: “Afè tan ak moman Bondye fikse ak pwòp otorite li, se pa bagay ki regade nou epi se pa bagay nou bezwen konnen nonplis. Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”

Apre Jezi fin di pawòl sa yo, li monte nan syèl. Pandan disip yo t ap gade l ki prale konsa, yon nyaj bare li. Konsa yo vin pa t ka wè l ankò. 10 Disip yo ap founi je gade nan syèl la, nan direksyon kote Jezi monte a. Lamenm yo wè de moun abiye tou de blan parèt kote yo. 11 Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”

Yo chwazi yon lòt apot

12 Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt[a] konsa. 13 Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la.

14 Tout apot sa yo te mete tèt yo ansanm pou priye pou menm bi. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè Jezi yo tou.

15 Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun konsa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di: 16 Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.

17 Jida se te youn pami nou ki te gen sèvis pa l nan travay sa n ap fè a.

18 Jida te achte yon moso tè avèk lajan sal li te resevwa pou trayi l te trayi Jezi a. Men apre sa, li sot tonbe sou tèt, vant li pete, tout trip li gaye sou menm moso tè sa a. 19 Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”.

20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo:

Se pou lakay li tounen yon dezè,
    se pou pèsonn pa rete lakay li.[b]

Men sa ki ekri ankò:

Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la.[c]

21 Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a. 22 Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo.

23 Yo prezante de (2) kandida pou plas la: Jozèf, yo te konn rele Basabas oubyen Jistis, ansanm ak Matyas. 24 Apre sa, apot yo priye Bondye, yo di: Senyè, ou menm ki konnen sa ki nan kè tout moun. Montre nou ki lès pami de mesye sa yo ou chwazi 25 pou sèvi kòm apot nan ministè sa a Jida te kite tonbe pou l al kote ki pou li a. 26 Apre sa, yo fè tiraj osò pou yo, epi chwa a te tonbe sou Matyas. Konsa, Matyas te vin apot akote lòt onz apot yo.

Footnotes

  1. 1:12 distans yon kilomèt Literalman, “distans pou yon jou Saba”, se te distans yon moun te gen dwa vwayaje nan yon jou Saba (1 kilomèt anviwon).
  2. 1:20 Sitasyon sa a soti nan Sòm 69:25.
  3. 1:20 Sitasyon sa a soti nan Sòm 109:8.