Add parallel Print Page Options

19 Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”.

20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo:

Se pou lakay li tounen yon dezè,
    se pou pèsonn pa rete lakay li.(A)

Men sa ki ekri ankò:

Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la.(B)

21 Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a.

Read full chapter