Add parallel Print Page Options

15 Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.

16 Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la.

17 Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.

Read full chapter