Add parallel Print Page Options

Yon peryòd mil (1,000) an

20 Apre sa, m wè yon zanj desann soti nan syèl la. Li te gen kle tou san fon an ak yon gwo chenn nan men l. Li kenbe dragon an. Dragon sa, se li menm ki sèpan ki te la depi nan kòmansman an, sa vle di move lespri a, oubyen Satan. Zanj lan anchene l byen anchene pou yon dire mil (1,000) an. Li jete l nan tou san fon an, epi li fèmen bouch tou a byen fèmen a kle. Li fè sa pou dragon an pa rive twonpe nasyon yo pandan mil (1,000) an sa yo. Apre sa, y ap lage l pou yon ti tan tou kout.

Apre sa, m wè plizyè twòn. Moun ki te chita sou yo te resevwa pouvwa pou jije. M wè moun yo te touye yo tou. Men rezon ki fè yo te touye yo: Yo te temwen Jezi epi yo t ap preche mesaj Bondye te ba yo. Yo pa t adore ni bèt la ni estati bèt la. Yo pa t pran mak li a ni sou fon yo, ni sou men yo. Yo menm, yo resisite epi y ap dirije ansanm ak Kris la pandan mil (1,000) an. Lòt mò yo pa resisite anvan mil (1,000) an sa yo fin pase. Sa se premye rezireksyon an.

Sa se premye rezireksyon an. Moun ki patisipe nan premye rezireksyon an, se moun ki beni tout bon vre, epi se moun ki apa pou Bondye. Dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo. Yo va tankou prèt k ap sèvi Bondye ansanm ak Kris la. Yo va wa ansanm avèk Kris pandan mil (1,000) an.

Satan pèdi batay la

Lè mil (1,000) an sa yo fin pase, yo va libere Satan nan prizon l te ye a. Li pral met kò l deyò pou twonpe nasyon nan tout kat kwen latè, Gòg ak Magòg, pou yo met tèt yo ansanm pou batay la; yo te si tèlman anpil tankou sab lanmè moun pa t ka konte yo.

Yo t ap vanse toupatou sou latè epi yo vin sènen kan kote pèp Bondye a ye a, vil Bondye renmen anpil la. Men, gen yon dife ki tonbe sot nan syèl la, li kraze brize tout foul lame Satan te reyini an. 10 Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan.

Jijman nasyon yo

11 Apre sa, m wè yon gwo fotèy blan ki te gen yon moun chita sou li. Tè a ak syèl la te pran kouri devan l. Yo disparèt nèt. 12 Epi m wè moun ki te mouri yo, gwo kou piti, yo tout te kanpe devan fotèy la. Te gen plizyè liv ki te louvri. Te gen yon lòt liv ki te louvri tou, se te liv lavi a. Epi mò yo te jije dapre sa ki te ekri nan liv sa yo, dapre sa yo te fè.

13 Lanmè a te remèt mò ki te ladan l yo. Lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo remèt mò pa yo tou, epi yo te jije yo dapre sa yo te fè. 14 Apre sa, lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo te voye yo jete nan letan dife a. Letan dife a se dezyèm lanmò a. 15 Nenpòt moun ki pa te gen non l enskri nan liv lavi a, yo te jete l nan letan dife a.