Add parallel Print Page Options

Moun nan syèl la ap louwe Bondye

19 Apre sa, mwen tande gwo vwa nan syèl la, se te vwa yon gwo foul moun. Vwa a t ap di:

“Fè lwanj pou Senyè a![a]
    Viktwa, glwa ak pouvwa se pou Senyè a.
Jijman l yo reyèl epi yo jis.
    Bondye nou an pini pwostitye a.
Se li menm ki fini ak latè nèt ak peche seksyèl li.
    Bondye pini pwostitye
    a pou l vanje lanmò sèvitè l yo.”

Yon lòt fwa ankò, foul la t ap di:

“Fè lwanj pou Senyè a!
    Pwostitye a ap boule epi lafimen l ap toujou leve pou tout tan.”

24 ansyen yo ansanm ak kat pèsonaj vivan yo, yo mete yo ajenou. Yo t ap adore Bondye, li menm ki chita sou fotèy wa a, yo t ap di:

“Amèn! Fè lwanj pou Senyè a!”

Lè sa a, yon vwa soti sou fotèy wa a, li di:

“Fè lwanj pou Bondye nou an,
    nou tout k ap sèvi l yo!
Fè lwanj pou Bondye nou an
    nou tout ki gen krentif pou Bondye, piti kou gran!”

Apre sa, m tande yon bri, tankou yon foul moun ki t ap fè anpil bri. Sa m tande a, se te menm jan ak gwo lanm lanmè oubyen bri yon bann gwo kout loray. Foul la t ap di:

“Fè lwanj pou Senyè a!
    Senyè Bondye nou an ki gen tout pouvwa,
    se li k ap gouvène kounye a.
An n rejwi nou, an n fè kè n kontan
    epi an n bay Bondye glwa!
Bay Bondye glwa, paske seremoni nòs Ti Mouton an rive,
    fiyanse Ti Mouton an tou pare, li byen bèl.
Yo bay fiyanse Ti Mouton an yon rad an len byen fen pou l mete;
    twal len an te klere epi li te byen pwòp.”

(Twal len byen fen an reprezante bon zèv pèp Bondye a te fè.)

Zanj lan di m konsa: “Ekri sa: Byennere moun ki envite nan resepsyon fèt maryaj Ti Mouton an.” Epi li ajoute: “Se Bondye, limenm, ki di pawòl sa yo.”

10 Lè sa a, m tonbe ajenou nan pye zanj lan pou m adore l. Men li di m konsa: “Pa adore m. M se yon sèvitè menm jan avè w. M se menm ak frè avèk sè w yo k ap temwanye pou Jezi. Se Bondye pou w adore. Paske temwanyaj pou Jezi se lespri pwofesi a.”

Kavalye sou cheval blan an

11 Apre sa, m wè syèl la te louvri. M wè yon cheval blan devan m. Kavalye ki te monte sou li a te rele Fidèl ak Verite, paske li dwat nan jijman li ak nan lagè l ap fè. 12 Je li te klere menm jan ak flanm dife; li te gen plizyè kouwòn sou tèt li. Te gen yon non ki te ekri sou li pèsòn pa t konnen, sof li menm sèl. 13 L abiye ak yon rad ki te plen san. Yo rele li “Pawòl Bondye.” 14 Yo t ap swiv lame ki nan syèl la sou cheval blan an tou. Yo tout te abiye ak rad byen fen, byen blan epi byen pwòp. 15 Te gen yon nepe byen file ki te soti nan bouch kavalye ki te monte sou cheval blan an pou l frape nasyon yo ki sou latè. L ap dirije yo ak yon baton an fè. L ap kraze rezen yo nan prèswa gwo kolè Bondye ki gen tout pouvwa a. 16 Sou rad li ak sou janm li, te gen yon non ki ekri:

wa tout wa yo ak Senyè tout SENYÈ yo

17 Apre sa, m wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li rele ak yon vwa byen fò, li di tout zwazo ki nan syèl la: “Vini, rasanble, pou gwo repa manje Bondye a. 18 Rasanble pou n manje kò wa yo, kòmandan lame yo ak sòlda yo. Vin manje kò cheval yo ak tout moun ki monte yo, kit se moun lib, kit se esklav, kit se timoun, kit se granmoun.”

19 Lè sa a, m wè bèt la ansanm ak wa ki sou latè yo, ak tout sòlda lame yo. Yo reyini pou batay ak kavalye ki te sou cheval la ansanm ak lame pa l la. 20 Men, yo te met men sou bèt la ansanm ak fo pwofèt la epi yo mete yo nan prizon. Fo pwofèt sa a te fè yon bann gwo mirak devan bèt la. Se konsa li te twonpe moun ki te aksepte mak bèt la epi ki te adore estati l la. Yo jete bèt la ansanm ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife mele ak souf ki t ap boule a. 21 Nepe ki soti nan bouch kavalye a te touye sa k te rete yo, epi tout zwazo yo te vin manje kò yo.

Footnotes

  1. 19:1 Fè lwanj pou Senyè a Se yon tradiksyon pou yon mo Ebre, “Alelouya”, yo ekri l konsa ak lèt Grèk. Nan lang Ebre, li vle di, “Lwanj pou Yah”, yon ti non pou di “lwanj pou Yahweh” oubyen “Lwanj pou Senyè a”. Li v. 3, 4, 6.