Add parallel Print Page Options

Epi li pran nou, li fè nou vin yon wayòm, yon pil sakrifikatè pou Bondye, Papa li. Se pou li laglwa ak puisans ye pou tout tan gen tan! Amèn.

Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse[a] kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!

Senyè a deklare: “Mwen se Alfa ak Omega,[b] mwen se premye, mwen se dènye. Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an, sila a ki gen tout pouvwa a.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:7 pèse Lè yo te fin touye Jezi, Yo te pèse l ak yon lans bò kòt li. Gade nan Jan 19:34.
  2. 1:8 Alfa ak Omega Se premye ak dènye lèt nan alfabè lang Grèk la, sa vle di kòmansman ak finisman.