Add parallel Print Page Options

¶ Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l' konsa: Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri.

Souke kò ou, bay ti rès lavi ou rete a fòs anvan ou fin mouri nèt. Paske, mwen wè sa w'ap fè a pa fin kòrèk devan Bondye mwen an.

Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l', tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann.

Men, gen kèk moun nan nou nan lavil Sad la ki te kenbe rad yo pwòp. Y'a mache ansanm avè m' ak rad blan yo, paske yo merite sa.

Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m' devan Papa mwen ak devan zanj li yo.

Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

¶ Ekri zanj legliz ki nan lavil Filadèlfi a. Di l' konsa: Moun ki sen an, moun k'ap di verite a, moun ki gen kle wa David la nan men l' lan, moun ki lè li louvri pesonn pa ka fèmen, lè l' fèmen pesonn pa ka louvri a, men sa l' voye di ou:

Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouraj. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pesonn p'ap ka fèmen li.

Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen.

10 Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m' te mande ou pou te pran pasians lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè.

11 Anvan lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pesonn pa wete rekonpans ou nan men ou.

12 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou.

13 Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

14 ¶ Ekri zanj legliz ki nan lavil Lawodise a. Di l' konsa: Moun ki verite a, moun k'ap di verite a jan l' ye a san bay manti, li menm ki sous tou sa Bondye kreye a, men sa li voye di ou:

15 Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt.

16 Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen.

17 W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete!

18 Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè.

19 Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen peni. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.

20 Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen.

21 Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m' lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou koulye a mwen chita bò kot Papa m' ki chita sou fòtèy li a.

22 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Mesaj Jezi voye bay legliz Sad la

Ekri voye bay anj legliz Sad la. Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo di:

Mwen konnen zèv ou yo. Ou gen repitasyon moun vivan, men ou se yon moun mouri. Reveye w! Rele sou kò w pou w pa fin mouri nèt. Paske, mwen pa twouve aksyon w yo dwat devan Bondye m nan. Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.

Men, ou gen kèk moun avè w, nan Sad, yo pa sal rad yo. Y ap mache ansanm ak mwen, abiye toudeblan, paske yo merite sa. Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!

Mesaj Jezi voye bay legliz Filadèlfi a

Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.

Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen. Gade, m ap ba w moun sinagòg Satan yo. Yo di se Jwif yo ye, se pa vre: yo manti. M ap fè yo vin mete ajenou nan pye w pou adore w. M ap fè sa pou yo kapab konnen mwen renmen w. 10 Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.

11 M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou. 12 Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm[a] tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou. 13 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo.

Mesaj Jezi voye bay legliz Lawodise a

14 Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:

15 Mwen konnen aksyon w yo. Mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito w te frèt oubyen cho! 16 Konsa, poutèt se sèlman tyèd ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m ap vomi w krache voye jete. 17 Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni! 18 M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.

19 Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou! 20 Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.

21 Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a. 22 Se pou tout moun ki gen zòrèy, tande sa Sentespri voye di legliz yo!”

Footnotes

  1. 3:12 Lavil Jerizalèm Se yon lavil espirityèl kote Bondye ap viv ansanm ak pèp li a.