Add parallel Print Page Options

12 ¶ Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li.

Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l' rele.

Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.

Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt.

Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l' bò kot Bondye, bò kot fòtèy la.

Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l' manje pandan mildesanswasant (1.260) jou.

Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl.

Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo.

Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.

10 Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la.

11 Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

12 ¶ Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò.

13 Lè dragon an wè se tout bon yo te jete l' sou latè, li pran kouri dèyè fanm ki te fè pitit gason an.

14 Men, yo bay fanm lan de gwo zèl malfini pou l' te ka vole ale nan plas li nan dezè a, byen lwen sèpan an. Se la yo ba l' manje pandan twazan sis mwa.

15 Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li konmanse vonmi dlo. Dlo a fè yon gwo larivyè ki kouri dèyè fanm lan pou pote l' ale.

16 Men, latè vin bay fanm lan konkou, li louvri bouch li, li vale tout dlo ki t'ap soti nan bouch dragon an.

17 (17-18) Se pa ti move dragon an te move sou fanm lan. li al goumen avèk lòt pitit fanm lan, sa vle di ak tout moun k'ap obeyi kòmandman Bondye yo, k'ap kenbe fèm nan verite Jezi te fè nou konnen an. Apre sa, dragon an kanpe bò lanmè a.

Kw yon fi k ap akouche ak dragon an

12 Lè sa a, yon gwo siy parèt nan syèl la: Yon fi ki abiye ak solèy la, epi lalin nan te anba pye l. Li te gen yon kouwòn ki fèt ak douz zetwal sou tèt li. Li te ansent epi li t ap kriye ak doulè, paske lè pou l akouche a te rive.

Epi gen yon lòt siy ki parèt nan syèl la: Yon gwo dragon tou wouj parèt. Li te gen sèt tèt ak dis kòn epi li te gen yon kouwòn sou chak tèt. Epi li te gen dis kòn. Li ranmase yon tyè nan zetwal ki nan syèl la voye sou latè ak ke li. Dragon an kanpe devan fi k ap akouche a pou l devore bebe a touswit apre akouchman an.

Fi a fè yon pitit gason ki dwe gouvène tout nasyon sou latè ak yon baton an fè. Epi pitit la tou leve monte nan syèl al jwenn Bondye, kote twòn li ye. Fi a menm kouri al nan dezè a, l al nan yon plas ki te tou pare pou li. Nan plas sa a, l ap jwenn swen pou 1,260 jou.

Lè sa a, te gen yon batay nan syèl la. Michèl[a] ak anj li yo t ap goumen ak dragon an, epi dragon an menm, ak anj pa l yo, t ap goumen kont yo. Men yo pa t gen plis fòs, konsa pa t gen plas pou yo nan syèl la ankò. Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.

10 Apre sa, m tande yon vwa nan syèl la k ap di byen fò:

“Kounye a, jou delivrans lan rive,
    jou puisans Bondye a,
jou reny Bondye a
    ansanm ak pouvwa Kris li a,
paske akizatè frè ak sè nou yo
    ranvèse anba.
Se li menm ki te konn akize yo
    devan Bondye lajounen kou lannuit.
11 Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an
    ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo.
Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp
    pou ta fè yo pè lanmò.
12 Syèl yo, se pou n rejwi nou
    ansanm ak tout sa ki nan syèl yo!
Men sa va tèrib pou latè a ak lanmè a,
    paske dyab la ranvèse tonbe sou nou.
Li move, li an kòlè,
    paske l konnen l pa gen anpil tan ankò.”

13 Lè dragon an wè yo ranvèse l anba sou latè, li pran rapouswiv fi ki te akouche pitit gason an. 14 Men yo bay fi a de zèl gwo malfini an pou l ka vole pati ale nan dezè a, l al nan plas ki te prepare pou li a, byen lwen sèpan[b] an. Se la yo pran swen li pandan twa zan si mwa. 15 Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li vomi dlo tankou yon gwo larivyè dèyè fi a pou l te ka fini avè l. 16 Men, latè pote fi a sekou, li louvri bouch li, li anglouti gwo larivyè ki te soti nan bouch dragon an. 17 Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.

18 Dragon an al kanpe sou sab lanmè a.

Footnotes

  1. 12:7 Michèl Akanj, lidè anj Bondye yo. Li Jid 9.
  2. 12:14 sèpan Nan vèsè sa a ak nan vèsè 15 lan, Jan rele dragon an “sèpan”. Li vèsè 9 la tou; kontinye li Jen 3:1. Rev 20:2 montre sa kòm yon pati nan batay ant sèpan an ak fi a jan Bondye te di sa nan Jen 3:16.