Add parallel Print Page Options

¶ Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an.

Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.

Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.

Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa.

Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

¶ Se konsa, lè nou pa t' kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a.

Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouraj mouri pou yon nonm debyen.

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou.

Se paske li bay san li pou nou kifè koulye a Bondye fè nou gras. Nou pa bezwen mande si Kris la p'ap delivre nou tou anba kòlè Bondye.

10 Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l' te fè nou byen ak Bondye ankò. Koulye a nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.

11 Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi koulye a.

12 Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.

13 Peche te deja sou latè lontan anvan Lalwa Moyiz la. Men, paske pa t' gen lalwa, Bondye te fèmen je l' sou peche.

14 Men, soti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pa t' fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an.

15 Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou.

16 Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras.

17 Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la.

18 Se sak fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi.

19 Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun fè peche, konsa tou obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras.

20 Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.

21 Se sak fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l' te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Seyè nou an.

Bondye renmen nou anvan menm nou fè lapè avè l

Nou se moun Bondye deklare jis devan li, poutèt lafwa nou.[a] Konsa, nou tout[b] fè lapè ak Bondye pa mwayen Jezikri, Senyè nou an. Se li menm ki louvri pòt lagras Bondye n ap jwi kounye a, poutèt konfyans nou mete nan li. Se sa k fè nou kontan anpil, paske n ap tann, yon jou, pou n patisipe nan laglwa Bondye. Anplis, nou kontan anpil, menm nan soufrans yo. Paske n konnen soufrans bay pasyans. Pasyans se prèv nou se moun ki fò. Prèv sa a ban nou espwa. Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.

Tout sa se laverite, paske Kris te mouri pou nou, lè nou pa t ka fè anyen pou pwòp tèt nou. Nou t ap viv tankou moun ki pa gen okenn respè pou Bondye, men Kris te mouri pou nou, lè jou a te rive pou sa te fèt. Pa gen anpil moun k ap aksepte mouri pou sove lavi yon lòt moun, menm si se ta yon bon moun. Yon moun ta kapab dakò mouri sitou pou yon moun ki bon. Men Kris te mouri pou nou, lè nou te kontinye ap fè sa ki mal. Se konsa Bondye montre nou kijan li gen anpil lanmou pou nou.

Kounye a, sakrifis Kris la fè nou tounen moun ki jis. Konsa, nou sèten n ap sove anba kolè Bondye pa mwayen Kris la. 10 Men sa m vle di, poutèt lè nou te lènmi Bondye, li menm li te rekonsilye nou avè l pa mwayen lanmò Pitit li a, se yon rezon anplis pou nou gen garanti l ap sove nou pa mwayen lavi Pitit li a tou. 11 Se pa sèlman “yon jou n ap sove”, men depi kounye a nou santi nou rejwi poutèt sa Bondye gentan fè pou nou pa mwayen Jezikri, Senyè nou an. Se Jezi ki fè nou kapab vin zanmi Bondye kounye a.

Adan ak Kris

12 Peche te antre nan lemonn poutèt sa yon nonm te fè. Epi, poutèt peche, lanmò vini. Se poutèt sa, tout moun dwe mouri, paske tout moun fè peche. 13 Peche te gentan la anvan Lalwa Moyiz la. Men Bondye pa t pran nòt pou peche yo lè pa t ko gen lalwa. 14 Men depi sou tan Adan, rive sou tan Moyiz, lanmò ap renye sou tout moun. Adan te mouri paske l te peche lè l pa t obeyi lòd Bondye te pase l. Konsa, menm moun ki pa t fè menm kalite peche ak Adan, yo te gen pou yo mouri tou. Adan sanble ak Kris la ki te gen pou vini apre sa.

15 Men, kado Bondye bay la pa menm jan ak peche Adan an. Anpil moun mouri poutèt peche yon sèl moun, ki se Adan. Men gras Bondye bay la, li pi enpòtan anpil. Gras sa a, Bondye bay li pa mwayen yon sèl moun, Jezikri. Li bay anpil moun li san mezire. 16 Apre Adan te fin peche, li te koupab epi kondane amò. Men gras Bondye a pa menm jan. Poutèt kado Bondye bay la, anpil moun tounen moun ki dwat devan Bondye, malgre yo fè anpil peche. 17 Yon sèl moun peche, epi lanmò vin gen pouvwa sou tout moun, poutèt yon sèl moun. Men kounye a, gen anpil moun ki resevwa gras Bondye a, kado Bondye fè pou l fè moun vin jis la. Moun sa yo gen pou yo viv pou yo ka renye sou lanmò pa mwayen Jezikri.

18 Kidonk, peche yon sèl moun lakòz tout moun kondane. Se menm jan an tou, yon sèl bon bagay Kris fè a, sa fè yo tout vin jis devan Bondye. Se sa ki fè yo tout vin jis devan Bondye epi yo resevwa lavi toutbon an. 19 Yon moun te dezobeyi Bondye, sa fè anpil moun vin peche. Men se menm jan an tou, yon moun obeyi Bondye epi anpil moun ap vin jis devan Bondye. 20 Lalwa te vini, li lakòz vin gen plis fason pou moun peche toujou. Men kote peche yo vin pi plis, gras Bondye monte pi plis toujou. 21 Peche sèvi ak lanmò pou l renye sou nou. Men kounye a, gras Bondye gen pouvwa sou peche ak lanmò poutèt jistis Bondye. Epi se sa ki ban nou lavi etènèl pa mwayen Jezikri, Senyè nou an.

Footnotes

  1. 5:1 lafwa nou Oubyen “fidelite li” oubyen poutèt “fidelite Jezi”.
  2. 5:1 nou tout Kèk nan kopi Grèk ki enpòtan genyen “an n fè lapè”.