Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Finding your way around? See how the new Bible Gateway works. Take the tour.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Understand more as you read. Try Bible Gateway Plus.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
HCV
Version
Bible Books Bible Books
HCV
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Pwovèb 4  Haitian Creole Version

4 ¶ Pitit mwen yo, koute yon papa lè l'ap ban nou bon levasyon. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.

2 Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou.

3 Lè mwen te timoun piti lakay papa m', lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen.

4 Papa m' t'ap moutre m' anpil bagay. Li te konn di m': Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.

5 Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.

6 Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. renmen l', li p'ap kite anyen rive ou.

7 Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

8 renmen konesans, l'ap fè ou mache tèt wo. Kenbe l', pa lage l'. L'a fè yo respekte ou.

9 Se va yon bèl bagay pou ou, tankou yon kouwòn sou tèt ou. Se va yon lwanj pou ou kote ou pase.

10 Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.

11 Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.

12 Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.

13 Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.

14 ¶ Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo.

15 Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.

16 Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.

17 Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.

18 Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.

19 Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.

20 ¶ Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.

21 Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.

22 Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.

23 Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

24 Pa janm kite manti soti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.

25 Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan.

26 Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.

27 Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.

Next
Pwovèb 3
Pwovèb 5
Next
dropdown
Haitian Creole Version (HCV)

by United Bible Societies

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway