Font Size
Matye 22:34-40
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 22:34-40
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ki kòmandman ki pi Empòtan?
(Mak 12:28-34; Lik 10:25-28)
34 Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. 35 Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: 36 “Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?”
37 Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.(A) 38 Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w[a] menm jan ak pwòp tèt pa w.(B) 40 Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.”
Read full chapterFootnotes
- 22:39 pwochen w Oubyen “Lòt moun”. Sa Jezi ansye nan Lik 10:25-37 montre aklè sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International