Font Size
Matye 21:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 21:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj[a] pou Pitit David la!
Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a!(A)
Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”
10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”
11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”
Read full chapterFootnotes
- 21:9 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè louwanj pou Bondye oubyen pou Mesi li a.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International